Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ANNOU IMITE LAFWA YO | SARA

Bondye te rele l “Prensès”

Bondye te rele l “Prensès”

SARA fè yon ti kanpe sou travay li epi li vire gade. Sèvitè l ak sèvant li yo te okipe nan travay yo e yo te kontan paske Sara te byen boule avè yo. Sara bò kote pa l te gen anpil travay l ap fè tou. Imajine Sara k ap mase kote k ap fè l mal nan men l yo. Petèt se paske li te pase anpil tan ap koud kote ki chire nan tant kote yo t ap viv la ki fè l gen doulè sa yo. Tant sa a, ki te fèt ak po kabrit, te blaze afòs solèy ak lapli te fè plizyè ane ap bat li, e sa te fè Sara sonje yo gen bon ti tan depi y ap viv anba tant. Jounen an pase byen vit, e solèy la kòmanse kouche. Nan maten, li t ap gade do Abraram * ki prale, men kounye a l ap gade kote l ap soti. Kou l wè lonbray mari l k ap parèt sou yon ti mòn ki toupre a, li fè yon ti souri.

Gentan gen 10 an ki pase depi Abraram te mennen fanmi l, ki te gen anpil moun ladan l, pa lòtbò Rivyè Efrat la nan peyi Kanaran. Sara te soutni mari l ak tout kè l nan gwo desizyon sa a san l pa t menm byen konnen sa k t ap tann yo. Sepandan, li te konnen Abraram t ap gen pou l jwe yon gwo wòl nan objektif Jewova te genyen pou l fè vin gen yon desandan espesyal ki t ap vin tounen yon nasyon. Kidonk, ki wòl Sara te gen pou l jwe menm? Li pa t janm ka fè pitit alòske li te gentan gen 75 an. Petèt li t ap di tèt li: ‘Bon, ki jan Jewova ap fè kenbe pwomès li toutotan se mwen ki madanm Abraram?’ Nou kapab konprann rezon ki fè petèt li t ap enkyete l e petèt menm pèdi pasyans.

Sa ka rive nou tou pou n ap mande tèt nou ki lè Bondye ap reyalize pwomès li. Li pa fasil pou nou gen pasyans, sitou lè n ap tann yon bagay nou vrèman anvi. Ki sa nou ka aprann nan egzanp dam sa a ki te gen anpil lafwa?

“JEWOVA ANPECHE M”

Fanmi an te fèk sot ann Ejip (Jenèz 13:1-4). Yo te tabli kan yo nan yon zòn ki gen mòn nan lès Betèl, Kananeyen yo te konn rele Louz tou. Sara te kapab wè yon bon pati nan peyi Bondye te pwomèt yo a depi kote yo te ye a. Nan zòn sa a, te gen anpil bouk kote Kananeyen yo t ap viv, e te gen wout ki te mennen nan lòt zòn ki byen lwen. Aktout sa, zòn sa a pa t ka parèt devan kote Sara te fèt la. Sara te grandi nan vil Ou, yon vil Mezopotami, ki nan yon distans 1900 kilomèt parapò ak kote yo te ye a. Vil sa a te chaje bon bagay ladan l, e li te gen mache tou. Sara te kite fanmi l nan vil sa a ansanm ak yon bèl kay ki te gen mi ak twati ki solid, e petèt ki te gen pwòp sistèm dlo pa l! Epoutan, si nou ta imajine dam sa a k ap gade nan direksyon lès e ki regrèt konfò li kite yo, ebyen nou mèt konnen nou pa konn dam sa a vre ki te gen lakrentif pou Bondye.

Gade sa Bondye te pouse apot Pòl ekri anviwon 2 000 an annapre. Men sa apot la te di lè l t ap pale de lafwa Sara ak Abraram: “Si vrèmanvre yo te toujou ap sonje kote yo te soti a, yo t ap jwenn posiblite pou yo retounen.” (Ebre 11:8, 11, 15). Ni Sara ni Abraram pa t ret ap reflechi sou sa yo te kite dèyè. Si yo te ret ap reflechi sou sa, yo te ka deside retounen nan peyi yo. Si yo te tounen Ou, yo t ap pèdi gwo privilèj Jewova te mete devan yo. E se sèten, moun t ap bliye yo e yo pa t ap vin egzanp moun ki gen lafwa, egzanp ki touche plizyè milyon moun.

