Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kreyasyon an fè nou konnen Bondye vivan an

Kreyasyon an fè nou konnen Bondye vivan an

“Jewova, Bondye nou an, ou diy pou w resevwa glwa [...] paske ou kreye tout bagay.” — REV. 4:11.

1. Ki sa nou dwe fè pou n ka gen asirans lafwa nou ap kontinye rete djanm?

GEN anpil moun ki di yo kwè sèlman nan bagay yo kapab wè ak je yo. Ki jan n ka ede moun sa yo vin gen lafwa nan Jewova? Anfèt, Bib la fè konnen “okenn moun pa janm wè Bondye”. (Jan 1:18.) Pou rezon sa a, ki jan n ka gen asirans lafwa nou gen nan Jewova, “Bondye envizib la”, ap kontinye rete djanm (Kol. 1:15)? Premye bagay nou bezwen fè se idantifye ansèyman ki anpeche moun yo konn laverite sou Jewova. Apre sa, nou dwe byen sèvi ak Bib la pou n ranvèse kèlkeswa rezònman ki “kanpe kont konesans Bondye” a. — 2 Kor. 10:4, 5.

2, 3. Bay de ansèyman ki anpeche moun yo konnen laverite sou Bondye.

2 Youn nan fo ansèyman ki gaye sou tout tè a e ki anpeche moun yo konnen laverite sou Bondye se doktrin evolisyon an. Doktrin sa a, yon doktrin lèzòm vin avè l, depaman ak sa Bib la di e l fè moun yo vin sanzespwa. Doktrin sa a fè konnen se annik konsa lavi rete l parèt, e konsa, pa gen okenn rezon ki fè lèzòm sou tè a.

3 Yon lòt bò, gen kèk moun nan lakretyente ki fè konnen linivè a, san wete tè a ansanm ak tout kalite vi ki sou li yo, gen sèlman kèk milye ane depi yo egziste. Moun sa yo k ap anseye fo doktrin sa a yo rele kreyasyonis lan gendwa gen gwo respè pou Bib la, sepandan, yo fè konnen Bondye te kreye tout bagay nan sis jou ki gen 24 è e sa gen kèk milye ane sèlman depi l te fè sa. Yo rejte tout prèv klè syantifik yo bay ki pa ale nan menm sans ak opinyon yo. Kòm rezilta, fo ansèyman sa a fè moun pèdi konfyans nan Bib la, li fè Bib la parèt tankou yon liv ki pa rezonab e ki pa egzak. Petèt, moun k ap fè pwopagann pou kwayans sa yo, fè nou sonje kèk moun ki t ap viv nan premye syèk la ki te gen zèl pou Bondye, men, zèl yo a pa t “ann amoni ak konesans egzak la”. (Wom. 10:2.) Ki jan n ka sèvi ak Pawòl Bondye a pou n ranvèse doktrin evolisyon an ak doktrin kreyasyonis lan  ki “anrasinen byen solid” lakay moun yo *? Se sèlman si nou travay di pou n gen yon konesans ki egzak sou sa Bib la anseye yo n ap kapab fè sa.

LAFWA DWE BAZE SOU PRÈV AK BONJAN REZÒNMAN

4. Sou ki sa lafwa nou dwe baze?

4 Bib la aprann nou pou n bay konesans anpil valè (Pwo. 10:14). Jewova pa vle pou lafwa nou gen nan li a baze sou filozofi lèzòm oswa sou tradisyon fo relijyon yo, men, li vle pou lafwa sa a baze sou prèv ak bonjan rezònman. (Li Ebre 11:1.) Pou n ka vin gen yon lafwa ki solid nan Bondye, toudabò, nou dwe gen konviksyon Jewova egziste. (Li Ebre 11:6.) N ap rive gen konviksyon sa a lè nou egzamine prèv nou genyen yo ak lè n sèvi ak “kapasite nou genyen pou nou rezone” a. — Wom. 12:1.

5. Bay yon rezon ki fè n gen konviksyon Bondye egziste.

5 Apot Pòl te bay yon rezon ki montre nou ka gen konviksyon Bondye egziste menm lè n pa ka wè l. Men sa Pòl te ekri konsènan Jewova: “Kalite li yo ki envizib, sètadi pisans li ki etènèl e lefètke se li menm reyèlman ki Bondye, parèt klè depi nan kreyasyon monn nan, paske moun rive wè yo nan bagay li fè yo.” (Wom. 1:20). Ki jan n ta ka ede yon moun ki pa fin kwè Bondye egziste pou l wè verite ki gen nan pawòl sa yo Pòl te di anba enfliyans lespri sen an? Nou ta ka egzamine kèk nan prèv ki vin annapre yo avè l, yon seri prèv nou jwenn nan kreyasyon an ki montre pisans ak sajès Kreyatè nou an.

