Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

WOUT KÈ KONTAN AN

Padone

Padone

“MWEN TE GRANDI NAN YON ANVIWÒNMAN KOTE SE TOUTAN MOUN AP JOURE EPI FÈ BRI”, se sa yon dam ki rele Patricia di. Men sa li ajoute: “Mwen pa t aprann padone. Menm lè m te vin gran, mwen te konn fè plizyè jou ap reflechi sou move bagay moun fè m, e sa te konn fè m pa ka dòmi.” Pa gen dout nan sa, yon moun ki toujou an kòlè e ki kenbe moun sou kè l pap ni kontan ni an sante. Anfèt, gen etid ki fèt ki montre yon moun ki pa padone ka...

  • kite kòlè oswa rankin kraze relasyon l ak lòt moun, e sa ka vin fè l mete kò l apa e menm fè l santi l lage poukont li.

  • fache pou ti krik ti krak, plede ap enkyete l oswa menm fè gwo depresyon.

  • tèlman ap reflechi sou sa yo fè l ki fè l mal opwen li pa jwi lavi a.

  • santi li pa rive fè sa Bondye mande l pou l fè.

  • santi chak jou ki pase li pa sispann gen strès, sa ki ka fè li malad pi souvan, gen pwoblèm tansyon, pwoblèm kè san wete li ka kòmanse gen doulè, tankou pwoblèm atrit ak tèt fè mal *.

KI SA PADONE YE? Padone mande pou n pase sou sa moun ki fè n ditò a te fè epi pa ret an kòlè kont li, pa kenbe l sou kè ni tou pa chèche tire revanj. Sa pa vle di pou n fè kòmsi nou pa wè mal yo fè nou an, epi nou di sa pa anyen oswa pran pòz pa t gen anyen ki te pase. Non se pa sa, okontrè, padone yon moun se yon chwa nou fè apre nou fin byen reflechi sou sitiyasyon an pou n fè lapè oswa kontinye gen bon relasyon ak moun ki te fè n mal la. E aksyon sa a nou poze a montre nou fè chwa sa a paske nou kite se lanmou nou gen lakay nou ki gide nou.

Padone montre nou gen bon konprann tou. Yon moun ki renmen padone konnen tout moun konn fè erè kit se nan sa y ap di kit se nan sa y ap fè (Women 3:23). Bib la ale nan menm sans lan, li di: “Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè nou.” — Kolosyen 3:13.

Kidonk, nou vin konprann padone se yon aspè enpòtan nan lanmou, “chenn ki ini moun yon fason ki san fay” la (Kolosyen 3:14). Vrèmanvre, selon sa nou aprann sou sit Entènèt Mayo Clinic la, lè yon moun padone sa fè l...

  • gen pi bon relasyon ak lòt moun, plis mete l nan plas lòt moun, pi byen konprann yo epi demontre konpasyon pou moun ki fè l ditò.

  • santi l pi byen epi gen bon relasyon ak Bondye.

  • enkyete l mwens, gen mwens strès epi gen mwens pwoblèm ak lòt moun.

  • gen mwens tandans pou l fè depresyon.

PADONE TÈT OU. Gen yon jounal (Disability & Rehabilitation) ki fè konnen, padone tèt nou gendwa se bagay “ki pi difisil pou n rive fè”, men se bagay “ki pi bon pou sante nou”, kit se sante mantal nou oswa sante fizik nou. Ki sa ki kapab ede w padone tèt nou?

  • Ou pa dwe atann pou tout sa w fè bon nèt, men ou bezwen aksepte w ap fè erè menm jan tout moun konn fè erè. — Eklezyas 7:20.

  • Aprann nan erè w fè yo e konsa, ou pap toujou ap fè menm erè yo chak fwa.

  • Ou dwe pran pasyans ak tèt ou, paske gen kèk defo ou gen lakay ou oswa yon seri move abitid ou genyen ki pap annik rete konsa yo disparèt. — Efezyen 4:23, 24.

  • Fè zanmi ak moun k ap ankouraje w, ki wè bagay yo yon fason ki pozitif, zanmi ki janti men k ap di w bagay yo jan yo ye a. — Pwovèb 13:20.

  • Si w di oswa w fè yon moun yon bagay ki fè l mal, rekonèt tò w epi mande padon san pèdi tan. Lè w fè lapè w ap santi w anpè. — Matye 5:23, 24

PRENSIP KI NAN BIB LA BAY BON REZILTA!

Patricia, dam nou te pale de li pi wo a, te aprann padone lè l te vin ap etidye Bib la. Li di: “Mwen te santi m libere anba tout kòlè m te gen lakay mwen ki t ap fini ak lavi m. Mwen sispann soufri e m sispann fè lòt moun soufri. Prensip biblik yo ban nou garanti Bondye renmen nou e li vle sa k pi bon an pou nou.”

Men sa yon mesye ki rele Ron te fè konnen: “Mwen pa t ka kontwole sa ki nan panse lòt moun ak reyaksyon yo, men, mwen te ka kontwole sa ki nan panse m ak reyaksyon m. Si m vle anpè, mwen pa dwe kenbe moun sou kè m. Mwen te vin rann mwen kont lapè ak kenbe moun sou kè pa mache youn ak lòt. Mwen pa t ka viv ak de santiman sa yo anmenmtan. Jodi a, konsyans mwen anpè.”

^ § 8 Se yon enfòmasyon ki soti sou: Sit Entènèt Mayo Clinic ak Johns Hopkins Medicine epi nan jounal ki rele Social Psychiatry and Psychiatric Epidemiology.