Sara pa t ret ap gade sa l kite, li te pito gade devan. Se sa k fè, li te kontinye soutni mari l nan vwayaj yo t ap fè a. Li te ede l defèt tant, deplase ak bèt yo, epi remonte tant yo lè yo rive yon kote yo t ap kanpe. Li te andire lòt difikilte ak chanjman ki te vin genyen yo. Jewova te pale ankò ak Abraram sou pwomès li te fè l la, men li te toujou pa t pale de Sara! — Jenèz 13:14-17; 15:5-7.

Finalman, Sara te panse lè a te rive pou l pale ak Abraram sou yon plan li te gen nan tèt li. Imajine vizaj li ki plen ak emosyon k ap di Abraram: “Tanpri, koute sa m ap di w: Ou wè Jewova anpeche m fè pitit.” Apre sa, li mande mari l pou l fè pitit ak Aga, sèvant li an. Èske w ka imajine jan sa fè Sara mal pou l mande mari l sa? Sa ka parèt dwòl pou nou jodi a, men nan epòk sa a, se te yon bagay nòmal pou yon gason gen yon dezyèm madanm oswa yon fi sou kote pou l te ka gen yon desandans *. Petèt, Sara te panse se konsa Jewova t ap reyalize pwomès li te fè pou gen yon nasyon ki soti nan Abraram. Kèlkeswa jan sa te ye, Sara te dispoze fè yon gwo sakrifis. Ki jan Abraram te reyaji? Bib la fè konnen Abraram “koute sa [Sara] di l la”. — Jenèz 16:1-3.

Èske istwa a fè nou konprann se Jewova ki te pouse Sara mande Abraram sa? Non. Okontrè, nou ka wè jis nou ki pwen Sara pa t wè bagay yo menm jan ak Jewova. Li te panse se Bondye ki te lakòz li pa fè pitit, e li pa t ka wè lòt solisyon ankò. Solisyon Sara te jwenn nan se li menm ankò ki t apral fè l soufri e ki t apral ba l pwoblèm. Epoutan, sa l te fè a montre jis nan ki pwen li pa t wè tèt li sèlman. Èske Sara pa kite yon bèl egzanp pou nou k ap viv nan monn sa a kote souvan moun yo se enterè pa yo sèlman y ap defann? N ap rive imite egzanp Sara a, dam sa a ki te gen lafwa, si nou mete objektif Bondye anvan enterè pa nou.

“OU RI”

Sa pa t pran tan pou Aga te vin ansent pou Abraram. Petèt Aga te met nan tèt li ansent li te vin ansent lan te fè l vin pi enpòtan pase Sara, e li te kòmanse meprize metrès li a. Se pa ti desepsyon sa te ye pou Sara ki te deja pa ka fè pitit! Abraram te bay Sara pèmisyon pou l te disipline Aga, e Jewova te dakò ak sa tou. Aga te vin fè yon pitit gason ki rele Izmayèl, e plizyè ane te vin pase apre sa (Jenèz 16:4-9, 16). Sara te gentan gen 89 an e mari l te gen 99 an lè Jewova te vin bay yon lòt mesaj ankò. E mesaj yo te resevwa a te fè yo sezi anpil!

Yon lòt fwa ankò, Jewova pwomèt Abraram zanmi l lan l ap fè desandan l lan vin anpil. Bondye te chanje non zanmi l lan tou. Anvan sa, yo te konn rele l Abram, men, Jewova te vin ba l non Abraram ki vle di “Papa yon foul moun”. E kounye a, se premye fwa Jewova t apral montre wòl Sara t ap gen pou jwe nan objektif li. Se lè sa a tou li te tou chanje non l. Li pa t rele Sarayi ankò, ki vle di “Renmen fè kont”, men li ba l non Sara, non tout moun konnen jodi a ki petèt te vle di “Prensès”! Jewova te bay rezon ki fè li te chwazi rele dam sa a konsa, li di: “M ap beni li e m ap fè l fè yon pitit gason pou ou. M ap beni li e m ap fè anpil pèp ak anpil wa sot nan li.” — Jenèz 17:5, 15, 16.

