Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bon relijyon an ankouraje moun gen lanmou youn pou lòt

Bon relijyon an ankouraje moun gen lanmou youn pou lòt

“MOUN ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen.” ​(1 Jan 4:8). Donk, bon relijyon an ta dwe anseye moun ki ladan l yo pou yo gen lanmou fratènèl.

Gen anpil relijyon ki fè yon bèl travay nan kesyon pran swen moun ki malad, ki granmoun oswa ki pòv. Yo ankouraje manm yo pou yo suiv konsèy apot Jan te bay lè l te di: “Si yon moun genyen byen nan lemonn, li wè frè li nan bezwen, epi li fèmen kè li sou frè a, kòman lanmou Bondye rete nan moun sa a la a? Timoun mwen yo, se pa nan pawòl ak nan bouch pou nou renmen. Okontrè, se nan aksyon ak laverite.” —1 Jan 3:17, 18, Bib Kreyòl La.

Men, ki sa n ap fè lè nasyon yo nan lagè? Men kòmandman Bondye ban nou: “Ou va renmen pwochen ou tankou ou menm.” Èske n ap suiv kòmandman sa a sèlman nan moman lapè epi n ap sispann suiv li lè yon politisyen oubyen lè yon wa chwazi fè lagè ak yon lòt nasyon? —Matye 22:39, Nouvo Téstaman sin an avèk Sòm e Provèb yo *.

Men sa Jezi te di: “Si nou gen lanmou youn pou lòt, se konsa tout moun va konnen se disip mwen nou ye.” ​(Jan 13:35, Bib Kreyòl La). Pandan w ap reponn kesyon ki vin pi ba yo, mande tèt ou: ‘Èske moun ki nan relijyon sa a toujou demontre lanmou pou tout moun, pa sèlman an pawòl, men nan aksyon tou?’

SIJÈ: Lagè.

MEN SA LABIB ANSEYE: Jezi te bay disip li yo kòmandman sa a: “Mwen menm menm, mwen di nou: renmen ènmi nou yo epi lapriyè pou sa k ap pèsekite nou yo.” —Matye 5:44, Liv ki sin yo: Nouvo Téstaman-an.

Lè sòlda yo te vin arete Jezi, apot Pyè te rale yon epe pou l defann li. Sepandan, Jezi te di: “Remete epe w la nan plas li. Paske tout moun ki pran epe, se ak epe y ap mouri tou.” —Matye 26:52, Bib Kreyòl La.

Men sa apot Jan te ekri: “Men jan nou ka depati pitit Bondye yo ak pitit Satan yo: depi yon moun pa fè sa ki dwat devan Bondye, depi li pa renmen frè li, se pa pitit Bondye li ye. Paske, men mesay nou te tande depi nan konmansman an: se pou nou yonn renmen lòt. Piga nou fè tankou Kayen. Nonm sa a se moun Satan li te ye. Li te touye frè li.” —1 Jan 3:10-12.

KESYON: Èske relijyon sa a ankouraje moun ki ladan l yo patisipe nan lagè?

SIJÈ: Politik.

MEN SA LABIB ANSEYE: Gen kèk moun, apre yo te fin wè Jezi te kapab fè mirak, yo te vle fè l antre nan politik. Ki jan Jezi te reyaji? Men sa Bib la di: ‘Jezi te konnen yo t apral vin pran l pou yo fè l wa, donk, li rale kò l, l al sou mòn nan, li menm sèl.’ —Jan 6:15, Bib Kreyòl La.

Lè yo te arete Jezi e lè yo te lage fo akizasyon sou do l kòmkwa li t ap ankouraje pèp la rebele kont gouvènman an, li te di: “Wayòm mwen se pa nan monn sa a: Si wayòm mwen te nan monn sa a, alò sèvitè mwen yo ta goumen, pou mwen pa t livre bay Juif yo: men kounye a wayòm mwen se pa isit la.” —Jan 18:36, Nouvo Téstaman sin an avèk Sòm e Provèb yo.

Men sa Jezi te di lè l t ap priye Bondye pou disip yo: “Mwen te ba yo pawòl ou. Lemonn rayi yo paske yo menm yo pa moun lemonn, menm jan mwen menm mwen pa moun lemonn.” —Jan 17:14.

KESYON: Èske relijyon sa a ankouraje manm li yo suiv egzanp Jezi lè l ankouraje yo pou yo pa antre nan politik, menmsi sa ta lakòz kèk politisyen rayi yo?

SIJÈ: Prejije.

MEN SA LABIB ANSEYE: Lè premye moun ki pa t Juif e ki pa t sikonsi yo te vin kretyen, apot Pòl te fè remak sa a: “Bondye pa nan patipri. Okontrè, nan tout nasyon, si yon moun genyen krentif pou Bondye epi li fè sa ki jis, Bondye asepte li.” —Travay 10:34, 35, Bib Kreyòl La.

Men sa Jak te di nan lèt li te voye bay kretyen premye syèk yo: “Frè mwen yo, montre lafwa nou nan Jezi Kris, Senyè nou an, men, san patipri. Li se laglwa. Vrèmanvre, sipoze yon moun avèk bag lò ak rad klere ta antre nan asanble nou an, epi yon pòv ak rad blaze ta antre tou. Nou gade moun ki mete rad klere a avèk respè. Nou di li: ‘Chita isit, tanpri.’ Men nou di moun pòv la: ‘Ou menm, kanpe lòt bò a. Oubyen chita isit, bò machpye m nan.’ Konsa, èske se pa diferans n ap fè pami nou? Epitou, èske nou pa tounen jij ki gen move lide?” —Jak 2:1-4, Bib Kreyòl La.

KESYON: Èske relijyon sa a anseye tout moun egal nan je Bondye e èske l anseye moun ki ladan l yo pou yo pa gen okenn prejije ras ni okenn prejije ki baze sou sitiyasyon ekonomik yon moun?

Ki relijyon ou konnen ki anseye moun ki ladan l yo pou yo pa mele nan politik, pou yo pa gen prejije kont moun poutèt ras yo ak sitiyasyon ekonomik yo, bagay ki konn divize moun?

^ § 4 Chak fwa nou sèvi ak yon tradiksyon Bib ki gen ansyen òtograf kreyòl la, nou itilize nouvo òtograf kreyòl la pou fasilite lekti a.