Jenèz 11​:​1-32

  • Gwo gwo bilding Babèl la (1-4)

  • Jewova bwouye lang moun yo pale (5-9)

  • Soti nan Sèm rive nan Abram (10-32)

    • Fanmi Tera (27)

    • Abram kite vil Ou (31)

11  Lè sa a, tout tè a te pale yon sèl lang e yo te konn sèvi ak menm mo.  Pandan moun yo t ap vwayaje nan direksyon lès, yo te dekouvri yon vale nan peyi Chineya+ e yo te kòmanse vin abite ladan l.  Annapre, youn di lòt: “Vini! Ann fè brik e annou kuit yo nan dife.” Konsa, yo te itilize brik olye yo itilize wòch e yo te sèvi ak goudwon pou mòtye.  Epi yo di: “Vini! Annou fè yon vil pou nou rete e annou bati yon gwo gwo bilding pou tèt li rive nan syèl la, yon fason pou moun ka vin konnen nou, konsa nou pap gaye sou tout tè a+.”  Epi, Jewova te desann vin wè vil la ansanm ak gwo bilding lèzòm te bati a.  Apre sa, Jewova di: “Ou wè! Yo se yon sèl pèp e yo pale yon sèl lang+, epi gade ki sa yo kòmanse fè. Kounye a, pa gen anyen yo gen nan lespri yo k ap enposib pou yo fè.  Vini! Ann+ desann pou n fè youn pa pale menm lang ak lòt yon fason pou youn pa ka konprann lòt.”  Se konsa, Jewova te gaye yo sou tout kò tè a+, e tikras pa tikras, yo te sispann bati vil la.  Se poutèt sa yo te rele vil sa a Babèl*+, paske se la Jewova te bwouye lang tout moun te pale sou tè a e Jewova te gaye moun yo sou tout kò tè a. 10  Men istwa lavi Sèm+. Sèm te gen 100 an lè l te fè Apakchad+, dezan apre delij la. 11  Apre Sèm fin gen Apakchad, li te viv 500 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi+. 12  Lè Apakchad te gen 35 an, li te vin fè Chela+. 13  Apre Apakchad fin gen Chela, li te viv 403 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi. 14  Lè Chela te gen 30 an, li te vin fè Ebè+. 15  Apre Chela fin gen Ebè, li te viv 403 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi. 16  Lè Ebè te gen 34 an, li te vin fè Pelèg+. 17  Apre Ebè fin gen Pelèg, li te viv 430 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi. 18  Lè Pelèg te gen 30 an, li te vin fè Rewou+. 19  Apre Pelèg fin gen Rewou, li te viv 209 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi. 20  Lè Rewou te gen 32 an, li te vin fè Sewoug. 21  Apre Rewou fin gen Sewoug, li te viv 207 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi. 22  Lè Sewoug te gen 30 an, li te vin fè Nawò. 23  Apre Sewoug fin gen Nawò, li te viv 200 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi. 24  Lè Nawò te gen 29 an, li te vin fè Tera+. 25  Apre Nawò fin gen Tera, li te viv 119 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi. 26  Lè Tera te gen 70 an, li te vin gen Abram+, Nawò+ ak Aran. 27  Men istwa lavi Tera. Tera se te papa Abram, Nawò ak Aran. Aran se te papa Lòt+. 28  Lè Aran mouri nan vil Ou+, nan peyi moun Kalde yo+, peyi kote l te fèt la, Tera, papa l, te toujou vivan. 29  Abram ak Nawò te vin gen madanm. Madanm Abram nan te rele Sarayi+ e madanm Nawò a te rele Milka+. Milka se te pitit fi Aran. Aran se te papa Milka ak Iska. 30  Twouve, Sarayi pa t ka fè pitit+. Se sa k fè li pa t gen pitit. 31  Annapre, Tera pran Abram, pitit li, ak Lòt, pitit pitit li+ ki pitit Aran, ak Sarayi, bèlfi l, ki te madanm Abram, yo kite vil Ou, ki nan peyi moun Kalde yo, ansanm avè l pou y al nan peyi Kanaran+. Alafen, yo rive nan vil Aran+ e yo rete la. 32  Tera te viv 205 an epi li mouri Aran.

Nòt anba paj

Sa vle di: “Konfizyon”.