PISANS BONDYE PARÈT AKLÈ NAN KREYASYON AN

6, 7. Ki jan pisans Jewova parèt aklè nan de boukliye ki pwoteje n yo?

6 Pisans Jewova parèt nan de boukliye ki pwoteje n yo, anpalan de atmosfè tè a ak chan mayetik tè a. Atmosfè a pa annik fè nou jwenn lè pou n respire, men, li pwoteje n tou kont pifò gwo wòch k ap deplase ak tout boulin nan lespas. Gwo wòch sa yo te kapab fè anpil dega si yo te tonbe sou tè a, men, an jeneral, yo boule nèt pandan y ap antre nan atmosfè tè a, e konsa yo vin tounen bèl zetwal filant nan syèl la leswa.

7 Chan mayetik tè a pwoteje n tou kont danje. Boukliye sa a soti byen fon anndan tè a. Gen yon pati nan nwayo tè a, ki fèt sitou ak fè ki sou fòm likid afòs li chofe, ki kreye yon chan mayetik ki pisan anpil ki toutotou nou e ki rive byen lwen nan lespas. Chan mayetik sa a pwoteje n tou kont yon seri reyon ki danjere ki soti nan dife ak eksplozyon ki fèt nan solèy la. Grasa chan mayetik tè a, enèji ki soti nan eksplozyon sa yo pa boule tout sa ki gen vi sou tè a. Olye de sa, li absòbe enèji sa yo epi li devye yo. Bèl limyè tout koulè k ap briye nan syèl la leswa, ki toupre pòl Nò ak pòl Sid, ede nou wè byen klè jan boukliye mayetik nou an ap travay. Pa gen dout nan sa, Jewova “gen anpil pisans”. — Li Izayi 40:26.

SAJÈS BONDYE PARÈT AKLÈ NAN LANATI

8, 9. Ki jan sajès Jewova parèt aklè nan diferan sik ki pèmèt lavi kontinye egziste sou tè a?

8 Sajès Jewova parèt aklè nan diferan sik ki pèmèt lavi kontinye egziste sou tè a, sa vle di fason Jewova kontinye rann lavi posib sou tè a. Ann pran yon egzanp: Imajine w ap viv nan yon vil ki gen anpil moun ladan l e ki gen yon miray toutotou l. Pa gen okenn mwayen pou moun soti al chèche dlo oswa pou yo jete fatra. Yon vil konsa t ap vin sal byen vit, e moun pa t ap ka abite ladan l. Nan yon sans, tè a sanble ak vil sa a ki gen miray toutotou l la. Tè a gen yon kantite dlo ki limite, e li enposib pou n jete fatra nan lespas. Sepandan, swadizan vil  sa a ki gen miray toutotou l la pèmèt plizyè milya kreyati jwenn sa yo bezwen pou yo viv e l fè sa jenerasyon apre jenerasyon. Sa k fè sa? Rezon an se paske l gen yon kapasite estrawòdinè pou l resikle bagay nou bezwen pou n viv yo.

9 Ann konsidere fason tè a fè tout sa ki gen vi ladan l jwenn oksijèn. Gen plizyè milya kreyati ki absòbe oksijèn e ki rejte diyoksid kabòn. Malgre sa, toujou gen oksijèn, e gaz yo rejte a, anpalan de diyoksid kabòn nan, pa janm toufe atmosfè a. Sa k fè sa? N ap jwenn repons lan nan yon pwosesis estrawòdinè ki rele fotosentèz. Grasa pwosesis sa a, plant ki vèt yo pran nan diyoksid kabòn, nan dlo, nan limyè solèy la ak nan bagay ki pèmèt plant yo grandi a e yo pwodui idrat kabòn ak oksijèn. Nou konplete sik la lè nou respire oksijèn nan. Nan yon sans literal, Jewova sèvi ak plant li te kreye yo pou l bay “tout moun lavi ak souf”. (Tra. 17:25.) Ala yon kokennchenn sajès Jewova genyen!

10, 11. Ki jan papiyon yo rele monak la ansanm ak ti bèt yo rele demwazèl la montre sajès Jewova genyen?

10 Sajès Jewova parèt aklè tou nan fason l fè tout kreyati k ap viv sou bèl planèt nou an. Dapre rechèch yo fè, yo jwenn gen ant 2 a 100 milyon espès k ap viv sou tè a. (Li Sòm 104:24.) Annou wè kòman sajès Jewova parèt aklè nan fason l fè kèk nan kreyati sa yo.

