Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 106

Ann demontre nou gen lanmou

Ann demontre nou gen lanmou

(1 Korentyen 13:1-8)

  1. 1. Ak tout kè nou, n’ap priye Bondye,

    Kalite’l yo, nou vle imite.

    An premye n’ap chèche gen lanmou,

    Lè’n kite lespri’l aji nan nou.

    Nou ka gen talan, sajès ak kran,

    San lanmou nou pap anyen vrèman.

    Ann priye pou lanmou nou grandi

    Nan sa n’ap fè e nan sa n’ap di.

  2. 2. Lanmou aprann nou pou’n renmen bay,

    Li fè’n ede moun k’ap pase tray.

    Lanmou pa bay bò pou rayisans,

    Li fè’n padone frè’n ak pasyans.

    Lanmou ede’n andire pwoblèm,

    Li ede nou toujou rete fèm.

    Si dekourajman vle anvayi’n,

    Sonje, lanmou ap toujou soutni’n.