Jenèz 3​:​1-24

  • Lè lòm kòmanse peche (1-13)

    • Premye manti a (4, 5)

  • Jewova jije rebèl yo (14-24)

    • Bondye anonse fi a pral gen yon desandans (15)

    • Bondye mete yo deyò nan jaden Edenn nan (23, 24)

3  Twouve, sèpan+ se te bèt ki te pi pridan* nan tout bèt nan bwa Jewova Dye te fè. Li di fi a: “Èske se vre Bondye di nou pa dwe manje fwi nan tout pyebwa ki nan jaden an+?”  Lè sa a, fi a di sèpan an: “Nou gen dwa manje fwi nan pyebwa ki nan jaden an+.  Men, kanta pou fwi pyebwa ki nan mitan jaden an+, Bondye te di: ‘Nou pa dwe manje ladan l, non, nou pa dwe manyen l. Si nou fè sa, n ap mouri.’”  Epi, sèpan an di fi a: “Nou pap mouri pyès+.  Paske, Bondye konnen jou nou manje fwi pyebwa sa a je n ap ouvri e n ap vin menm jan ak Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal+.”  Lè sa a, fi a wè fwi pyebwa a bon pou moun manje e li wè l bèl pou moun gade, wi, pyebwa a te bèl nan je l. Konsa, li te vin pran fwi pyebwa a e li te manje l+. Apre sa, li bay mari l ladan l tou lè l vin ansanm avè l, e mari l manje l+.  Lè sa a, je yo toule de ouvri e yo vin wè yo toutouni. Yo kole fèy fig frans ansanm pou yo pase nan tay yo pou kouvri kò yo+.  Annapre, gason an ak madanm li te tande vwa Jewova Dye ki t ap pwonmennen nan jaden an nan moman yon ti van t ap soufle nan aprèmidi, e yo t al kache pou Jewova Dye pami pyebwa ki nan jaden an.  Jewova Dye t ap plede rele gason an e li mande l: “Kote w ye la a?” 10  Alafen, gason an di: “Mwen te tande vwa w nan jaden an, men mwen te pè paske m te toutouni, se sa k fè m te kache.” 11  Lè sa a, Bondye di l: “Kiyès ki di w ou toutouni+? Èske w te manje fwi pyebwa mwen te ba w lòd pou w pa manje a+?” 12  Gason an reponn: “Fi w te ban m pou ret ansanm avè m nan, se li ki ban m fwi ki sot nan pyebwa a, epi m manje l.” 13  Apre sa, Jewova Dye mande fi a: “Ki sa w fè la a?” Epi, fi a reponn: “Se sèpan an ki twonpe m ki fè m manje l+.” 14  Apre sa, Jewova Dye di sèpan an+: “Piske se sa w fè, pami tout bèt k ap viv bò kote moun e pami tout bèt nan bwa, ou se yon bèt ki modi. Se sou vant ou pral rale, e se pousyè tè w ap manje chak jou nan lavi w. 15  E m ap mete rayisman+ ant ou menm+ ak fi a+, ant desandans*+ ou ak desandans*+ pa l. L* ap kraze* tèt ou+ e ou menm w ap blese l nan talon*+.” 16  Li di fi a: “M ap ogmante soufrans ou anpil lè w ansent, w ap soufri lè w ap fè pitit. W ap santi w bezwen mari w anpil e li menm l ap domine sou ou.” 17  Epi, li di Adan*: “Piske w te koute vwa madanm ou e w manje fwi pyebwa m te ba w lòd+ ‘ou pa dwe manje ladan l’ lan, tè a modi akoz ou menm+. Chak jou nan lavi w, se nan redi* w ap manje sa tè a bay+. 18  Se pikan ak chadwon k ap leve ladan l pou ou, e se sa tè a bay ou dwe manje. 19  Se ak swè fwon w w ap jwenn manje pou w manje jiskaske w retounen nan tè a, paske se ak pousyè tè ou te fèt+. Piske se pousyè w ye, w ap retounen nan pousyè+.” 20  Annapre, Adan te rele madanm li an Èv*, paske li t ap vin manman tout moun*+. 21  Jewova Dye te fè rad long ak po bèt pou Adan ak madanm li pou l met sou yo+. 22  Apre sa, Jewova Dye di: “Men lòm vin menm jan ak nou, paske li vin konnen sa ki byen ak sa ki mal*+. Kounye a, mwen dwe fè yon bagay pou l pa lonje men l pran fwi nan pyebwa lavi a+ tou pou l manje l, pou l pa viv nètale.” 23  Lè sa a, Jewova Dye mete l deyò nan jaden Edenn nan+ pou l ka travay tè li te fè l avè l la+. 24  Konsa, li met lòm deyò, li mete kèk cheriben+ fè pòs nan lès jaden Edenn nan e li mete yon epe ki klere kou dife k ap vire san rete pou bare wout ki mennen kot pyebwa lavi a ye a.

Nòt anba paj

Oswa: “pi veyatif; pi rize”.
Oswa: “w ap metri talon l”.
Oswa: “metri”.
Anpalan de desandans fi a.
Lit.: “semans”.
Lit.: “semans”.
Sa vle di: “Moun ki soti nan tè a; Limanite; Lòm”.
Oswa: “nan soufrans”.
Sa vle di: “Moun ki vivan”.
Lit.: “tout moun k ap viv”.
Oswa: “li vin deside pou tèt li sa ki byen ak sa ki mal”.