Sajès Bondye parèt nan fason l kreye je demwazèl la; yo agrandi je a nan foto ki anndan an. (Gade paragraf 11.)

11 Pa egzanp, papiyon yo rele monak la gen yon sèvo ki menm gwosè ak yon pwent plim. Sepandan, papiyon sa a gen kapasite pou l deplase sou yon distans ki anviwon 3 000 kilomèt soti nan peyi Kanada pou l al nan yon forè ki nan peyi Meksik. Pou l rive fè sa, li sèvi ak solèy la pou l jwenn wout li. Ki jan sa fè posib piske solèy la ap chanje pozisyon nan syèl la? Jewova te kreye ti sèvo papiyon sa a yon fason pou l adapte l ak mouvman solèy la. Kounye a, ann konsidere je ti bèt ki rele demwazèl la. Bèt sa a rive wè grasa de je ki gen plizyè pati. Chak grenn je l gen plis pase 30 000 lantiy ladan l. Malgre sa, ti sèvo demwazèl la gen kapasite pou l konprann kèlkeswa siyal lantiy sa yo ba li e l ka detekte tout ti mouvman ki fèt nan anviwònman l.

12, 13. Ki sa k enpresyone w nan fason Jewova kreye selil ki nan kò nou yo?

12 Yon bagay ki pi enpresyonan toujou se fason Jewova kreye selil ki nan tout kreyati vivan yo. Pa egzanp, kò nou gen anviwon 100 mil milya selil. Anndan chak selil sa yo gen yon bagay ki toupiti ki gen menm fòm ak yon kòd ki rele ADN (asid dezoksiribonikleyik). Se nan li nou jwenn pifò enfòmasyon ki nesesè sou fason pou kò nou ye.

13 Ki kantite enfòmasyon ADN nan gen ladan l? Ann fè yon konparezon ant kantite enfòmasyon yon gram ADN gen ladan l ak kantite enfòmasyon yon disk konpak (CD) ka kenbe. Yon CD kapab stoke tout  enfòmasyon ki nan yon diksyonè, e se yon bagay ki vrèman enpresyonan lè n sonje yon CD se senpleman yon ti disk ki fèt an plastik. Sepandan, yon sèl gram ADN kapab stoke menm kantite enfòmasyon ak mil milya CD! Pou n esplike sa yon lòt fason, nou kapab di yon sèl ti kiyè ADN ki seche kapab stoke ase enfòmasyon pou fè 350 fwa kantite moun k ap viv jodi a!

14. Ki jan dekouvèt syantifik yo fè w santi w konsènan Jewova?

14 Wa David te di se kòmsi Jewova te mete tout enfòmasyon ki nesesè sou fason pou kò nou ye a nan yon liv. Men sa l te di konsènan Jewova, Bondye nou an: “Je w te wè anbriyon mwen epi nan liv ou a tout pati l yo te enskri, kanta jou yo te fòme yo e lè potko gen youn nan yo.” (Sòm 139:16, NW). David te gen rezon pou l louwe Jewova lè l t ap medite sou fason Jewova te kreye l. Dekouvèt syantifik yo fè nan ane ki sot pase yo enpresyone nou pi plis toujou lè nou medite sou fason Jewova te kreye nou. Dekouvèt sa yo ban nou plis rezon toujou pou n dakò ak pawòl salmis la te ekri konsènan Jewova lè l te di: “M ap louwe w paske mwen fèt yon fason ki bay lakrentif, yon fason ki estrawòdinè. Travay ou yo estrawòdinè, e nanm mwen konn sa trè byen.” (Sòm 139:14, NW). Vrèmanvre, kreyasyon an ban nou prèv ki montre Bondye egziste toutbon!

EDE LÒT MOUN BAY BONDYE VIVAN AN GLWA

15, 16. a) Ki jan piblikasyon nou yo ede n apresye kapasite Jewova genyen pou l kreye a? b) Ki sijè ki te parèt nan ribrik “Hasard ou conception?” an ki te plis enpresyone w?

15 Sa gen plizyè dizèn ane depi peryodik ki rele Réveillez-vous! a ap ede plizyè milyon moun apresye sa kreyasyon an fè konnen konsènan Bondye vivan an. Pa egzanp, nan ane 2006, nimewo mwa septanm nan te gen tit: “Y a-t-il un Créateur?” Yo te ekri nimewo sa a espesyalman pou ouvri je moun doktrin evolisyon an ak doktrin kreyasyonis lan te avegle yo. Men sa yon sè te ekri biwo filyal Etazini an konsènan nimewo espesyal sa a: “Kanpay ki te fèt pou n ofri moun yo nimewo espesyal la te mache trè byen. Gen yon dam ki te mande m 20 peryodik. Dam sa a anseye byoloji e l te vle pou elèv li yo gen peryodik la.” Men sa yon frè te ekri: “Mwen aktif nan travay predikasyon an depi fen ane 1940 yo e kounye a mwen prèske gen 75 an, sepandan, mwen pa t janm kontan konsa nan travay predikasyon an pase mwa mwen t ap ofri nimewo Réveillez-vous! espesyal la.”

