Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

WOUT KÈ KONTAN AN

Kontante w ak renmen bay

Kontante w ak renmen bay

SE PA NI DE NI TWA FWA NOU TANDE YO DI YON MOUN GEN KÈ KONTAN OSWA LI REYISI PASKE LI GEN ANPIL BYEN MATERYÈL OSWA LI GEN ANPIL RICHÈS. Gen plizyè milyon moun ki panse konsa, se sa k fè yo pase plizyè èdtan ap travay di pou yo ka fè plis kòb. Men, èske lajan ak bagay materyèl ka fè nou toujou gen kè kontan? Ki sa reyalite a montre?

Selon yon jounal (Journal of Happiness Studies), yonfwa nou fin genyen sa nou vrèman bezwen pou n viv, nou pa bezwen plis kòb vre pou kè n kontan oswa pou n santi n satisfè ak lavi n. Se pa lajan ki pwoblèm nan, men jan yon jounal (Monitor on Psychology) fè konn sa, “se kouri dèyè [lajan] ki fè yon moun pa gen kè kontan”. Pawòl sa yo sanble tètkoupe ak yon konsèy Bib la te bay sa gen prèske de mil an ki di: “Lanmou pou lajan se youn nan rasin tout kalite move bagay, e gen kèk moun, piske yo kiltive lanmou sa a, [...] yo pèse kò yo toupatou avèk anpil soufrans.” (1 Timote 6:9, 10). Ki soufrans konsa li lakòz?

ENKYETID EPI PA KA DÒMI POUTÈT YO VLE PWOTEJE RICHÈS YO. “Yon sèvitè dòmi byen dous, kit li jwenn yon tikras manje, kit li jwenn anpil manje. Men, pakèt byen moun rich la genyen yo pa kite l dòmi.” — Eklezyas 5:12.

DESEPSYON LÈ YO PA JWENN KÈ KONTAN YO TE ESPERE A. Yon bagay ki ka fè sa se lè yon moun gen yon swaf pou lajan ki pap janm rive satisfè. Bib la di: “Yon moun ki renmen ajan pap janm kontante l ak ajan, e yon moun ki renmen richès pap janm kontante l ak sa l genyen.” (Eklezyas 5:10). Mete sou sa, lè yon moun gen gwo anvi pou l vin rich sa ka fè l neglije yon seri bagay enpòtan ki ka fè l gen kè kontan, tankou pase tan ak fanmi l, zanmi l, oswa pase tan nan aktivite ki gen rapò ak adorasyon l ap bay Bondye.

LAPENN AK TÈTCHAJE YO GENYEN LÈ YO PÈDI LAJAN OSWA YON ENVESTISMAN YO TE FÈ. “Pa touye tèt ou dèyè richès. Sispann fè sa, epi montre w gen bon konprann. Lè w voye je gade l, li pap la, paske, wè pa wè, l ap pouse zèl tankou èg e l ap vole.” — Pwovèb 23:4, 5.

KALITE KI KA FÈ YON MOUN GEN KÈ KONTAN

APRANN KONTANTE. “Nou pa t pote anyen nan monn nan, e nou pa ka ale ak anyen nonplis. Se sa k fè, si nou gen manje ak rad, n ap kontante nou ak bagay sa yo.” (1 Timote 6:7, 8). An jeneral, moun ki kontante yo ak sa yo genyen pa moun ki renmen plenyen, e atitid sa yo genyen an ap ede yo pou yo pa anvi sa yo pa genyen. E kòm yo pa vle gen plis bagay materyèl pase sa ki nesesè, yo pa gen enkyetid ak strès sa konn pote.

RENMEN BAY. “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” (Travay 20:35). Lè yon moun renmen bay li gen kè kontan paske li pran plezi fè kè lòt moun kontan, menmsi sa l ka bay nan tan l ak fòs li pa anpil. Byen souvan, lajan pa ka achte tout sa l vin jwenn, anpalan de lanmou, respè ak bonjan zanmi ki kontan bay tou! — Lik 6:38.

MOUN PI ENPÒTAN PASE BAGAY MATERYÈL. “Pito yon moun manje yon plat fèy kote ki gen lanmou pase pou l manje yon towo bèf byen gra kote ki gen rayisman.” (Pwovèb 15:17). Ki sa vèsè sa a vle di? Li pi bon lontan pou yon moun gen bon relasyon ak lòt moun pase pou l gen anpil bagay materyèl. E jan nou pral wè sa annapre, yon moun pap janm gen kè kontan si l pa gen lanmou lakay li.

Sabina, yon dam ann Amerik disid, te vin wè jan prensip ki nan Bib la enpòtan. Mari Sabina te abandone l e Sabina te oblije fè gwo efò pou l jwenn sa l bezwen pou li ak de pitit fi l yo. Li te gen de travay e chak jou li te leve a 4 è dimaten. Malgre pwogram li te chaje, li te deside etidye Labib. Ki rezilta sa te bay?

Se vre, sa pa t fè l vin gen plis kòb pou sa, men, li te vin wè lavi a yon lòt fason nèt! Pa egzanp, li te vin gen kè kontan yon moun jwenn lè l rive satisfè swaf li genyen pou bagay espirityèl (Matye 5:3). Li te jwenn bon zanmi pami adoratè parèy li yo. Li te vin jwenn kè kontan moun konn jwenn lè yo pran plezi bay paske li te pataje sa li aprann yo ak lòt moun.

“Bib la di: “Sajès montre li jis pa mwayen aksyon li fè.” (Matye 11:19, nòt). Donk, se yon bon bagay sa ye lè nou kontante n, nou renmen bay epi nou mete enterè moun anvan bagay materyèl!