Al gade sa k anndan l

Labib chanje lavi moun

Nan eksperyans sa yo, gade ki jan Pawòl Bondye a amelyore lavi moun toupatou sou tè a.

Yon lavi ki gen sans

Nou te rekonstwi maryaj nou ak èd Bondye

Prensip ki nan Bib la gen pouvwa pou l ede nenpòt moun ki gen pwoblèm nan maryaj yo.

Mwen jwenn vrè richès la

Ki jan yon gwo biznismann te rive wè gen yon bagay ki pi enpòtan nan lavi pase richès ak lajan?

Johny ak Gideon: Lontan yo te ènmi, kounye a yo se frè

Nan kèk zòn sou tè a, moun yo twouve li nòmal pou youn rayi lòt akoz ras yo ye a. Ann wè ki jan de mesye k ap viv ann Afrik disid te rive venk prejije yo te genyen yo.

Ki lè lanmou fidèl ap pote laviktwa sou lahèn?

Li ka difisil pou n retire prejije nan kè nou. Gade ki jan yon Juif e yon Palestinyen reyisi retire lahèn nan kè yo.

Mwen te enpresyone devan repons ki klè e ki lojik Bib la bay yo

Ernest Loedi te jwenn repons pou kèk kesyon ki pi enpòtan moun poze sou lavi a. Repons klè bib la bay yo ba li bonjan espwa pou lavni.

Twa kesyon ki chanje lavi m

Lè pwofesè ak elèv chanje wòl, Doris Eldred te jwenn repons ki satisfè l pou kesyon li t ap poze sou lavi a.

Mwen pa t vle mouri

Yon lè, Yvonne Quarrie te mande tèt li: “Poukisa mwen la?” Repons kesyon sa a te chanje lavi l.

Jewova fè yon pakèt bagay pou mwen

Ki verite nan Bib la ki te ede Crystal, yon moun yo te fè abi seksyèl sou li lè l te timoun, vin gen yon bon relasyon ak Bondye epi vin gen yon sans nan lavi l?

Mwen pa santi m wont tèt mwen ankò

Gade ki jan Israel Martínez te rive venk gwo konplèks li te genyen e fason l vin jwenn respè tèt li.

Jeson Senajonon: Jewova tande m

Pou Jeson, menm lè l te soud sa pa t anpeche l vin gen bon relasyon ak Bondye.

Finalman papa m avè m reyini

Aprann poukisa Renée te vin tonbe nan pran dwòg ak alkòl e ki jan li te kanpe sou yo nèt.

Kounye a m santi m ka ede lòt moun

Julio Corio te fè yon gwo aksidan e li te panse Bondye pa gen sousi pou li. Pawòl ki nan Egzòd 3:7 la te ede l chanje pwennvi li te genyen an.

Mwen t ap mennen yon vi egoyis

Christof Bauer te pran tan pou l li Bib la pandan yon vwayaj li t ap fè sou yon ti bato a vwal sou oseyan Atlantik. Ki sa l t aprann?

“Mwen pa panse m dwe chanje monn nan ankò”

Grasa etid yon militan nan domèn sosyal te fè nan Bib la, ki sa li te rive konnen sou kote vrè chanjman pou limanite a ap soti?

Mwen met fizi m atè

Gade ki jan mesaj rekonfòtan ki nan Bib la te ede Cindy, ki te agresif, chanje pèsonalite l.

Mwen pa t kwè Bondye egziste

Ki jan yon jèn gason ki pa t kwè nan Bondye e ki t ap suiv mouvman kominis la te rive renmen sa Bib la di?

Chanjman nan kwayans

“Mwen te gen plis kesyon pase repons”

Ki sa k te konvenk yon ansyen pastè legliz ki rele Mario, Temwen Jewova yo anseye laverite sou Bib la?

Verite ki nan Bib la satisfè swaf m te genyen

Mayli Gündel te sispann kwè nan Bondye lè papa l mouri. Ki jan l te fè vin gen vrè lafwa a e li te vin anpè ak tèt li?

Yo te sèvi ak Bib la pou yo reponn tout kesyon!

Isolina Lamela ki te yon mè katolik, apre sa, ki te vin yon militan kominis te vin desi akoz objektif li t ap pousuiv yo. Annapre, li te rankontre Temwen Jewova yo ki te sèvi ak Bib la pou ede l gen yon bon objektif nan lavi l.

Yo te jwenn “pèl ki gen anpil valè” a

Mary ak Björn te aprann verite ki gen rapò ak Wayòm nan de fason diferan. Ki jan sa te chanje lavi yo?

Mwen te vire do bay relijyon

Tom te vle kwè nan Bondye, men li te vin dekouraje ak relijyon e ak anpil tradisyon yo t ap annik suiv pa woutin. Lè l te etidye Labib, ki jan sa te ede l jwenn espwa?

“Jewova pa t bliye m”

Dam sa a ki te renmen relijyon l anpil te jwenn repons Bib la bay pou kesyon l te genyen sou rezon ki fè moun mouri e sa k rive apre yon moun fin mouri. Gade kòman laverite te chanje lavi l.

“Mwen te vle vin yon prèt”

Roberto Pacheco te jèn, li te vle vin yon prèt katolik. Chèche wè sa k te fè l chanje lavi l.

“Yo te vle m verifye sa Bib la anseye toutbonvre”

Luis Alifonso te vle vin yon misyonè mòmon. Kòman etid Labib li te fè a te chanje objektif li te genyen nan lavi l?

Dwòg ak alkòl

“Mwen pa esklav vyolans ankò”

Premye jou Michael Kuenzle te kòmanse nan yon travay, yon kòlèg te mande l: “Èske w panse se Bondye ki responsab soufrans ki gen nan monn nan?” Sa te chanje lavi l.

