Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SEKSYON 8

Lè yon malè rive

Lè yon malè rive

“Sa fè nou kontan anpil, byenke kounye a, li nesesè pou nou gen lapenn pou yon ti tan, akoz divès eprèv nou jwenn.” — 1 Pyè 1:6.

Menm lè w fè tout sa w kapab pou w gen kè kontan nan maryaj ou ak nan fanmi w, gen yon seri bagay ou pa t atann ki ka fè l difisil pou w kenbe jwa w (Eklezyas 9:11). Avèk lanmou, Bondye ban nou bonjan èd ki ka ede n fè fas ak difikilte sa yo. Si w suiv prensip ki vin annapre yo ki soti nan Ekriti yo, ou menm ak fanmi w ap ka fè fas ak pwoblèm yo menmsi n ta nan sitiyasyon ki pi terib la.

1 KONTE SOU JEWOVA

MEN SA BIB LA DI: “Lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.” (1 Pyè 5:7). Toujou sonje se pa Bondye ki lakòz pwoblèm ou yo (Jak 1:13). Toutpandan w ap pwoche kote l, l ap ede w fason ki pi bon an (Izayi 41:10). Bib la di: “Ouvri kè nou ba li.” — Sòm 62:8.

W ap jwenn rekonfò tou lè w li Bib la epi w etidye l chak jou. Konsa, w ap ka wè jan Jewova “konsole nou nan tout tribilasyon”. (2 Korentyen 1:3, 4; Women 15:4.) Li pwomèt pou l ba w “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann” nan. — Filipyen 4:6, 7, 13.

SA W KA FÈ:

  • Priye Jewova pou l ede w rete kalm epi pou w byen reflechi.

  • Egzamine tout posiblite w genyen yo ankò, epi chwazi mwayen ki pi bon an.

2 PRAN SWEN TÈT OU AK FANMI W

MEN SA BIB LA DI: “Kè moun ki entèlijan an chèche gen konesans, e zòrèy moun ki gen sajès la ap chèche jwenn konesans.” (Pwovèb 18:15). Chèche konn tout detay yo. Chèche konnen ki sa chak moun nan fanmi an bezwen. Pale avè yo epi koute yo. — Pwovèb 20:5.

Men, e si lanmò pase pran yon moun ou renmen? Ou pa bezwen pè di sa w santi. Pa bliye menm Jezi “dlo [te] koule nan je” l (Jan 11:35; Eklezyas 3:4). Li enpòtan tou pou w pran bonjan repo epi pou w dòmi ase (Eklezyas 4:6). Sa ap fè l pi fasil pou w fè fas ak yon sitiyasyon difisil.

SA W KA FÈ:

  • Pran abitid pale ak fanmi w anvan yon malè rive. Konsa, y ap santi yo alèz pou yo pale avè w lè gen pwoblèm.

  • Pale ak lòt moun ki te fè fas ak yon sitiyasyon menm jan an.

3 CHÈCHE JWENN ÈD OU BEZWEN AN

MEN SA BIB LA DI: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan, e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” (Pwovèb 17:17). Zanmi w yo vle ede w, men, yo gendwa pa konn sa pou yo fè. Pa ezite fè yo konnen sa w bezwen toutbon (Pwovèb 12:25). Mete sou sa, chèche èd nan domèn espirityèl nan men moun ki konprann Bib la. Konsèy ki baze sou Bib la moun sa yo ka ba w yo ap ede w. — Jak 5:14.

W ap jwenn èd ou bezwen an lè w reyini regilyèman ak moun ki gen bonjan lafwa nan Bondye e ki fè pwomès li yo konfyans. W ap jwenn anpil rekonfò tou lè w ede lòt moun ki bezwen ankourajman. Fè moun sa yo konnen lafwa w gen nan Jewova ak nan pwomès li yo. Kontinye rete okipe nan ede lòt moun ki nan bezwen, epi, pa chèche izole tèt ou yon fason pou w evite moun ki renmen w e ki gen sousi pou ou yo. — Pwovèb 18:1; 1 Korentyen 15:58.

SA W KA FÈ:

  • Pale ak yon bon zanmi epi kite l ede w.

  • Di egzakteman sa w bezwen epi montre w onèt.