Al gade sa k anndan l

Ki kote Temwen Jewova yo jwenn lajan pou yo fè travay y ap fè a?

Ki kote Temwen Jewova yo jwenn lajan pou yo fè travay y ap fè a?

 Se sitou ofrann volontè Temwen Jewova yo fè ki pèmèt nou jwenn lajan pou travay n ap fè toupatou sou tè a. a Gen bwat ofrann yo mete disponib pou sa nan lokal kote nou reyini yo e gen kèk lòt fason moun ka fè ofrann ki parèt nan paj Ofrann sou sit entènèt nou an. Nan paj entènèt sa a, nou bay plizyè opsyon konsènan fason yon moun ka fè ofrann pou travay mondyal la, pou depans lokal yo oswa pou toule de.

 Yo pa mande Temwen Jewova yo peye ladim oswa pou yo bay yon pousantaj oubyen yon kantite lajan byen presi nan lajan yo rantre (2 Korentyen 9:7). Nou pa fè lakòlèt e n pa mande moun peye pou yo asiste reyinyon nou yo, nitou frè responsab yo pa mande moun yo lajan lè pou yo fè batèm, antèman, maryaj oswa yon lòt sèvis relijye. Nou pa òganize aktivite pou n antre kòb tankou kèmès, vant charite, dine, raf, vann bonbon, oswa lòt evènman menm jan an e nou pa mande moun fè don. Lè yon moun chwazi bay, yo pa pataje enfòmasyon konsènan moun sa a bay lòt moun, ni yo pa mete enfòmasyon konsa disponib pou tout moun wè ki moun ki bay (Matye 6:2-4). Sou sit nou an e nan piblikasyon nou yo, nou pap wè okenn reklam k ap pèmèt nou antre kòb.

 Chak mwa, nan chak kongregasyon, yo li rapò kont kongregasyon an nan reyinyon nou fè, kote nenpòt moun ka asiste. Nou verifye kont chak kongregasyon regilyèman pou n ka asire n yo byen itilize ofrann moun yo fè. — 2 Korentyen 8:20, 21.

Fason w ka fè ofrann

  •   Bwat ofrann yo: Ou ka mete lajan kach oswa chèk nan bwat ofrann ki nan Sal Wayòm yo, Sal asanble yo oswa nan lòt lokal kote nou reyini.

  •   Sou entènèt: Nan anpil peyi, ou ka al sou paj entènèt “Donate to Jehovah’s Witnesses” la pou w fè yon ofrann pa mwayen kat kredi, kat debi, transfè bankè, ak lòt mwayen elektwonik. b Gen kèk Temwen Jewova ki chwazi “mete yon ti bagay apa” chak mwa lè yo tou pwograme kantite ofrann y ap fè regilyèman pa mwayen youn nan metòd sa yo. — 1 Korentyen 16:2.

  •   Ofrann planifye: Gen kèk metòd ofrann ki mande pou n planifye alavans e/oswa ki mande pou n chèche konnen sa lalwa di sou yo. Ofrann planifye sa yo ka pèmèt nou benefisye kèk avantaj sou taks nan peyi nou. Gen anpil moun ki pwofite jwenn bonjan enfòmasyon sou ofrann planifye yo ka fè pandan yo vivan oswa k ap aplikab lè yo mouri. Tanpri, kontakte filyal Temwen Jewova yo ki nan peyi w la pou w jwenn plis enfòmasyon sizoka w ta renmen fè yon ofrann ki enplike:

    •   kont bankè

    •   asirans vi ak pansyon

    •   byen imobilye

    •   aksyon, bon ak obligasyon

    •   testaman ak jesyon byen

 Pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou metòd pou w fè ofrann ki disponib pou zòn ou an, tanpri ale sou paj “Donate to Jehovah’s Witnesses” la.

a Gen moun ki pa Temwen ki pran plezi fè ofrann tou pou soutni travay n ap fè a.

b Pou n ka jwenn plis enfòmasyon, gade videyo Demonstrasyon sou fason pou n fè ofrann sou Entènèt la.