Pwovèb 22​:​1-29

  • Yon bon repitasyon pi bon pase anpil richès (1)

  • Sa yo montre yon timoun ap itil li pou tout lavi l (6)

  • Parase a pè lyon ki deyò a (13)

  • Disiplin fè timoun vin pa sòt ankò (15)

  • Yon moun ki fè travay li byen, se pou wa l ap travay (29)

22  Pito yon moun chwazi gen bon repitasyon* olye l chwazi gen anpil richès+.Respè* pi bon pase ajan ak lò.   Men sa ki fè moun rich la ak moun pòv la sanble*:Se Jewova ki fè yo toule de+.   Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache,Men, moun ki pa gen eksperyans lan kontinye ale tou dwat e li peye sa.   Lè yon moun gen imilite e li gen lakrentif pou Jewova,L ap jwenn richès, glwa ak lavi+.   Gen pikan ak pèlen nan chemen moun ki kwochi yo,Men, moun ki bay lavi* li valè rete byen lwen yo+.   Montre yon timoun* nan ki wout li dwe mache+,Menm lè li vin granmoun, li pap kite l+.   Moun ki rich ap dirije sou moun ki pòv,E moun ki prete nan men yon moun se esklav moun ki prete l la+.   Moun ki simen sa ki pa dwat la ap rekòlte malè+.E pouvwa l genyen pou l fè mal* la ap fini+.   Moun ki renmen bay* ap jwenn benediksyon,Paske li pataje manje l genyen ak moun ki malere+. 10  Fè moun k ap pase moun nan rizib la ale,Tout kont ap fini,E diskisyon* ak joure ap sispann. 11  Moun ki renmen pou kè l pwòp e ki pale bèl pawòlAp vin zanmi wa a+. 12  Jewova pwoteje moun ki gen konesans*,Men, li fè pawòl moun ki trèt yo vin san valè+. 13  Parese a di: “Gen yon lyon deyò a!L ap touye m sou plas la+!” 14  Bouch fi deregle a* se yon twou ki fon+.Moun Jewova kondane a ap tonbe ladan l. 15  Bagay moun sòt mare byen di nan kè yon timoun*+,Men, baton disiplin nan ap retire yo voye byen lwen l+. 16  Moun k ap dechèpiye malere pou l ka vin pi rich+Ak moun k ap bay moun ki rich kadoAp mouri pòv. 17  Panche zòrèy ou pou w koute pawòl moun ki gen sajès+,Pou w ka aksepte konesans mwen bay la ak tout kè w+. 18  Paske w ap kontan si w konsève yo nan kè w+,Yon fason pou w ka toujou pare pou w pale de yo+. 19  Se pou w ka fè Jewova konfyansKi fè m ap ba w konesans jodi a. 20  Èske m pa deja ekri wPou m ba w anpil konsèy ak konesans, 21  Pou m anseye w pawòl ki verite ak pawòl ki merite pou w fè yo konfyans,Yon fason pou w ka pote yon bon rapò bay moun ki voye w la? 22  Pa vòlè moun ki malere a paske l malere+,Epi, pa fè piti a abi nan pòtay vil la+, 23  Paske se Jewova k ap fè yo jwenn jistis+,E l ap retire lavi* moun k ap dechèpiye yo. 24  Pa mache ak yon moun ki gen gwo san,E pa annafè ak yon moun ki fè kòlè fasil, 25  Pou w pa janm vin menm jan avè lE pou l pa vin yon pyèj pou ou*+. 26  Pinga w vin yon moun k ap bay garantiPou w responsab dèt yon moun+. 27  Si w pa ka peye,Y ap pran kabann ou anba do w. 28  Pa deplase bòn tè ki la depi lontan yo,Bòn tè zansèt ou yo te mete yo+. 29  Èske w konn wè yon moun ki fè travay li byen?Se devan wa l ap kanpe+,Li pap kanpe devan nenpòt moun.

Nòt anba paj

Lit.: “Favè”.
Lit.: “chwazi yon non”.
Lit.: “rankontre ansanm”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “yon tigason; yon jèn”.
Lit.: “E baton kòlè l”.
Lit.: “Moun ki gen bon je a”.
Oswa: “pwosè”.
Lit.: “Je Jewova pwoteje konesans”.
Lit.: “fi ki dwòl la”. Gade Pw 2:16.
Oswa: “yon tigason; yon jèn”.
Oswa: “l ap vòlè nanm”.
Oswa: “pou nanm ou”.