Se pa mwayen pitit gason Sara a alyans Jewova te fè a t ap reyalize, anpalan de alyans pou gen yon desandan ki t ap fè anpil nasyon jwenn benediksyon an! Jewova te chwazi rele pitit gason an Izarak, e non sa a vle di “Ri”. Lè Abraram te fèk aprann Jewova gen objektif pou l fè Sara fè yon pitit pou Abraram, Abraram te “lage kò l fas atè. Epi li tonbe ri”. (Jenèz 17:17.) Li te sezi e li te kontan anpil (Women 4:19, 20). Ki jan Sara te reyaji?

Yon ti tan apre, gen twa mesye ki pa t moun zòn nan ki te vin nan tant Abraram nan. Nan moman mesye sa yo te vini an, li te fè cho anpil. Menm kote a, koup aje sa a te kouri al fè preparasyon pou akeyi moun yo. Abraram te di Sara: “Fè vit! Pran twa mezi farin bon kalite, petri pat la epi fè kèk ti pen.” Nan epòk sa a, akeyi yon moun te mande anpil travay. Abraram pa t kite madanm li fè tout travay la poukò l. Li te kouri al touye yon jenn towo bèf e li te prepare plis manje ak bwason (Jenèz 18:1-8). Anfèt “mesye” sa yo se zanj Jewova yo te ye! Petèt, se ak sa apot Pòl t ap panse lè l te ekri: “Pa bliye montre nou akeyan, paske grasa kalite sa a, gen moun ki te resevwa zanj lakay yo san yo pa t konnen.” (Ebre 13:2). Èske w ka imite bèl egzanp Abraram ak Sara bay nan kesyon akeyi moun nan?

Sara te renmen akeyi moun.

Lè youn nan zanj yo te raple Abraram pwomès Bondye te fè l pou Sara gen yon pitit gason, Sara te rete anndan tant lan ap koute. Li te twouve sa tèlman dwòl pou l vin gen yon pitit gason nan laj li te ye a, li te ri poukont li e li te di tèt li: “Kounye a mwen fin granmoun, e mèt mwen an fin granmoun, ou kwè se mwen ki ta jwenn sa vre.” Zanj lan te reprann Sara, li mande l: “Èske gen yon bagay ki enposib pou Jewova?” Sara te kouri defann tèt li, li te di: “Mwen pa ri non!” Nou ka konprann fason l te reyaji a paske l te pè. Lè sa a, zanj lan di: “Se vre! Ou ri.” — Jenèz 18:9-15.

Èske se paske Sara te manke lafwa ki fè l te ri? Non, se pa sa, paske Bib la di: “Grasa lafwa Sara te genyen tou, li te resevwa pisans pou l te vin ansent yon pitit aktout li te gentan pase laj pou l fè pitit, piske li te konsidere Sila a ki fè pwomès la fidèl.” (Ebre 11:11). Sara te konnen Jewova kapab kenbe kèlkeswa pwomès li fè. Kiyès moun ki pa bezwen yon lafwa konsa? Li bon pou nou aprann konnen Bondye Bib la pale de li a pi byen. Konsa, n ap wè Sara te gen rezon gen yon lafwa konsa. Jewova fidèl toutbon e l ap kenbe tout pwomès li fè. Pafwa, li ka menm fè sa yon fason ki fè nou sezi e ki ka menm fè nou ri!

“KOUTE L”

Jewova te rekonpanse Sara pou lafwa solid li te genyen an.

Lè Sara te gen 90 an, li te resi viv moman li t ap tann lè l te gen laj pou sa. Li te fè yon pitit gason pou mari li renmen anpil la ki te gen santan lè sa a! Abraram te rele tibebe a, Izarak, oswa “Ri”, jan Bondye te di sa. Nou ka imajine Sara ki fin granmoun k ap ri e k ap di: “Bondye fè m ri. E tout moun ki tande sa ap ri ansanm avè m.” (Jenèz 21:6). Mirak sa a Jewova te fè pou li a siman te fè kè l kontan pandan tout rès vi l, e se te yon kado sa te ye pou li. Men, te gen gwo responsablite ki te mache ak sa tou.

