Al gade sa k anndan l

Yo anpeche l touye tèt li anlè Sky Tower a

Yo anpeche l touye tèt li anlè Sky Tower a

Graham Browne se yon Temwen Jewova ki gen 80 ane. Li te ede konvenk yon mesye ki gen pwoblèm mantal. Mesye a te monte anlè yon gwo bilding yo rele Sky Tower, ki mezire 328 mèt, ki nan Auckland nan Nouvèl Zelann, pou l lage kò l anba. Men sa Graham te di: “Lè mesye a te mande pou l pale ak yon Temwen Jewova, lapolis te rele m pou yo mande m si m te ka bay èd mwen.”

“Moun k ap travay nan bilding Sky Tower a te ban m yon senti sekirite pou pwoteje m e yo tache Bib mwen an nan yon kòd ki byen long. Apre sa, lapolis mennen m sou do bilding nan, ki 192 mèt wotè. Gen yon van glase ki t ap frape Sky Tower a. Mesye ki te menase pou l lage kò l anba a pa t chita twò lwen m nan ti espas pou moun mache arebò tèt bilding nan, de pye l te pandye anba.

“Mwen te di l byen fò m se yon Temwen Jewova e m te vle ede l. Ansuit, mwen te fè yon priyè nan kè m, mwen te ouvè Bib mwen e m te kòmanse pale avè l.

“M te pale sou lavi a ki sakre. Se sou sijè sa a m te bay yon diskou nan yon Sal Wayòm sa pa t gen lontan.

“Mwen te di l: ‘Bondye ban nou anpil valè e li ban nou lavi kòm yon bèl kado. Li t ap bon si w montre l ou bay kado sa a anpil valè, pa vre? Tanpri, vin dèyè griyaj pwoteksyon an pou w ka an sekirite.’

“Mwen te li plizyè vèsè nan Bib la, tankou Jan 3:16, ki di: ‘Paske, Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.’

“M te di l: ‘Ebyen, Bondye renmen w e l vle w viv.’

“Toudabò, sanble mesye a pa t okipe m. Se sa k fè m te priye Jewova nan kè m pou m mande l ede m konvenk li pou l pa lage kò l anba. Finalman, li te leve tou piti e li te vin pi pre m. Li te kontrarye anpil.

“Li te di m: ‘Dènyèman, Temwen Jewova yo te vin lakay mwen men, m te kouri dèyè yo. Mwen santi m pa t byen aji. Èske w ap padone m, silvouplè?’

“Mwen te reponn li yon jan pou m ankouraje l: ‘Anfèt, gen kèk nan nou ki te reyaji konsa anvan yo te vin Temwen. Ou mèt gen asirans Jewova ap padone w.’

“Li te di: ‘Mèsi, sa retire yon gwo chay nan lespri m.’

“M te di l ankò: ‘Ou konnen, m vrèman pè pou ou. Mwen gen yon senti sekirite, men si w glise, w ap pèdi lavi w. Sa ap fè Jewova tris anpil. Donk, tanpri, vin dèyè griyaj la pou w ka an sekirite.’

“Mwen te ka wè jan l te vin pi kalm. Li te reponn byen dousman. ‘Oke, m ap vini.’

“Li te retounen sou platfòm kote moun yo gendwa kanpe pou gade vil la, epi lapolis te mete l an sekirite san pran tan. Pale a te dire anviwon inèdtan.”

Temwen Jewova yo gen bonjan sousi pou moun, sitou pou moun ki nan detrès yo. Toupatou sou tè a, yo sèvi ak Bib la pou yo ede moun yo gen espwa e pou yo ba yo konsolasyon, yon fason pou yo ka gen asirans Bondye vrèman enterese nan yo.