Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bon prensip tankou yon bon bousòl ki ka ede pitit ou konnen ki wout pou l fè.

POU PARAN

7: Bon prensip

7: Bon prensip

SA SA VLE DI

Bon prensip se yon seri règ ou chwazi pou dirije lavi w. Pa egzanp, èske w eseye onèt nan tout bagay? Donk, se sèten ou eseye aprann pitit ou pou l onèt tou.

Bon prensip gen ladan l tou prensip moral. Pa egzanp, yon moun ki gen bonjan prensip renmen travay di, li fè sa ki dwat e li gen konsiderasyon pou lòt moun, yon seri kalite moun devlope pandan yo jèn.

PRENSIP BIBLIK: “Montre yon jèn nan ki wout li dwe mache, menm lè li vin granmoun, li pap kite l.” — Pwovèb 22:6, nòt.

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN

Nan yon epòk kote teknoloji ap avanse, prensip moral yo enpòtan. Men sa yon manman ki rele Karyn di: “Move enfliyans ka vini sou nenpòt aparèy mobil nenpòt ki lè. Pitit nou yo ka chita bò kote nou epi y ap gade yon move bagay!”

PRENSIP BIBLIK: “Moun ki gen matirite [...] rive fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal paske yo antrene kapasite yo genyen pou yo konprann nan.” — Ebre 5:14.

Prensip moral enpòtan tou. Sa ale pi lwen pase yon senp jantiyès (tankou di “silvouplè” oswa “mèsi”) epi montre konsiderasyon pou lòt moun, yon seri prensip ki kòmanse disparèt. Moun yo plis enterese nan bagay materyèl, tankou aparèy mobil, pase yo enterese nan moun.

PRENSIP BIBLIK: “Sa nou ta renmen moun fè pou nou, se menm bagay la nou dwe fè pou yo.” — Lik 6:31.

SA W KA FÈ

Esplike aklè prensip moral yo. Pa egzanp, gen rechèch ki fèt ki montre jèn yo pa t ap fè sèks anvan yo marye si yo te montre yo aklè konduit sa a pa bon.

MEN YON IDE: Sèvi ak yon bagay ki fèk pase pou w ka ouvè yon konvèsasyon sou bon prensip. Pa egzanp si nan nouvèl yo pale sou yon moun ki touye yon lòt akoz li te rayi l, ou ta kapab di: “Sa tèrib pou n wè fason kèk moun reyaji lè yo fache. Ki sa w panse ki fè moun yo ap aji konsa?”

“Li pi difisil pou timoun yo chwazi ant sa ki byen ak sa ki mal lè yo pa konnen ni sa ki byen ni sa ki mal la.” — Brandon.

Anseye bon prensip moral. Menm lè timoun yo jèn yo ka aprann di “silvouplè” ak “mèsi” epi montre konsiderasyon pou lòt moun. Men sa yon liv fè konnen: “Plis timoun yo santi yo pa poukont yo, men yo fè pati yon fanmi, yon lekòl, yon kominote, se plis y ap pare pou yo poze aksyon k ap itil ni yo menm ni lòt moun.” — Parenting Without Borders.

MEN YON IDE: Bay pitit ou yo travay pou yo fè nan kay la, sa k ap ede yo aprann enpòtans pou yo sèvi lòt moun.

“Si timoun yo abitye fè travay nan kay depi kounye a, y ap pi fasil fè l lè yo lakay yo. Y ap deja gen abitid pran responsablite byen bonè nan lavi yo.” — Tara.