Lavi m te vin pa gen okenn kontwòl

Solomone t al viv Ozetazini pou l jwenn lavi miyò. Epoutan, li te tonbe nan pran gwo dwòg e finalman li te pran prizon. Ki sa ki te ede l reprann kontwòl lavi l?

Lari a te vin tounen kay mwen

Eksperyans Antonio te fè anrapò ak vyolans, dwòg ak alkòl te fè l santi lavi l pa t gen sans. Ki sa k fè l chanje fason l wè bagay yo?

Mwen te aprann gen respè pou fi ak pou tèt mwen

Joseph Ehrenbogen te li yon bagay nan Bib la ki te ede l chanje lavi l totalman.

“Mwen te kòmanse reflechi toutbon sou direksyon m ap bay lavi m”

Li fason prensip ki nan Bib la te ede yon mesye chanje ni abitid li te genyen ni panse l pou l te ka fè Bondye plezi.

Mwen te bouke ak fason m t ap viv la

Dimitry Korshunov te yon moun ki te konn bwè pou l sou, men li te vin kòmanse li Labib chak jou. Ki sa k te pouse l fè gwo chanjman sa a nan lavi l?

“Finalman mwen jwenn vrè libète a.”

Aprann ki sa k te ede yon jèn gason sispann sèvi ak tabak ak sispann lage kò l nan pran dwòg ak nan bwè bwason ki gen alkòl.

Krim ak vyolans

“Krim ak lanmou pou lajan te fè m soufri anpil”

Apre Artan te soti nan prizon, li te aprann sa Bib la di sou lanmou pou lajan se verite.

“Mwen t ap fouye pwòp tonm mwen”

Ki sa ki te pouse yon ansyen manm gang nan peyi Salvadò pou l chanje lavi l nèt?

Mwen vin wè moun yon lòt fason

Sobantu te etidye verite ki nan Bib la, li te sispann viv tankou bandi. Kounye a, l ap vizite vwazen l yo pou l anseye yo alavni pap gen krim ak gang ankò.

Mwen te renmen fè gwo kòlè

Yon ansyen manm gang kwè moun li ye jodi a se prèv ki montre Labib gen pouvwa pou l chanje lavi moun. Li gen yon relasyon sere ak Bondye kounye a.

Mwen te egri nan kè m epi m te vyolan

Ki sa k te ede yon moun ki te toujou ap batay nan lari ki sot nan peyi Meksik pou l vle chanje pèsonalite l?

Mwen te panse mwen t ap byen viv lavi m

Pawel Pyzara te vyolan, li te pran dwòg e li t ap pousuiv yon bèl karyè nan dwa. Li te fè yon gwo chanjman apre li te fin batay ak uit gason.

Lavi m te vin pi mal chak jou

Stephen McDowell te yon jèn gason ki vyolan, men yon zak asasinay li pa t fè te fè l detèmine pou l chanje lavi l.

Mwen aprann Jewova gen mizèrikòd e li konn padone

Pou Normand Pelletier, twonpe moun te tankou yon dwòg. Men, gen yon vèsè nan Bib la ki te fè l kriye lè l te li l.

Mwen t ap mennen pwòp konba m kont enjistis ak vyolans

Antoine Touma te fò nan kung fu, men vèsè nou jwenn nan 1 Timote 4:8 la te chanje lavi l.

Mwen pa t janm al pyès kote san zam mwen

Annunziato Lugarà te nan yon gang ki vyolan, men li t al asiste yon reyinyon nan yon Sal Wayòm e sa te chanje lavi l.

“Anpil moun te rayi m”

Aprann jan Labib te ede yon moun ki te vyolan vin yon moun ki renmen lapè.

Spò, mizik ak divètisman

Jason Worilds: Lè w vin sèvi Jewova, se genyen sèlman w genyen!

Lè nou bay Jewova premye plas nan lavi nou, sa ap toujou fè nou jwenn bonjan kè kontan.

Sanble mwen te gen tout sa mwen te ka swete genyen

Stéphane te jèn, li te gen siksè e l te popilè. Sanble l te gen tout bagay, men li te santi l vid. Ki jan l te fè jwenn kè kontan e ki jan lavi l vin gen sans?

Se pi gwo pri mwen resevwa nan lavi m

Ki sa ki te pouse yon jwè tenis pwofesyonèl pou l vin yon anseyan Labib?

“Karate se bagay m te pi renmen nan lavi a”

Yon lè Erwin Lamsfus te mande yon zanmi l: “Èske w janm reflechi sou rezon ki fè n ap viv?” Repons li te jwenn nan te chanje lavi l.

Mwen te echwe plizyè fwa anvan m reyisi

Ki jan Josef te rive venk pwoblèm pou l gade pònografi a e l te rive jwenn lapè nan lespri Labib pwomèt la?

“Mwen te yon jan sovaj”

Malgre Esa te reyisi nan endistri mizik la, li te konnen lavi l pa t gen sans. Aprann ki jan mizisyen wòk sa a te vin jwenn vrè kè kontan.

Se sèvi Jewova ki bay moun fòs

Yon vèsè biblik te bay Èkil asirans li te kapab ranplase pèsonalite agresif li genyen an ak yon nouvo pèsonalite ki pi kalm e ki montre plis lanmou.

M te renmen bezbòl plis pase tout bagay!

Samuel Hamilton tèlman te renmen spò pwofesyonèl li te pran tout tan l, men yon etid nan Bib la te chanje lavi l.

Pwomès Bib la fè konsènan paradi sou tè a te chanje lavi m!

Ivars Vigulis te konsantre lavi l toutotou renome, glwa ak sansasyon kous moto bay. Ki fason verite ki nan Bib la te gen efè sou lavi l?