Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ÈD POU FANMI | MARYAJ

Fason nou ka montre nou konn apresye

Fason nou ka montre nou konn apresye

POUKISA SA DIFISIL KONSA?

Pou yon maryaj reyisi, li enpòtan anpil pou de moun yo montre jan youn apresye lòt. Men, gen anpil mari ak madanm ki sispann wè bon bagay moun yo marye avè l la gen lakay li, e yo mwens montre yo apresye yo. Nan yon liv ki rele Enfidelite nan kesyon santiman (Emotional Infidelity), gen yon konseye ki te remake anpil nan moun marye ki vin kote l yo “plis enterese nan sa ki pa fèt [nan maryaj yo] pase sa ki fèt yo”. Li di: “Yo vin nan biwo m pou yo di m ki sa k dwe chanje, men yo pa pale de sa k pa bezwen chanje. Erè moun marye sa yo fè, sèke yo sispann montre youn renmen lòt pa mwayen apresyasyon yo genyen.”

Ki jan ou menm ak moun ou marye avè l la ka evite pwoblèm sa a?

KI SA NOU TA DWE KONNEN?

Lè moun ki marye yo demontre yo gen apresyasyon youn pou lòt, sa bese strès ki ka gen nan maryaj la. Lè yon mari ak madanm li fè efò pou yo remake bèl kalite youn lòt genyen e pou yo fè youn lòt konn sa, jeneralman, sa fè maryaj yo mache pi byen. Lè mari yo ak madanm yo santi youn apresye lòt, sa ka desann menm gwo tansyon ki ta ka gen nan maryaj yo.

Pou madanm yo. Selon liv Enfidelite nan kesyon santiman an (Emotional Infidelity) nou te site pi wo a, “anpil fi gen tandans pa remake gwo presyon gason yo gen sou do yo pou yo bay fanmi yo sa yo bezwen”. Gen kèk peyi kote mari yo toujou gen menm presyon sa a sou do yo, menmsi ni mari a ni madanm nan ap travay pou yo pote kòb nan kay la.

Pou mari yo. Byen souvan, gason yo pa rive konprann nan ki pwen madanm yo ap fè efò pou yo ede kay la, kit se nan travay y ap fè, kit se lè y ap pran swen timoun yo, kit se lè y ap pran swen kay la. Men sa, Fiona *, ki marye depi anviwon twazan, te di: “Tout moun konn fè erè, e lè m fè yon erè, mwen santi m mal. Donk, lè mari m di m mwen te byen fè yon bagay nan kay la, pa egzanp, mwen te byen pran swen kay la, mwen rann mwen kont li toujou renmen m malgre erè m fè yo. Mwen santi li soutni m e sa fè m pi kontan ak tèt mwen!”

Yon lòt bò, lè yon moun santi mari l oubyen madanm li pa apresye l, sa ka gen move efè sou maryaj la. Gen yon madanm ki rele Valerie ki di: “Lè w pa santi moun ou marye avè l la apresye w, li fasil pou w santi yon lòt moun ki fè w santi li apresye w atire w.”

MEN SA W KA FÈ

Pran tan pou w suiv. Pandan semèn k ap vini an, eseye remake bèl kalite moun ou marye avè l la demontre li genyen. Mete sou sa, chèche wè ki sa l fè pou l pèmèt kay la kontinye fonksyone byen, yon seri bagay petèt ou pa t pran pou anyen anvan sa. Nan fen semèn nan, fè yon lis kote w make 1) Bèl kalite w apresye nan moun ou marye avè l la ak 2) Bagay li fè pou byen fanmi an. — Prensip Bib la bay: Filipyen 4:8.

Poukisa li nesesè pou nou pran tan pou nou suiv madanm nou oswa mari nou? Men sa yon madan marye ki rele Erika di: “Apre kèk ane maryaj, ou ka kòmanse manke bay moun ou marye avè l la valè. Ou sispann remake bon bagay li fè yo epi w gen tandans pou w plis konsantre sou sa l pa fè.”

Mande tèt ou: ‘Èske m manke bay travay di moun mwen marye avè l la fè yo valè?’ Pa egzanp, si mari w fè kèk reparasyon nan kay la, èske w pa di l mèsi paske w santi se responsablite l pou l fè travay sa yo? Si w se yon mari, èske w santi w pa bezwen felisite madanm ou pou efò l fè pou l leve timoun yo paske se travay li? Se pou w pran detèminasyon pou w chèche remake tout efò madanm ou oubyen mari w fè pou fanmi nou byen mache epi montre w rekonesan pou sa, kit efò l fè a piti, kit li gwo. — Prensip Bib la bay: Women 12:10.

Felisite mari w oswa madanm ou anpil. Labib pa annik di nou pou n gen rekonesans, men li di nou pito pou n “montre nou gen rekonesans”. (Kolosyen 3:15.) Kidonk, bat pou nou pran abitid remèsye madanm nou oswa mari nou. Gen yon mari ki rele James ki di: “Lè madanm mwen montre li apresye sa m fè, sa fè m fè plis efò pou m vin yon pi bon mari e pou maryaj la reyisi.” — Prensip Bib la bay: Kolosyen 4:6.

Mari ak madanm yo fè maryaj yo vin pi solid lè yo demontre yo gen apresyasyon youn pou lòt. Gen yon mari ki rele Michael ki di: “Mwen panse gen anpil maryaj ki te ka sove si mari yo ak madanm yo te toujou ap konsantre atansyon yo sou sa youn renmen lakay lòt. Lè pwoblèm yo met pye, yo t ap mwens anvi kraze maryaj la paske yo t ap toujou ap sonje bon bagay yo genyen an.”

^ § 9 Gen non moun yo chanje.