Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LABIB CHANJE LAVI MOUN

“Mwen te vle vin yon prèt”

“Mwen te vle vin yon prèt”
  • ANE LI FÈT: 1957

  • PEYI KOTE L SOTI: MEKSIK

  • ANVAN: LI TE VLE VIN PRÈT. LI TE VYOLAN

VI MWEN T AP MENNEN:

Mwen te fèt nan yon ti vil yo rele Texcoco. Nan epòk sa a, pifò wout yo pa t asfalte e yo te gen pousyè. Li te nòmal pou wè moun ki sot nan vil ki toupre yo ki t apral lavil ak bourik yo ki byen chaje ak bagay pou yo vann. Mwen te nan yon fanmi ki gen nèf timoun ladan l e nou te pòv anpil. Mwen te setyèm pitit nan fanmi an. Pou pran swen fanmi an, papa m te konn ranje sandal, yo rele sandal sa yo guaraches. Lè m te gen setan, papa m te mouri. Depi lè sa a, manman m te goumen anpil pou l bay fanmi an manje.

Granpapa m te jwe vyolon e li te konn dirije òkès ki te maton nan jwe mizik klasik evanjelik. Prèske tout moun nan fanmi nou te jwe yon enstriman mizik. Manman m te konn chante nan koral legliz la. Tonton m te konn chante opera e li te konn jwe pyano. Fanmi nou te nan anpil aktivite ki fèt nan legliz la. Lè m te jèn, mwen te yon anfannkè, e rèv mwen se te pou m vin yon misyonè katolik. Men anmenmtan, mwen te renmen gade fim karate yo anpil. Plis mwen te gade jan de fim sa yo, se plis mwen te vin gen yon pèsonalite ki vyolan.

Mwen te nan yon lekòl relijye nan vil Puebla. Lekòl sa a te fonksyone tankou lekòl ki fòme moun pou vin prèt. Objektif mwen se te pou m vin yon prèt katolik. Men, pandan dènye ane lekòl mwen an, mwen te vin pran yon desepsyon nan legliz katolik la. Te gen yon jèn mè ki te ofri m kouche avè l. Mwen te rive reziste anba tantasyon sa a, men sitiyasyon sa a te fè m vin gen yon gwo anvi pou m marye. Anplis de sa, mwen te remake plizyè prèt ki t ap mennen yon vi ki ipokrit. Pi devan, mwen te vin bay vag sou objektif mwen te genyen pou m vin prèt la.

Antanke anfannkè, rèv mwen se te pou m vin yon misyonè katolik. Men anmenmtan, mwen te renmen gade fim karate yo anpil e mwen te vin gen yon pèsonalite ki vyolan.

Mwen te deside al etidye mizik nan yon lekòl (National Conservatory of Music) ki nan vil Meksiko. Lè m te fin gradye, mwen te marye. E apre yon ti tan mwen menm ak madanm mwen te vin gen kat timoun. Pou m te pran swen fanmi m, mwen te konn chante nan mès yo fè nan Legliz katolik.

Depi lè mwen menm ak madanm mwen te marye, nou te gen pwoblèm nan maryaj nou. Mwen menm ak madanm mwen te konn mal boule youn ak lòt. Rezon an se paske nou toule de te jalou anpil. Okòmansman, nou te konn antre nan santiman youn lòt ak vye pawòl n ap di. Men pi devan, nou te vin ap batay youn ak lòt. Finalman, apre trèzan maryaj, nou te deside separe e annapre nou te vin divòse.

FASON LABIB CHANJE LAVI M:

Premye fwa m te pran kontak ak Temwen Jewova yo se te anvan m te separe ak madanm mwen. De Temwen te frape pòt lakay nou e yo te ofri pou yo pale sou Bib la. Etandone m te kwè m konn anpil bagay sou relijyon, m te vle montre yo sa yo t ap di yo se manti. Mwen te poze yo anpil kesyon ki difisil, kesyon ki te sanble pa t gen repons pou yo. Men, m te sezi wè yo te toujou ban m bon repons ki baze sou Bib la. Mwen te vin rann mwen kont gen anpil bagay m pa t konnen vre. Sepandan, madanm mwen te konn fè malelve ak Temwen yo, e mwen menm bò kote pa m mwen te toujou okipe. Konsa, Temwen yo te sispann vin lakay nou.

Senkan annapre, mwen te vin pran kontak ankò ak Temwen Jewova yo. Men, lè sa a, mwen t ap viv ak yon lòt fi ki rele Elvira. Li te pi fasil pou m te etidye Labib regilyèman ak Temwen yo paske Elvira pa t opoze ak Temwen yo. Malgre sa, mwen te pran plizyè ane anvan m chanje jan de vi m t ap mennen an.

Mwen te vin konprann si mwen te vle sèvi Jewova ak tout kè m, mwen te oblije fè kèk gwo chanjman nan lavi m. Premyèman, mwen te bezwen kite djòb mwen te genyen an ki se te chante mès nan Legliz katolik. Sa te vle di mwen t ap oblije al chèche yon lòt travay (Revelasyon 18:4). E mwen te bezwen marye ak Elvira.

Youn nan bagay ki te pi difisil pou m chanje se te aprann metrize kòlè m. Gen de vèsè nan Bib la ki te sitou ede m. Youn ladan yo se Sòm 11:5, ki montre Jewova rayi vyolans. E lòt la se 1 Pyè 3:7 ki ede m konprann, si mwen vle Jewova koute priyè m yo, mwen dwe onore madanm mwen. Mwen te medite sou vèsè sa yo e mwen te priye Jewova pou l ede m. Tikras pa tikras, mwen te vin metrize kòlè m.

Nan Bib la, mwen te aprann si m vle Jewova koute priyè m yo, m dwe trete madanm mwen avèk onè.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Kounye a, fanmi mwen ap viv ak kè kontan. M ap fè efò pou m vin gen yon pi bon relasyon ak pitit gason m yo mwen te fè ak premye madanm mwen an. E m ap fè efò pou m ede fanmi mwen genyen kounye a gen yon lafwa ki solid.

Lè m te timoun, mwen te vle vin yon prèt pou m te ka ede moun. Kounye a, mwen santi lavi m gen yon vrè sans. Mwen bay leson mizik pou m ka pran swen fanmi m. Mwen vrèman kontan lefètke Jewova te pasyan avè m e li te ban mwen posiblite pou m chanje lavi m epi pou m vin yon pi bon moun.