Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon Jij ki toujou aji selon sa ki dwat

Yon Jij ki toujou aji selon sa ki dwat

Annou pwoche bò kote Bondye

Yon Jij ki toujou aji selon sa ki dwat

Nonb 20:2-13

JIJ ki sou tè a ka bay santans ki pa jis oubyen ki twò di, men Jewova pa konsa. Li “renmen jistis”. (Sòm 37:28, NW.) Li pasyan, se vre, men li pa sitirè. Li toujou aji selon sa ki dwat. Gade fason li te reyaji nan yon sitiyasyon kote te gen kont ak rebelyon, jan nou wè sa nan Nonb chapit 20 an.

Nan yon moman kote vwayaj Izrayelit yo t ap fè nan dezè a te prèske rive nan bout li, dlo yo te fini *. Pèp la te kòmanse plenyen bay Moyiz ak Arawon, yo t ap di: ‘Poukisa ou mennen nou nan dezè a? Gen lè se pou fè nou mouri, nou menm pèp Senyè a, ansanm ak bèt nou yo?’ ​(Vèsè 4). Pèp la te pran plenyen, yo t ap di dezè a se yon “move kote” ki pa gen ni “pye fig frans, ni pye rezen, ni pye grenad”, fwi espyon izrayelit yo te pote sa gen plizyè ane sot nan Latè pwomiz, e yo t ap di tou “pa menm gen dlo pou moun bwè”. (Vèsè 5; Nonb 13:23.) Anfèt, yo t ap repwoche Moyiz dèske dezè a pa t menm jan ak tè Jewova t ap bay Izrayelit yo, yon tè ki te pwodui anpil manje, alòske jenerasyon ki te vin anvan an ki t ap plede plenyen pa t vle antre ladan l.

Jewova pa t rejte moun sa yo ki t ap plede plenyen yo. Okontrè, li te bay Moyiz lòd pou l fè twa bagay: pou l pran baton l, pou l rasanble pèp la epi pou l “pale ak wòch ki bò laba a, [e] wòch la va bay dlo”. (Vèsè 8.) Moyiz te obeyi de premye lòd Jewova te ba l yo, men li pa t obeyi twazyèm nan. Olye se ak wòch la li te pale avèk lafwa, se ak pèp la li te pale an kòlè pito. Li te di yo: “Tande non, bann rebèl! Èske se nan wòch sa a pou nou fè dlo soti pou nou?” ​(Vèsè 10, NW; Sòm 106:32, 33). Apre sa, Moyiz frape wòch la de fwa epi “yon gwo sous dlo pete nan wòch la”. —Vèsè 11.

Lè sa a, Moyiz ak Arawon te fè yon peche grav. Bondye te di yo: “Nou pa t fè sa mwen te ban nou lòd fè.” ​(Nonb 20:24). Lefètke Moyiz ak Arawon te dezobeyi lòd Bondye te ba yo nan okazyon sa a, yo te fè menm sa yo te joure pèp la pou li a: yo te rebele. Santans Bondye a te klè: Moyiz ak Arawon pa t ap mennen Izrayèl nan Latè pwomiz. Èske santans sa a te twò di? Non. Gen plizyè rezon ki montre li pa t twò di.

Premyèman, Bondye pa t mande Moyiz pou l pale ak pèp la, ale wè pou l ta jije yo kòm rebèl. Dezyèmman, Moyiz ak Arawon pa t bay Bondye glwa. Bondye te di: “Nou pa t fin gen konfyans nèt nan mwen pou n te fè moun pèp Izrayèl yo wè jan mwen se yon Bondye apa.” ​(Vèsè 12). Lefètke Moyiz te di “èske se nan wòch sa a pou nou fè dlo soti pou nou?”, li te pale kòmsi se li menm ak Arawon ki te fè pèp la jwenn dlo a pa mwayen yon mirak, e non pa Bondye. Twazyèmman, pinisyon Bondye te bay la te koresponn ak jijman li te pwononse anvan yo. Bondye pa t kite lòt jenerasyon rebèl la antre Kanaran, donk li te fè menm bagay la pou Moyiz ak Arawon (Nonb 14:22, 23). Katriyèmman, se Moyiz ak Arawon ki t ap dirije pèp Izrayèl la, e moun ki gen pi gwo responsablite gen plis kont pou yo rann Bondye. —Lik 12:48.

Jewova toujou aji selon sa ki dwat. Piske li renmen jistis, li pa kapab bay santans ki enjis. Asireman, yon Jij konsa merite pou nou fè l konfyans e pou nou respekte l.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Apre Izrayelit yo te fin soti ann Ejip, yo te pare pou yo antre Kanaran, tè Bondye te pwomèt li t ap bay Abraram nan. Sepandan, lè dis espyon yo te tounen ak yon move rapò, sa te fè pèp la plenyen kont Moyiz. Se sa k fè Jewova te fè yo konnen yo t ap gen pou yo pase 40 an nan dezè a, yon fason pou tout moun ki te nan jenerasyon rebèl la te ka gentan mouri.