Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bondye gen sousi pou nou toutbonvre — Ki jan nou fè konn sa?

Bondye gen sousi pou nou toutbonvre — Ki jan nou fè konn sa?

Bondye gen sousi pou nou toutbonvre — Ki jan nou fè konn sa?

SI Bondye renmen nou, poukisa gen tout soufrans sa yo? Sa se yon kesyon moun ap poze depi lontan e ki gen tout enpòtans li. Se yon kesyon anpil moun ap reflechi sou li depi plizyè milye ane. Asireman w ap dakò ak pwen sa a: Si w renmen yon moun, ou pa ta renmen moun sa a soufri, e si li ta nan pwoblèm, ou t ap chèche mwayen pou w ede l. Se sa k fè anpil moun santi lefètke gen tout soufrans sa yo nan monn nan sa montre Bondye pa gen sousi pou nou. Donk, li enpòtan pou nou egzamine toudabò kèk prèv ki montre Bondye vrèman renmen nou e li gen sousi pou nou.

Kreyasyon an bay prèv ki montre Bondye renmen nou

Se Jewova Dye “ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo”. (Travay 4:24.) Sa klè, lè n ap gade sa Jewova fè yo, nou kapab wè li gen sousi pou nou. Pa egzanp, fè yon ti reflechi sou bagay ou renmen e ki fè kè w kontan. Èske w renmen bon manje? Jewova te ka annik ban nou yon sèl kalite manje pou kenbe nou an vi. Olye de sa, li te kreye anpil kalite manje moun pa ka konte nou pran plezi pou nou manje. Menm jan an tou, Jewova te anbeli tè a ak yon pakèt pyebwa, yon pakèt flè ak bèl peyizaj pou fè lavi a agreyab e enteresan pou nou.

Annou egzamine fason nou fèt la tou. Kapasite nou genyen pou n wè kote ki amizan nan yon bagay, kapasite nou genyen pou nou apresye mizik ak kapasite nou genyen pou nou apresye bèl bagay pa endispansab pou nou viv. Men, yo tout se kado Bondye ban nou pou anrichi lavi nou. Anplis, reflechi sou relasyon nou gen ak lòt moun. Kiyès ki pa renmen lè l ansanm ak bon zanmi l oubyen ki pa renmen lè yon moun li gen anpil afeksyon pou li ba l yon akolad? Kapasite nou genyen pou nou renmen an se yon kado Bondye nou an ki gen lanmou an ban nou. Si Bondye mete kapasite pou lèzòm renmen an nan yo, se sèten li menm tou li gen kalite sa a.

Labib asire nou Bondye renmen nou

Labib fè nou konnen Bondye se lanmou (1 Jan 4:8). Nonsèlman lanmou li parèt klè nan sa l kreye yo, men tou, li parèt klè nan Pawòl li a, Labib. Pa egzanp, Labib bay prensip ki ka ede nou gen yon bon sante, li ankouraje nou pou nou gen moderasyon nan tout bagay e li bay avètisman konsènan bwè ak manje san kontwòl. —1 Korentyen [1 Korent] 6:9, 10.

Labib bay konsèy saj tou sou fason pou moun viv youn ak lòt, li ankouraje nou pou nou youn renmen lòt e pou nou youn trete lòt avèk respè, avèk diyite e avèk jantiyès (Matye 7:12). Li kondane pratik ak atitid ki ka fè moun soufri. Pa egzanp li kondane moun ki renmen tout pou yo, moun k ap fè tripotay, ki gen tanta, moun k ap fè adiltè oubyen k ap touye moun. Si tout moun te fè efò pou yo suiv bon konsèy ki nan Ekriti yo, pa gen dout nan sa, t ap gen mwens soufrans sou tè a.

Sepandan, pi gwo fason Bondye montre li renmen nou, se bay li te bay Jezi, Pitit li a, kòm ranson pou limanite. Men sa Jan 3:16 fè konnen: “Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p’ap pèdi lavi yo. Okontrè y’a gen lavi ki p’ap janm fini an.” Konsa, Jewova deja fè aranjman pou l efase lanmò ak tout kalite soufrans pou toutan. —1 Jan 3:8.

Sa klè, gen anpil prèv ki montre Jewova renmen nou. Donk, li lojik pou nou panse sa pa fè l plezi ditou pou l wè n ap soufri. Li pral mete fen nan soufrans yo. Nou pa bezwen poze tèt nou kesyon sou ki jan Bondye pral fè sa, paske Labib di nou egzakteman ki jan li pral efase tout soufrans.

[Foto nan paj 4]

Kapasite nou genyen pou nou renmen an se yon kado Bondye ki gen lanmou an ban nou.