Al gade sa k anndan l

Y ap travay kòtakòt ak Temwen Jewova yo nan Wòwik

Y ap travay kòtakòt ak Temwen Jewova yo nan Wòwik

Gen anpil moun ki kontan wè bèl etadespri ki egziste pami volontè k ap travay sou chantye Wòwik la. Men sa direktè yon konpayi ki te enstale asansè yo te di youn nan volontè yo: “Moun nan ekip ou a ap fè yon bèl travay. Jodi a, pifò moun pa itilize tan yo pou travay kòm volontè.”

Lè li menm ak kèk lòt moun te aprann pifò moun k ap travay nan konstriksyon syèj mondyal Temwen Jewova yo ki nan Wòwik, Nouyòk, se volontè, yo te panse se sèlman nan wikenn Temwen nan zòn nan t ap travay. Yo te sezi lè yo te rankontre kèk moun ki kite travay yo e ki sot toupatou nan peyi a pou vin fè plizyè mwa oswa menm plizyè ane ap travay sou pwojè a.

Rive nan fen ane 2015, gen anviwon 23 000 Temwen ki te travay kòm volontè nan Wòwik ansanm ak manm fanmi Betèl Etazini. Anplis de sa, gen anviwon 750 moun ki pa Temwen Jewova ki te travay sou chantye a yon fason pou ede n respekte delè nou fikse pou pwojè a. Lefètke moun sa yo ap travay kòtakòt ak Temwen Jewova yo, sa fè gwo enpresyon sou anpil nan yo.

Yon bèl anbyans

Men sa direktè yon konpayi ki konn fè fenèt ak mi tou fabrike te ekri: “Tout moun nan konpayi nou an k ap travay sou pwojè sa a vrèman enpresyone lè yo wè jan lòt moun k ap travay avè yo gen bèl konpòtman. Anpil nan nou vle travay sou pwojè a poutèt sa.”

Gen yon lòt konpayi ki ede n jwenn moun pou bati gwo chapant pou bilding rezidans yo. Lè kontra konpayi a te fini, gen twa nan anplwaye yo ki te vle kontinye travay sou chantye Wòwik la. Yo te kite travay yo e yo t al travay pou yon lòt konpayi ki te toujou ap travay sou chantye a.

Fason Temwen yo demontre kalite kretyen yo gen yon efè pozitif sou kèk moun k ap travay sou chantye a. Apre yon mesye k ap travay nan konpayi ki te fouye fondasyon pou bilding yo te fin fè kèk mwa ap travay sou chantye Wòwik la, madanm li te rann li kont li fè gwo chanjman nan fason l konpòte l ak fason l pale lè l nan kay la. Madanm nan te tèlman kontan, li te di: “Li vrèman difisil pou m konn se li!”

“Medam ki Temwen yo ap vini”

Anpil nan Temwen ki travay sou chantye a se fi. Yo pa la sèlman pou kondui bis, netwaye chanm oswa travay kòm sekretè, men tou, yo konn dirije machin yo, kondui gwo pwalou ak kamyon, ranje gwo kab fil, enstale tiyo, enstale plafon, fè plonbri ak koule beton. Yo travay di anpil.

Gen yon moun ki pa Temwen k ap travay sou twati bilding yo ki remake lè mari yo ak madanm yo fin desann bis yo, gen kèk nan yo ki konn kenbe men youn lòt pandan y ap mache pou y al travay. Sa te touche l. Anplis de sa, li te wè medam yo ap travay san rete sou chantye a. Men sa l di: “Premye bagay ki ka vin nan lespri yon moun sèke medam yo jis akonpaye mari yo. Men, lè lè pou travay la rive, medam yo travay toutbon! M gentan travay sou anpil chantye konstriksyon toupatou nan Nouyòk, men, m poko janm wè yon bagay konsa.”

Sezon ivè ane 2014/2015 lan te vrèman difisil, konsa, yon moun te ka gen tandans ret lakay li olye l vin fè tout yon jounen ap travay deyò nan yon fredi ki rèd anpil. Men sa Jeremy, yon Temwen ki te travay kòm sipèvizè konstriksyon an, sonje: “Yon lè, sitou nan jou ki te frèt anpil yo, gen yon mesye ki t ap travay pou youn nan konpayi ki t ap fouye fondasyon an ki te mande m: ‘Èske medam nou yo ap vin travay demen?’

M te reponn: “‘Wi.’

Li te di: “‘Menm medam ki kanpe deyò pou dirije machin yo?’

M te di l: “‘Wi.’

“Annapre, li te fè m konnen li di mesye ki nan ekip li a yo dwe vin travay paske menm medam ki Temwen yo ap vini!”

Chofè bis yo te renmen travay yo

Gen plis pase 35 chofè bis, fi kou gason, ki te anplwaye pou fè ale vini pou mennen volontè yo sou chantye Wòwik la.

Anvan yon vwayaj, gen yon chofè ki te kanpe epi l vire gade moun ki nan bis la. Li te di yo: “M renmen kondui nou nou menm Temwen. Tanpri, voye yon imel bay patwon m nan pou n di l kite m kontinye kondui sou wout sa a. Grasa nou, m aprann anpil bagay nan Bib la. Anvan m te rankontre nou, m pa t konn non Bondye ni m pa t konn si t apral gen yon paradi sou tè a. Kounye a, m pa pè lanmò ankò. Se vrèman yon bèl eksperyans sa ye pou mwen. N ap wè m nan Sal Wayòm nan pwochen fwa m an vakans.”

Men sa yon sè ki rele Damiana, ki t ap travay sou chantye Wòwik la, te di: “Yon jou, apre n te fin monte bis la, chofè nou an te fè n konnen li gen yon bagay li vle di nou. Li te fè n konnen li gentan kondui 4 000 Temwen sou plizyè nan chantye nou yo nan Nouyòk. Li te di: ‘Tout moun gen ti defo yo, men nou menm, nou aprann pase sou ti pwoblèm nou yo e n ap travay kòtakòt. Se yon bèl bagay.’ Anplis de sa, li di li renmen pale avè n.

“Apre l te fin pale, gen youn nan sè yo ki te mande l: ‘Èske w renmen lè n ap chante?’

“Li te ri ak tout kè l epi l di: ‘Wi! Èske n ka kòmanse ak kantik 134 la? *’”

^ § 22 Kantik 134 nan liv Ann chante pou Jewova a gen tit: “Èske w ap la lè tout bagay vin nèf?” Li esplike jan moun ki pral viv nan monn nouvo Bondye a pral gen lajwa.