Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Tout zam yo sèvi pou fè lagè yo pral detwi.

Ki sa Bib la di?

Ki sa Bib la di?

Èske ap janm gen lapè sou tè a?

Èske w t ap di...

  • Wi?

  • Non?

  • Petèt?

Men sa Bib la di

Lè Jezi Kris pral dirije, “lapè ap blayi tout kote jiskaske lalin nan pa la ankò” sa vle di pral gen lapè pou toutan. — Sòm 72:7.

Ki lòt bagay nou ka aprann nan Bib la?

  • Pap gen mechan sou tè a ankò, lè sa a moun k ap fè volonte Bondye yo “ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total”. — Sòm 37:10, 11.

  • Bondye ap sispann tout gè. — Sòm 46:8, 9.

Èske l posib pou nou santi nou anpè depi kounye a?

Gen kèk moun ki kwè... Nou pa ka gen lapè toutbon an toutotan monn sa a chaje ak soufrans ak enjistis. E ou menm, ki sa w panse?

Men sa Bib la di

Depi kounye a, moun ki pwòch Bondye ka gen “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann” nan”. — Filipyen 4:6, 7.

Ki lòt bagay nou ka aprann nan Bib la?

  • Bondye pwomèt l ap elimine soufrans ak enjistis, li pwomèt l ap “fè tout bagay vin tounèf”. — Revelasyon 21:4, 5.

  • Nou ka gen lapè toutbon an, lè nou rann nou kont nou “bezwen Bondye”. — Matye 5:3.