Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

FASON N ITILIZE OFRANN NOU YO

Biwo tradiksyon yo ede plizyè milyon moun toupatou sou tè a

Biwo tradiksyon yo ede plizyè milyon moun toupatou sou tè a

1ye MAS 2021

 Plis pase 60 pousan ekip tradiksyon nou yo ki travay aplentan travay nan yon biwo tradiksyon olye yo travay nan yon biwo filyal. Ki avantaj sa genyen? Ki zouti tradiktè yo k ap travay nan yon biwo tradiksyon bezwen pou yo byen fè travay yo? Ki efè zòn kote ekip tradiksyon an ap tradui a genyen sou tradiksyon an?

 Yon biwo tradiksyon pèmèt tradiktè yo rete nan zòn kote anpil moun pale lang y ap tradui a. Men sa Karin, yon tradiktè ki tradui piblikasyon ann alman senplifye fè konnen: “Depi lè nou te deplase vin nan biwo tradiksyon an ki nan vil Cuauhtémoc, Chihuahua, nan peyi Meksik, nou toujou ap pale alman senplifye, ni ak lòt tradiktè, ni lè n ap preche, ni lè n al achte. Donk, tout moun nan antouraj nou ap pale alman senplifye. Nou tande kèk ekspresyon nou gen lontan nou pa tande e n aprann nouvo mo moun yo itilize.”

 James, ki travay avèk ekip tradiksyon lang frafra nan peyi Gana, admèt gendelè li sonje bon ti moman l te konn pase avèk fanmi betèl ki nan filyal la. Men, li di: “M vrèman renmen travay nan biwo tradiksyon an. Sa touche kè m lè m preche nan lang moun nan zòn nan pale e lè m wè jan moun yo reyaji parapò ak bon nouvèl la.”

 Ki jan frè yo rive deside ki kote pou yo mete yon biwo tradiksyon? Men sa Joseph, yon frè k ap travay nan Biwo mondyal pou plan ak konstriksyon nan Wòwik, Nouyòk, Ozetazini di: “Youn nan difikilte nou rankontre se lefètke gen zòn ki pa toujou gen kouran, ki gen pwoblèm dlo oswa ki pa gen Entènèt ki ase rapid pou resevwa fichye tradiksyon yo. Donk, lè n ap deside nan ki zòn pou n mete yon biwo tradiksyon, nou konn konsidere ant plizyè kote yo pale lang nan.”

 An jeneral, li pran mwens tan e l koute mwens lajan si n fè biwo tradiksyon an nan yon sal asanble, nan yon sal wayòm oswa nan yon kay misyonè ki disponib, konsa tradiktè yo ka dòmi yon lòt kote e yo vin travay chak jou. Si pa gen yon espas konsa ki disponib, frè yo konn jwenn apwobasyon pou yo achte kèk apatman ki gen espas biwo pou tradiktè yo travay e pou yo rete. Si bezwen ekip tradiksyon an vin chanje pi devan, yo ka toujou vann espas sa yo e sèvi ak lajan sa a pou yon lòt bezwen.

Yo byen ekipe pou yo kontinye travay

 Pandan ane sèvis 2020 an, nou te depanse 13 milyon dola ameriken pou biwo tradiksyon yo kontinye fonksyone. Ekip yo bezwen òdinatè, kèk aplikasyon espesyal, aparèy pou yo fè anrejistreman, Entènèt, ak lòt bagay ki nesesè tankou dlo ak kouran. Pa egzanp, li koute anviwon 750 dola ameriken pou n rive fè chak manm nan ekip la jwenn sa yo bezwen pou yo fè travay yo. Nonsèlman òdinatè sa yo ekipe ak plizyè lojisyèl nou achte, men tou yo ekipe ak Watchtower Translation System nan, ki se yon aplikasyon ki ede tradiktè yo òganize travay yo e ki ede yo jwenn referans yo bezwen yo byen fasil.

 Epitou, tradiktè yo resevwa aparèy ki pèmèt yo anrejistre odyo nan biwo yo. Aparèy sa yo te vrèman itil lè pandemi kowonaviris la te kòmanse piske tradiktè yo te ka al lakay yo ak aparèy yo, konsa yo te ka kontinye anrejistre odyo pou piblikasyon nou yo ak videyo yo.

 Gen volontè ki rete nan zòn ki gen yon biwo tradiksyon, yo pote èd yo lè yo li epi yo fè kòmantè sou tradiksyon yo, epitou, yo ede kenbe lokal la pwòp. Men sa yon sè ki rele Cirstin k ap sèvi nan yon biwo tradiksyon lang afrikaans nan vil Kap Tòn ann Afrik disid di: “Gen anpil pwoklamatè ak pyonye pèmanan ki gen opòtinite travay isit la.”

 Se yon gwo privilèj sa ye pou volontè yo. Men sa yon sè k ap ede nan yon biwo tradiksyon di: “Se pa ti ankourajan sa ye.” Gen kèk frè ak sè ki rete nan zòn kote ki gen yon biwo tradiksyon ki bay vwa yo pou anrejistreman yo. Men sa Juana, yon tradiktè lang totonac nan eta Veracruz, nan peyi Meksik di: “Kounye a, piske nou pi pre vil kote yo pale lang nou an, gen plis frè ak sè pou ede nan anrejistreman odyo ak videyo yo.”

 Men, èske biwo tradiksyon yo ede nou fè yon pi bon tradiksyon? Anpil nan plizyè milyon moun ki li piblikasyon nou yo di wi. Men sa Cédric, yon frè k ap travay avèk ekip ki tradui lang kongo nan Repiblik Demokratik Kongo di: “Gen kèk frè ak sè ki te konn di fason nou tradui piblikasyon nou yo se ‘kongo pou piblikasyon Watch Tower yo,’ paske an jeneral se pa konsa moun pale. Men kounye a, yo di nou tradui yon fason moun yo pale chak jou.”

 Andile, yon frè k ap travay avèk ekip ki tradui lang sosa ann Afrik disid di li konn tande prèske menm bagay la tou. Men sa l di: “Anpil moun di n yo wè yon diferans nan fason n tradui a. Menm jèn ki te konn li Toudegad la ann anglè, kounye a, yo li l nan lang sosa. Sa yo pi renmen an se jan Tradiksyon monn nouvo a tradui yon fason ki natirèl.

 Se grasa ofrann moun fè pou soutni travay mondyal la nou rive kouvri depans pou n tabli biwo tradiksyon yo, pou n fè antretyen ladan yo e pou n kontinye gen moun ki travay ladan yo. Anpil moun fè ofrann sa yo sou donate.dan124.com.