Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa ansyen so yo te ye menm?

Ki sa ansyen so yo te ye menm?

 So yo te piti, yo te konn itilize yo pou mete mak sou yon bagay, an jeneral sou yon moso ajil oswa sou yon moso lasi. So yo te gen diferan fòm, tankou kare, silenn, kònèt ak fòm tèt zannimo. Mak moun te itilize nan so yo te kapab endike kiyès ki pwopriyetè yon bagay oswa yo te itilize l pou yo valide yon dokiman, epi yo te kapab mete yo pou moun pa ouvri yon valiz oswa ouvri antre yon espas san moun pa konnen, tankou yon pòt oswa papòt yon tonm.

Men yon so wa Dariyis ki gen fòm yon silenn oswa yon woulo, ki montre wa a ki lachas ak yon plak ann ajil ki montre fason so a enprime mak la.

 Yo te fabrike so yo ak diferan materyo tankou zo, wòch kalkè, bwa, metal, oswa pyè ki pa gen twòp valè. Pafwa yo te konn enskri non mèt so a ak non papa l sou li. Gen kèk so ki te konn gen tit mèt so a enskri sou yo.

 Pou valide yon dokiman, mèt so a te konn peze so a sou yon bagay ki mou tankou yon moso ajil oswa yon moso lasi yo te poze sou dokiman an (Jòb 38:14). Apre sa, moso ajil la oswa moso lasi a t ap vin di yon fason pou lòt moun pa ka ouvri dokiman an pou defòme mesaj ki ladan lan.

Yo te konn itilize so pou bay moun otorite

 Yo te konn bay yon lòt moun yon so, pou bay moun sa a menm otorite mèt so a genyen. Yon egzanp nan sans sa a se lè Farawon, yon wa nan peyi Ejip, te bay Jozèf, yon ebre ki pitit gason patriyach Jakòb, so li a. Jozèf te yon esklav nan peyi Ejip. Kèk tan annapre, yo te mete l nan prizon yon fason ki enjis. Rive yon lè, Farawon te fè lage l e li te mete Jozèf nan pozisyon premye minis peyi a. Men sa Bib la di: “Lè sa a, Farawon retire bag li konn poze so a nan men l, li mete l nan men Jozèf.” (Jenèz 41:42). Piske li te resevwa bag Farawon konn poze so ofisyèl li a, Jozèf te vin gen otorite pou l te fè travay Farawon te ba l fè a.

 Jezabèl, yon rèn ann Izrayèl, te itilize so Ahab, mari l la, nan yon konplo li te fè pou l fè asasinen yon mesye yo rele Nabòt. Li te ekri plizyè lèt sou non mari l la voye bay kèk ansyen pou l mande yo pou yo lage akizasyon sou Nabòt kòmkwa l ap pale Bondye mal. Li te sèvi ak so wa a nan lèt yo e l te reyisi nan zak mechanste l la. — 1 Wa 21:5-14.

 Wa peyi Pès la anpalan de Asyeris te itilize yon bag li te konn poze so yon fason pou l apwouve lòd ofisyèl li yo. — Estè 3:10, 12.

 Neyemi, youn nan moun ki te ekri Bib la esplike jan prens izrayelit yo, Levit yo ak prèt yo te bay apwobasyon yo pa mwayen pwòp so yo sou yon dokiman yo te ekri alyans yo te fè a. — Neyemi 1:1; 9:38.

 Bib la mansyone de okazyon kote yo te sèvi ak yon so pou yo te anpeche moun deplase yon wòch yo te mete pou bare yon antre. Lè yo te lage pwofèt Dànyèl nan twou lyon an, yo te vin ak yon wòch pou yo te mete l sou bouch twou a. Men sa Bib la di Dariyis, yon wa peyi Medi ak peyi Pès la te fè: “Wa a te met so sou wòch la ak bag li konn poze so a ansanm ak bag gwo potanta l yo, yon fason pou yo pa ka chanje desizyon yo te pran kont Dànyèl la.” — Dànyèl 6:17.

 E men sa Bib la di konsènan lè ènmi Jezi yo te depoze kò l nan tonm nan: “Yo sele wòch ki te devan bouch tonm nan.” (Matye 27:66). Yo te fè sa yon fason pou anpeche lòt moun deplase wòch la. Men ki kòmantè David L. Turner fè sou liv Matye a: “Si se otorite women yo ki te sele wòch la, yo t ap mete so a sou yon moso ajil oswa sou yon moso lasi yo plase nan fant ki genyen ant wòch la ak bouch tonm nan.”

 Piske ansyen so yo ka aprann nou anpil bagay konsènan sa ki te rive nan tan pase yo, akeyològ yo ak istoryen yo enterese anpil nan yo. Anfèt, syans ki etidye so yo, rele sijilografi. Sa vle di se yon syans ki etidye divès mak moun mete sou yon bagay pa mwayen yon so, ki fè konnen bagay sa a se pou li oswa pou bay yon lòt moun otorizasyon fè yon demach. Se sa k fè sijilografi vin youn nan domèn rechèch moun enterese anpil ladan l jodi a.