16 Sa fè kèk ane deja depi pifò nimewo Réveillez-vous! yo gen yon ribrik ki rele “Hasard ou conception?” Atik sa yo ki tou kout met aksan sou fason kreyasyon an enpresyonan e l montre fason lèzòm eseye imite Gran Achitèk la. Nou te resevwa plis zouti toujou pou ede n bay Bondye glwa lè bwochi ki rele La vie a-t-elle été créée? a te parèt nan ane 2010. Bèl foto ak bonjan ansèyman nou jwenn nan tablo ki ladan l yo ede n apresye kapasite Jewova genyen pou l kreye a. Kesyon nou jwenn nan fen chak seksyon yo ede lektè a rezone sou enfòmasyon li fèk sot egzamine yo. Èske w renmen sèvi ak bwochi sa a lè w ap preche kay an kay, an piblik oswa lè w ap bay temwayaj enfòmèl?

17, 18. a) Ki jan paran yo kapab ede pitit yo vin gen plis konfyans nan kapasite yo genyen pou yo defann lafwa yo? b) Ki fason w sèvi ak bwochi ki pale de kreyasyon an lè w ap fè adorasyon an fanmi?

17 Ou menm paran, èske w egzamine bwochi sa a ki gen anpil bèl koulè ladan l ak pitit ou lè w ap fè adorasyon an fanmi? Si w fè sa, w ap ede pitit ou vin apresye Bondye vivan an. Petèt ou gen pitit ou ki adolesan ki nan segondè. Se sitou yo menm moun k ap anseye fo doktrin evolisyon an vize. Kit se syantifik, pwofesè lekòl, dokimantè sou lanati, e menm divètisman ki nan monn nan tankou emisyon  televizyon ak fim, yo tout ap fè pwopagann pou fè konnen se grasa evolisyon tout bagay vin egziste. Ou kapab ede pitit ou yo ki adolesan goumen ak pwopagann sa yo lè w sèvi ak yon lòt bwochi, anpalan de bwochi Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie a, ki te parèt nan ane 2010 tou. Menm jan ak bwochi La vie a-t-elle été créée? a, bwochi sa a ap ankouraje jèn yo devlope ‘kapasite yo genyen pou yo reflechi’ a (Pwo. 2:10, 11, NW). L ap aprann yo fason pou yo rive wè si sa y ap anseye lekòl la lojik.

Paran, fòme pitit ou yo pou yo defann lafwa yo. (Gade paragraf 17.)

18 Bwochi ki rele Origine de la vie a fèt pou ede etidyan yo egzamine nouvèl ki fè konnen syantifik yo jwenn yon seri zosman ki swadizan bay prèv ki montre se grasa evolisyon ki fè lèzòm egziste. Bwochi a ankouraje etidyan yo pou yo chèche konnen si wi ou non nouvèl sa yo montre toutbonvre lèzòm soti nan kreyati ki pi ba pase yo. Li anseye yo tou fason pou yo reponn moun ki fè konnen syantifik yo rive pwouve, nan eksperyans yo fè nan laboratwa, se annik konsa lavi rete l parèt. Ou menm paran, si w sèvi ak bwochi sa yo, ou kapab ede pitit ou vin gen plis konfyans nan kapasite yo genyen pou yo reponn kèlkeswa moun ki mande yo rezon ki fè yo kwè nan yon Kreyatè. — Li 1 Pyè 3:15.

19. Ki privilèj nou tout genyen?

19 Òganizasyon Jewova a ban nou bonjan piblikasyon ki kapab ede n wè bèl kalite Jewova yo ki parèt nan kreyasyon an. Tout bagay sa yo se bonjan prèv ki pouse n bay Bondye nou an louwanj ak tout kè nou (Sòm 19:1, 2). Ala yon gwo privilèj nou genyen pou n bay Jewova, Sila ki kreye tout bagay la, onè ak glwa li menm sèl merite a! — 1 Tim. 1:17.

^ § 3 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou n rezone ak moun k ap anseye doktrin kreyasyonis lan, gade bwochi La vie a-t-elle été créée?, paj 24 a 28.