Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason w ka adapte w lè w chanje kongregasyon

Fason w ka adapte w lè w chanje kongregasyon

ÈSKE W te deja chanje kongregasyon? Si w te fè sa, sandout w ap dakò ak Jean-Charles ki di: “Li difisil pou yon fanmi adapte l lè y al nan yon lòt kongregasyon toutpandan tout moun nan fanmi an ap fè efò pou yo kontinye gen yon relasyon solid ak Jewova.” Moun ki deplase al viv yon lòt kote ka gen difikilte pou yo jwenn travay, yon kote pou yo rete, e petèt pou yo jwenn yon lòt lekòl pou pitit yo, pou yo adapte yo ak yon lòt klima, yon lòt kilti, e pou yo preche nan yon nouvo tèritwa.

Nicolas ak Céline te jwenn yon lòt difikilte. Lè filyal peyi Lafrans lan te voye yo nan yon lòt kongregasyon, yo te dakò. Men sa yo te di: “Okòmansman, nou pa t konn kote pou n met kò n tèlman n te kontan. Men, annapre nou te kòmanse sonje zanmi nou yo. Nou potko vrèman pwòch ak lòt frè ak sè nan kongregasyon kote nou te ale a. a” Piske w ap jwenn difikilte, ki sa w ka fè pou w kapab gen kè kontan e pou w kapab itil nan kongregasyon kote w ale a? Ki jan lòt moun kapab bay èd pa yo? Epi, ki jan ou menm ak frè ak sè ki nan kongregasyon kote w ale a kapab ankouraje youn lòt?

KAT PRENSIP KI KAPAB EDE W FÈ FAS AK DIFIKILTE

Met konfyans ou nan Jewova.

1. Met konfyans ou nan Jewova (Sòm 37:5). Kazumi, k ap viv nan peyi Japon, te kite kongregasyon li te ladan l pandan 20 an an lè travay mari l la te transfere l yon lòt kote. Ki jan Kazumi te “kite Jewova dirije wout” li? Men sa l di: “Mwen te di Jewova tout sa k nan kè m, tout sa k te fè m panike, jan m te santi m poukont mwen, ak sa ki t ap trakase m. Chak fwa m te fè sa, li te ban m fòs mwen te bezwen.”

Ki jan w ka vin gen plis konfyans nan Jewova? Menm jan yon plant bezwen dlo ak lòt bagay nan tè a pou l grandi, se menm jan an tou, nou dwe pran swen lafwa nou pou l ka grandi. Nicolas nou te pale de li pi wo a te rann li kont lè l te medite sou egzanp Abraram, Jezi ak Pòl, yon seri moun ki te fè anpil sakrifis pou yo te ka fè volonte Bondye, sa te fè l vin gen plis konfyans Jewova ap ede l. Si w rezève tan pou w etidye Labib regilyèman, nonsèlman sa ap ede w fè fas ak nenpòt chanjman ki vin gen nan lavi w, men tou, w ap aprann yon seri bagay w ap ka pataje ak frè ak sè nan kongregasyon kote w ale a.

Pa fè konparezon.

2. Pa fè konparezon (Ekl. 7:10). Lè Jules te kite peyi Benen pou l t al viv Ozetazini, li te oblije adapte l ak gwo diferans ki te genyen nan kesyon kilti a. Men sa l di: “Mwen te santi m oblije rakonte chak moun mwen te rankontre istwa lavi m.” Piske li pa t gen abitid fè sa, li te kòmanse evite frè ak sè yo. Men, lè l te vin pi byen konnen frè ak sè yo, li te vin wè bagay yo yon lòt jan. Men sa l di: “Kounye a, mwen rann mwen kont kèlkeswa kote n ap viv sou tè a, nou tout se menm. Nou jis pa pale menm jan e nou pa aji menm jan. Li enpòtan anpil pou n aksepte lòt moun jan yo ye a.” Donk, pa konpare ansyen kongregasyon w lan ak kongregasyon w ye kounye a. Men sa Anne-Lise, yon sè ki pyonye, di: “Mwen pa t kite kongregasyon kote m te ye a ak espwa mwen t ap jwenn sa m te kite yo, mwen te fè sa pou m te ka aprann lòt bagay.”

