Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Konbe tan ankò pou m pase [...] ap mande ou sekou?”

“Konbe tan ankò pou m pase [...] ap mande ou sekou?”

“Konbe tan ankò pou m pase [...] ap mande ou sekou?”

“M pa ka soufri ankò!” Se sa Jayne t ap di etan l t ap kriye. Li te gen kansè, e maladi a t ap gaye nan tout kò l. Se pa ti kontan fanmi l t ap kontan si yo te ka geri l pou l sispann soufri! Yo te priye Bondye pou yo mande l ede Jayne. Men, èske Bondye te koute yo? Èske l gen sousi pou yo?

BONDYE konnen nan ki sitiyasyon lèzòm ye. Men sa Labib, Pawòl li a, di: “Tout kreyasyon an ap plenn, l’ap soufri tankou yon fanm ki gen doulè tranche.” ​(Women 8:22). Bondye konnen gen plizyè milyon moun ki nan soufrans chak jou, menm jan ak Jayne, kit se soufrans fizik, kit se soufrans nan domèn afektif, kit se soufrans nan domèn mantal. Bondye wè tout 800 milyon moun k al dòmi grangou chak swa yo, li wè plizyè milyon moun k ap soufri tou akoz vyolans moun lakay yo fè sou yo e li wè pakèt paran ki enkyè pou avni pitit yo ak byennèt yo. Èske w konn mande tèt ou si Bondye ap fè yon fason pou l rezoud pwoblèm sa yo? Piske nou menm nou ta renmen ede moun pa nou yo, èske li pa nòmal pou Bondye ta renmen ede lèzòm, ki se kreyati l?

Si w konn poze tèt ou menm kesyon sa yo, konnen se pa ou menm sèl. Sa gen plis pase 2 600 an, gen yon nonm fidèl, ki te rele Abakouk, ki te santi l menm jan ak anpil moun jodi a. Se sa k fè li te mande Bondye: “Senyè! Konbe tan ankò pou m pase ap rele ou, ap mande ou sekou anvan pou ou tande m? Konbe tan ankò pou m pase ap rele nan zòrèy ou anvan pou ou vin delivre nou anba moun k’ap maltrete nou yo? Poukisa w’ap fè m wè tout mechanste sa yo? Ki jan ou ka rete kanpe konsa ap gade tout lenjistis sa yo? Se piyay ak mechanste ase ki devan je m! Toupatou se goumen, se kont.” ​(Abakouk [Abakik] 1:2, 3). Abakouk, ki te yon pwofèt ebre, te wè yon seri gwo zak vyolans ki t ap fèt san rezon nan epòk li a. Jodi a, nou tande nouvèl sou bagay sa yo chak jou e nouvèl sa yo bay moun ki gen kè sansib yo degoutans.

Èske Bondye te meprize sa Abakouk te santi yo? Non. Li te koute kesyon sensè Abakouk, ki te dekouraje, te poze yo, apre sa li te rekonfòte l e li te ankouraje l. Jewova Dye te pwomèt Abakouk li pral mete fen nan tout soufrans, e sa te fòtifye lafwa l. Mesaj espwa Bondye bay la te rekonfòte Jayne ak fanmi l, e li kapab rekonfòte w tou. Men, ki jan nou ka sèten Bondye gen sousi pou nou toutbonvre? Ki sa Bondye pral fè pou l mete fen nan tout soufrans, e ki lè li pral fè sa? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik ki vin apre yo.