Al gade sa k anndan l

Twazyèm albòm foto Warwick yo (Soti janvye pou rive avril 2015)

Twazyèm albòm foto Warwick yo (Soti janvye pou rive avril 2015)

Nan albòm foto sa a, gade ki jan travay la t ap avanse nan nouvo syèj mondyal Temwen Jewova yo soti janvye pou rive avril 2015.

Imaj ki montre ki jan bilding Warwick yo pral ye lè yo fini, soti anwo agoch al adwat, epi remonte agoch:

  1. Bilding ki gen garaj yo

  2. Pakin vizitè yo

  3. Bilding mentnans lan/Pakin Betelit yo

  4. Rezidans B

  5. Rezidans D

  6. Rezidans C

  7. Rezidans A

  8. Bilding ki gen biwo yo ak lòt sèvis yo

2 janvye 2015 — Bilding ki gen garaj yo

Harold Corkern, youn nan frè k ap travay nan Komite edisyon an e k ap ede Kolèj santral la k ap bay yon diskou ki baze sou Bib la ki ten tèm: “Itilize tout kapasite w genyen.” Oratè yo vizite Warwick regilyèman pou yo ankouraje moun k ap travay yo.

14 janvye 2015 — Bilding ki gen biwo yo ak lòt sèvis yo

Gwo prela blan ki kouvri tout bilding nan pwoteje frè ak sè k ap travay yo e l pèmèt yo kontinye travay pandan sezon ivè. Nan pati sa a nan bilding nan, ap gen salamanje a, enfimri a, kizin nan ak biyandri a.

16 janvye 2015 — Rezidans D

Elektrisyen yo ap prepare yo pou yo pase kab yo. Yo deja mete plis pase 12 000 mèt kab nan bilding ki gen rezidans yo. Travay elektrik yo te kòmanse kou yo te fin achte teren yo e l ap kontinye jiskaske pwojè a fini.

16 janvye 2015 — Rezidans A

Yon moun k ap mete tep pou l prepare yon balkon pou fè l vin enpèmeyab. La a, sou balkon etaj ki anwo yo, yo mete kouch polimetil metakrilat (PMMA) ki se yon pwodui ki pa kite dlo travèse l yo ka aplike byen rapidsou pati y ap fè vin enpèmeyab la.

23 janvye 2015 — Rezidans A

Yon papa ak pitit fi l k ap travay ansanm pou yo pase kab elektrik ki pral voye kouran nan chak rezidans yo.

6 fevriye 2015 — Bilding ki gen garaj yo

Lè moun k ap travay yo grangou, y al manje nan salamanje pwovizwa a. Chak jou, yo sèvi plis pase 2 000 repa.

12 fevriye 2015 — Bilding mentnans lan/Pakin Betelit yo

Ekip k ap met bilding nan kanpe a ap fè ferayaj pou besment atelye mentnans yo.

12 fevriye 2015 — Rezidans C

Lèt yon seri timoun ekri pou montre rekonesans yo pou frè ak sè k ap travay nan konstriksyon yo. Anpil nan volontè yo travay pou yon ti tan. An reyalite, gen anviwon 500 nouvo moun ki vin travay sou chantye a chak semèn. Nan mwa fevriye a, te gen anviwon 2 500 moun ki t ap travay Warwick chak jou.

24 fevriye 2015 — Warwick

Anviwon 60 pousan nan pwojè a gentan fini kounye a. Ant mwa janvye ak mwa avril 2015, tout pati bilding ki gen rezidans yo, separasyon metalik Biwo yo ak bilding ki gen sèvis Betèl yo te fini. Pandan epòk sa a, yo te kòmanse enstale mi an beton yo nan bilding mentnans lan, yo te yo konstui ale ki relye rezidans yo, epi yo te fè yon pase men nan baraj ki nan Sterling Forest Lake la (Blue Lake).

25 fevriye 2015 — Bilding ki gen biwo ak lòt sèvis yo

Yon Foto yo pran nan dènye mach eskalye yon bilding. Yon seri kontraktè te bati fòm bilding senk etaj sa yo, e volontè Temwen yo te koule beton yo.

26 fevriye 2015 — Bilding mentnans lan/Pakin Betelit yo

Ferayè yo k ap met fè nan premye etaj la yon jou ki te fè frèt anpil. Te gen prèske 127 santimèt nèj ki te tonbe Warwick ant janvye ak mas. Ekip k ap retire nèj sou chantye a te kenbe kote moun yo ap travay la pwòp, e yo te enstale aparèy chofaj pou moun yo.

12 mas 2015 — Pakin vizitè yo

Yo met fèy metalik sou chapant do kay ki tou fèt yo. Bò zòn fen avril yo, pifò do kay bilding rezidans yo te pare e yo te enstale yo. Y ap fin enstale dènye do kay rezidans B a nan mitan mwa jen.

18 mas 2015 — Bilding mentnans lan/Pakin Betelit yo

Foto rezidans B a apati kabin yon aparèy yo leve gwo pwa lou.

18 mas 2015 — Bilding mentnans lan/Pakin Betelit yo

Plonbye yo k ap egzamine plan yo nan garaj pakin Betelit yo. Yo bezwen plis pase 3 400 plan konsa pou tout pwojè a.

23 mas 2015 — Bilding ki gen biwo yo ak lòt sèvis yo

Y ap enstale yon prela an plastik pou pwoteje bilding nan sou yon nechèl mekanik. Yo fè yon pakèt seminè pou yo asire sekirite moun k ap itilize machin ki leve pwa lou oswa lòt gwo ekipman ankò. Nan kou sekirite sa yo, yo montre moun yo itilize nechèl mekanik, liftè, gwo aparèy pou leve pwa lou, ekipman ki anpeche moun tonbe, aparèy pou moun respire, ak fason pou yo fè siy sikilasyon sou chantye a.

30 mas 2015 — Warwick

Foto pati lwès bilding ki gen rezidans yo. Jan foto sa a montre sa, bò zòn fen avril yo, te gen anpil travay mekanik ak travay elektrik ki t ap fèt nan Rezidans A, B ak D. Nan Rezidans C (ki pa parèt nan foto sa a), yo te deja kòmanse ak travay krepisaj, seramik, ak penti.

15 avril 2015 — Rezidans B

De moun ki sou yon nechèl makanik k ap aplike yon pwodui kont imidite sou mi deyò bilding nan. Sa pran anviwon de mwa pou yo mete pwodui sa a sou chak bilding rezidans.

27 avril 2015 — Bilding ki gen biwo yo ak lòt sèvis yo

Yon seri mason k ap fè yon mi ak wòch granit. Pati sa a nan bilding nan pral gen kote pou yo resevwa livrezon ak anpil lòt biwo k ap bay diferan sèvis.

30 avril 2015 — Warwick

Yon plonjè ki vini espesyalman pou l ranplase yon valv nan lak yo rele Blue Lake la. Konsa, y ap sèlman peze yon bouton pou yo bese nivo lak la pou evite inondasyon lè gen siklòn.