Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SEKSYON 4

Fason pou n byen jere lajan

Fason pou n byen jere lajan

“Kote ki gen dyalòg, plan yo ap mache.” — Pwovèb 20:18.

Nou tout bezwen lajan pou nou bay fanmi nou sa yo bezwen (Pwovèb 30:8). Dayè, “lajan bay yon pwoteksyon”. (Eklezyas 7:12.) Antanke mari ak madanm, li kapab difisil pou n pale de lajan, men, pa kite lajan fè gen pwoblèm nan maryaj nou (Efezyen 4:32). De moun ki marye dwe fè youn lòt konfyans, e yo dwe met tèt yo ansanm lè y ap deside ki fason y ap depanse lajan yo.

1 BYEN PLANIFYE

MEN SA BIB LA DI: “Kiyès nan nou la a ki vle bati yon fò ki pap chita anvan pou l kalkile konbyen sa ap koute l, dekwa pou l ka wè si l gen ase lajan pou l fini l?” (Lik 14:28). Li enpòtan anpil pou n met tèt nou ansanm pou n planifye fason n ap itilize lajan nou (Amòs 3:3). Reflechi sou sa n bezwen e reflechi sou kantite kòb nou kapab depanse (Pwovèb 31:16). Se pa paske n gen lajan pou n achte yon bagay ki fè n oblije achte bagay sa a. Fè efò pou n evite fè dèt. Depanse lajan n genyen sèlman. — Pwovèb 21:5; 22:7.

SA W KA FÈ:

  • Si w ret yon ti kòb nan fen mwa a, deside ansanm sa n ap fè avè l.

  • Si w depanse plis pase sa w te planifye, pran bonjan dispozisyon pou n fè mwens depans. Pa egzanp, nou kapab aranje n pou n fè manje olye nou soti al manje deyò.

2 DI SA W PANSE EPI WÈ BAGAY YO JAN YO YE A

MEN SA BIB LA DI: “Veye pou bagay yo fèt yon fason ki dwat, nonsèlman nan je Jewova, men tou nan je lèzòm.” (2 Korentyen 8:21). Fè moun ou marye avè l la konnen egzakteman konbyen kòb ou touche ak konbyen w depanse.

Lè w pral fè yon gwo depans, toujou met moun ou marye avè l la okouran (Pwovèb 13:10). Lè w abòde kesyon lajan ansanm ak moun ou marye avè l la, sa ap pèmèt ou gen lapè nan maryaj ou. Pa konsidere lajan w ap touche a kòm lajan pa w, men konsidere l kòm lajan fanmi an. — 1 Timote 5:8.

SA W KA FÈ:

  • Se pou nou toule de dakò sou kantite lajan nou chak ka depanse san n pa bezwen di lòt sa.

  • Pa tann se lè gen pwoblèm pou w kòmanse pale sou kesyon lajan ak moun ou marye avè l la.