Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

FASON N ITILIZE OFRANN NOU YO

Chèn satelit JW a rive kote Entènèt pa rive

Chèn satelit JW a rive kote Entènèt pa rive

1YE AVRIL 2021

 Chak mwa nou pa ka tann pou n gade pwogram espirityèl ki soti sou Tele JW. Men, anpil nan frè ak sè n yo ann Afrik pa ka gade pwogram sa yo sou Entènèt. Sa k fè sa?

 Anpil zòn ann Afrik pa gen aksè ak Entènèt. Souvan, menm zòn kote moun yo gen aksè, Entènèt la lan e li chè anpil. Pa egzanp, li te koute yon siveyan sikonskripsyon 16 dola ameriken a, ki plis pase sa kèk moun touche nan yon semèn, pou l telechaje yon pwogram Tele JW ki soti chak mwa yo.

 Malgre difikilte sa yo, kounye a anpil moun gen posiblite gade pwogram Tele JW yo san yo pa bezwen Entènèt. Ki jan yo rive fè sa?

 Depi 2017, pa mwayen yon chèn televizyon satelit, pwogram Tele JW yo te vin disponib pou moun k ap viv nan zòn sid dezè Saara a. Chèn sa a gratis e li disponib 24 èdtan pa jou, 7 jou pa semèn nan 16 lang diferan.

An 2018, kèk frè k ap ajiste antèn satelit JW a nan yon Sal Wayòm.

 Pou Temwen Jewova yo rive fè sa, yo peye yon konpayi televizyon pou yo pase pwogram nou yo pa mwayen satelit. Satelit yo itilize a gen kapasite pou moun k ap viv nan 35 peyi nan zòn sid dezè Saara a gade chèn sa a. Sèvis sa a koute plis pase 12 000 dola chak mwa. Detanzantan, frè yo peye plis lajan toujou pou konpayi a pase kèk pwogram ki fèt an dirèk sou yon lòt chèn. Sa pèmèt plizyè moun suiv kongrè nou yo ak lòt pwogram espesyal yo konn fè lè gen vizit filyal.

An 2018, yon gwoup ki travay ak Biwo lokal pou plan ak konstriksyon nan peyi Malawi k ap gade Chèn satelit JW a.

 Anpil moun, menm moun ki pa Temwen, gade Chèn satelit JW a lakay yo sou yon televizyon. Men, anpil frè ak sè pa gen mwayen pou yo achte aparèy yo bezwen pou yo gade chèn satelit la. Pou ede yo, gen plis pase 3 670 Sal Wayòm yo ekipe avèk aparèy ki nesesè pou frè ak sè yo gade Tele JW nan sal yo. Si Sal Wayòm nan deja gen yon televizyon oswa yon pwojektè, li koute anviwon 70 dola pou yo achte sa ki nesesè pou yo fè enstalasyon an, sa ki gen ladan l pri livrezon an. Sinon, ekipman sa yo ka koute jiska 530 dola.

 Frè n ak sè n yo renmen chèn nan anpil. Men sa yon ansyen nan peyi Kamewoun di: “Pou fanmi n, se tankou lamàn nan mitan dezè a.” Men sa Odebode, yon frè nan peyi Nijerya di: “Nou gade chèn nan twa fwa pa semèn an fanmi. Pitit mwen yo vrèman renmen ti moman sa yo. Nan kèk okazyon lè n ap gade yon lòt chèn, yo konn menm mande n chanje l pou yo gade pwogram Tele JW yo.” Men sa Rose, k ap viv nan peyi Nijerya tou, fè konnen: “M kontan di nou, kounye a olye m ret ap fè nouvèl toutan, se Chèn satelit JW a mwen gade. Lè se nouvèl m te gade, m te konn santi m fache pou nenpòt ti krik ti krak akoz sa m te wè yo, epitou tansyon m te konn monte. Men, Tele JW vrèman ankouraje m e li fè m santi m anpè. Se chèn prefere m. Se yon gwo benediksyon Jewova ban m.”

Yon fanmi nan peyi Malawi k ap gade yon videyo ki pou timoun sou chèn satelit nou an.

 Selon rapò yon siveyan sikonskripsyon nan peyi Mozanbik, frè yo te enstale satelit nan kèk Sal Wayòm nan sikonskripsyon l lan pou frè ak sè yo ka gade pwogram Tele JW yo. Li di frè ak sè ki nan kongregasyon sa yo konn rive inèdtan anvan reyinyon an pou yo gade Tele JW pa mwayen satelit.

An 2018, yon kongregasyon nan peyi Etyopi te gade pwogram Tele JW ki fèt chak mwa a san yo pa t bezwen sèvi ak Entènèt.

 An 2019, nan kongrè entènasyonal ki te fèt nan vil Jowanèsbou ann Afrik disid, yo te itilize chèn nan pou yo transmèt kèk diskou pou frè ak sè nan nèf lòt lokal, sa ki gen ladan l diskou manm Kolèj santral yo te fè. Men sa Sphumelele, yon frè k ap travay nan Depatman Broadcasting nan filyal Afrik disid la di: “Anvan sa, nou t ap oblije transmèt diskou yo pa mwayen Entènèt. Sa vle di nou t ap bezwen bon Entènèt e n t ap bezwen peye pou plan an. Chèn satelit la te koute mwens e li te pi fyab.”

 Grasa ofrann nou fè pou soutni travay mondyal la, anpil nan frè ak sè n yo ann Afrik gen posiblite gade pwogram Tele JW yo pa mwayen satelit. Nou di nou mèsi anpil pou ofrann nou fè sou donate.dan124.com.

a Chak fwa nou pale de dola nan atik sa a, se dola ameriken.