Lè Izarak te gen senkan, fanmi an te fè yon gwo fèt jou pitit la te sevre a. Men, te gen yon pwoblèm. Bib la di Sara “te remake” Izmayèl pitit gason Aga ki te gen 19 an lè sa a te gen yon move konpòtman, li te gen abitid pase Izarak nan rizib. Se pa t jis yon jwèt sa te ye. Annapre Bondye te fè apot Pòl di sa Izmayèl te fè a se te yon pèsekisyon. Sara te konsidere brimad sa a kòm yon menas pou pitit gason l lan. Sara te konnen Izarak pa t sèlman yon pitit gason l genyen men, Izarak te gen pou l jwe yon gwo wòl nan objektif Jewova. Donk, li te met kouraj sou li pou l t al pale ak Abraram. Li te mande l pou l voye Aga ak tout Izmayèl ale. — Jenèz 21:8-10; Galat 4:22, 23, 29.

Ki jan Abraram te reyaji? Men sa nou li: “Sa l te di Abraram sou tigason l lan pa t fè Abraram plezi ditou.” Li te renmen Izmayèl, e li te kite se santiman li te genyen antanke papa k ap mennen l. Men, Jewova te wè bagay yo jan l te ye a, e li te mete bouch nan koze a. Men sa nou li ankò: “Epi Bondye di Abraram: ‘Pa fache poutèt sa Sara di w konsènan tigason an ak esklav ou a. Koute l, paske se nan Izarak desandans mwen pwomèt ou a ap soti.’” Jewova te bay Abraram asirans Aga ak tigason an t ap jwenn sa yo bezwen. Piske Abraram te yon moun ki fidèl, li te fè sa Jewova di l la. — Jenèz 21:11-14.

Sara te yon bon madanm pou Abraram, yon bonjan èd. Li pa t annik di mari l sa mari a anvi tande. Lè l te wè yon pwoblèm ki te ka yon menas pou fanmi l, li te pale klè sou sa ak mari l. Nou pa dwe panse lefètke li te pale klè ak mari l se manke li te konn manke l respè. Apot Pyè, yon mesye marye, te pale de li kòm yon madanm ki bay bèl egzanp nan fason li te montre bonjan respè pou mari l (1 Korentyen 9:5; 1 Pyè 3:5, 6). An reyalite, si Sara pa t di mari l anyen sou sitiyasyon an se lè sa a li t ap montre li pa gen respè pou Abraram paske ni li menm ni fanmi l te kapab peye sa chè anpil. Avèk anpil respè, Sara te di sa pou l di a.

Anpil madan marye renmen egzanp Sara. Egzanp Sara a aprann yo konnen ki jan pou yo pale avèk mari yo avèk senserite e avèk respè. Se vre, pafwa, gen kèk madan marye ki ta renmen pou Jewova fè yon bagay pou yo nan yon pwoblèm y ap fè fas, menm jan li te fè sa pou Sara. Men, menmsi Jewova pa fè sa dirèkteman, egzanp Sara a aprann yo pou yo gen bèl kalite, tankou lafwa, lanmou ak pasyans.

Se vre Jewova te rele Sara “Prensès”, men Sara pa t atann pou yo te trete l tankou yon prensès.

Menm lè Jewova te rele dam sa a li te renmen anpil la “Prensès”, Sara pa t atann pou yo trete l tankou yon prensès. Nou konprann rezon ki fè lè l mouri a 127 an, Abraram “te nan lapenn pou Sara e li te kriye pou li” *. (Jenèz 23:1, 2.) Se pa ti sonje li te sonje “Prensès” li renmen anpil la! Pa gen dout nan sa, Jewova tou te sonje dam sa a ki te fidèl, e l ap resisite l nan Paradi ki pral gen sou tè a. Gen yon bèl avni k ap tann Sara ak tout moun ki imite lafwa Sara. — Jan 5:28, 29.

^ § 3 Nòmalman, koup la te rele Abram ak Sarayi jiskaske Bondye te vin chanje non yo, men pou pi fasil n ap itilize non moun yo plis konnen yo.

^ § 10 Pandan yon tan, Jewova te pèmèt pou yon gason gen plizyè madanm oswa fi sou kote. Men annapre, li te otorize Jezi Kris pou l retabli prensip konsènan maryaj la, jan sa te ye okòmansman nan jaden Edenn nan, sa vle di pou yon gason marye ak yon sèl fi. — Jenèz 2:24; Matye 19:3-9.

^ § 25 Sara se sèl fi Bib la di a ki laj li te mouri.