Ansyen yo tou bezwen veye pou yo pa konpare kongregasyon yo te ye anvan an ak kongregasyon yo ladan l kounye a. Lefètke frè yo itilize lòt metòd nan kongregasyon w ye kounye a, sa pa vle di bagay yo pa byen fèt. Li bon pou w chèche konnen ki jan bagay yo fèt nan kongregasyon w ye kounye a anvan w bay opinyon w (Ekl. 3:​1, 7b). Li toujou pi bon pou w bay frè ak sè yo egzanp olye w fòse yo wè bagay yo menm jan avè w. — 2 Kor. 1:24.

Patisipe nan aktivite ki gen nan kongregasyon an.

3. Patisipe nan aktivite ki gen nan kongregasyon an (Flp. 1:27). Demenaje mande anpil tan ak enèji. Men, li enpòtan anpil pou w asiste reyinyon yo, an pèsòn depi sa posib, kou w rive nan zòn nan. Dayè, si frè ak sè nan kongregasyon w ye kounye a pa janm wè w oswa se yon lè konsa yo wè w, ki jan y ap fè vin pwòch avè w e ki jan y ap fè ede w? Lucinda te deplase ansanm ak de pitit fi l pou yo t al viv nan yon gwo vil ann Afrik disid. Men sa l sonje: “Zanmi m yo te ban m konsèy pou m te chèche gen objektif pou m vin pwòch frè ak sè nan kongregasyon an, pou m preche ak lòt moun, e pou m fè kòmantè nan reyinyon yo. Epitou, nou te ofri kay nou pou yo fè reyinyon predikasyon.”

Lè “nou lite kòtakòt” ansanm ak frè n ak sè n yo nan aktivite n ap fè nan sèvis Bondye nan kongregasyon nou ye kounye a, se yon bon fason pou n vin gen plis “lafwa nan bon nouvèl la”. Ansyen yo te ankouraje Anne-Lise, sè nou te pale de li pi wo a, pou l fè efò pou l preche ak chak moun. Ki rezilta sa te bay? Men sa l di: “Byen vit mwen te vin rann mwen kont se yon bon fason pou m santi m fè pati kongregasyon an.” Epitou, lè w ofri tèt ou kòm volontè lè y ap fè yon seri aktivite tankou netwayaj ak antretyen Sal Wayòm nan, sa ap montre ou konsidere kongregasyon an kounye a kòm kongregasyon pa w. Plis ou patisipe nan aktive k ap fèt nan kongregasyon an, frè ak sè yo pap pran tan pou yo santi yo alèz avè w, e w ap santi yo se fanmi w.

Chèche gen nouvo zanmi.

4. Chèche gen nouvo zanmi (2 Kor. 6:​11-13). Lè w montre w enterese nan lòt moun se pi bon fason pou w fè zanmi. Donk, fè efò pou w rive bonè nan reyinyon yo e pou w pa kouri ale kou reyinyon yo fini pou w ka gen ase tan pou w pale ak moun yo pou w aprann konnen yo. Fè efò pou w aprann konn non yo. Lè w sonje non moun yo, lè w amikal e li fasil pou yo pale avè w, y ap vle konnen w pi byen, e sandout w ap vin gen lòt bon zanmi.

Olye w ap bay tèt ou pwoblèm pou frè ak sè yo aksepte w, kite yo aprann konnen kiyès ou ye toutbon. Suiv egzanp Lucinda. Men, sa l di: “Kounye a nou vin gen bon zanmi paske nou te pran dispozisyon pou n envite lòt moun lakay nou.”

“SE POU YOUN AKEYI LÒT”

Gen anpil moun ki pa santi yo alèz pou y al nan yon Sal Wayòm kote yo pa konn pèsonn. Donk, ki sa w ka fè pou w ede moun ki fèk vin nan kongregasyon an santi yo alèz? Apot Pòl te ankouraje nou “pou youn akeyi lòt, menm jan Kris te akeyi nou tou”. (Wom. 15:7.) Lè ansyen yo imite Kris, sa kapab fè moun ki fèk vin nan kongregasyon an santi yo byen akeyi yo. (Gade kare ki gen tit “ Sa k ap ede w byen adapte w lè w chanje kongregasyon”.) Sepandan, se tout moun nan kongregasyon an, san wete timoun yo, ki kapab ede yon moun ki fèk vin nan kongregasyon an santi l alèz.

Akeyi moun gen ladan l envite moun lakay nou. Men tou, sa ka mande pou n ede yo yon fason ki pratik. Pa egzanp, gen yon sè ki te pran nan tan l pou l fè yon lòt sè ki te vin abite nan zòn kote l t ap viv la vizite vil la epi montre l ki jan pou l pran transpò piblik. Sa sè a te fè a te vrèman touche sè ki te fèk vini an, e sa te ede l adapte l.

YON OKAZYON POU N VIN GEN PLIS MATIRITE

Tank yon krikèt ap devlope, li chanje po plizyè fwa jiskaske zèl li yo vin gen ase fòs pou l vole. Menm jan an tou, lè n al nan yon lòt kongregasyon, nou bezwen kite kèlkeswa enkyetid nou genyen dèyè, nan yon sans pou n kapab vole nan sèvis Jewova a. Men sa Nicolas ak Céline di: “Lè yon moun demenaje al yon lòt kote, se yon fòmasyon estrawòdinè sa ye. Lefètke nou te oblije aprann viv ak lòt moun ak nan yon lòt anviwònman, sa te ede n pou n vin gen lòt kalite.” Men sa Jean-Charles, frè nou te pale de li pi wo a, di konsènan fason sa te ede fanmi l: “Lè n te chanje kongregasyon, sa te ede pitit nou yo vin gen plis matirite epi vin pi pwòch ak Jewova. Apre kèk mwa sèlman, pitit fi nou an te aksepte gen patisipasyon nan reyinyon lasemèn yo e pitit gason nou an te vin yon pwoklamatè ki potko batize.”

Men, e si sitiyasyon w anpeche w deplase al viv yon lòt kote, pa egzanp, al sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè? Ebyen, fè kòmsi w te chanje kongregasyon lè w chèche aplike kèk nan sijesyon yo bay nan atik sa a nan kongregasyon w ye a. Toutpandan w ap konte sou Jewova, bay tout ou menm nan aktivite k ap fèt nan kongregasyon kote w ye a lè w pran dispozisyon pou w patisipe ak lòt moun nan travay predikasyon an e pou w vin gen nouvo zanmi, oswa pou w vin pi pwòch ak zanmi w te deja genyen yo. Èske petèt ou ta ka ede nouvo yo oswa frè ak sè ki bezwen èd yo yon fason ki pratik? Piske lanmou se kalite ki pèmèt moun idantifye vrè kretyen yo, lè w ede lòt moun, se sèten sa ap fè w vin pi pwòch ak Jewova (Jan 13:35). Ou mèt gen asirans “se nan sakrifis sa yo Bondye pran plezi”. — Ebre 13:16.

Malgre gen difikilte, anpil kretyen jwenn kè kontan e yo itil lè y al nan yon lòt kongregasyon. Ou menm tou ou kapab jwenn kè kontan e w kapab itil! Men sa Anne-Lise di: “Lefètke m te chanje kongregasyon, sa te ede m ouvri kè m.” Kounye a, men konviksyon Kazumi genyen: “Ou kapab wè Jewova ap ede w fason w potko janm wè anvan sa”. Ki sa n ka di konsènan Jules? Men sa l di: “Zanmi mwen vin genyen yo fè m santi m lakay mwen. Kounye a, mwen tèlman santi m byen nan kongregasyon kote m ye a, l ap difisil pou m kite l.”

a Pou n jwenn konsèy sou fason pou n fè fas ak sitiyasyon sa a, gade atik ki gen tit “Comment surmonter le mal du pays dans le service de Dieu” ki parèt nan Toudegad 15 me 1994 (fransè).