Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Espwa ki gen pou mò se rezirèksyon

Espwa ki gen pou mò se rezirèksyon

Èske w kwè nan pwomès Bib la fè konsènan rezirèksyon an *? Espwa nou genyen pou n rankontre moun pa nou ki mouri yo vrèman touchan. Men, èske li reyalis pou n gen yon espwa konsa? Pou ede n jwenn repons kesyon sa a, l ap bon pou n egzamine egzanp apot Jezi Kris yo.

Apot yo te kwè toutbon moun ki mouri gen pou yo resisite. Poukisa? Pou omwen de rezon. Premyèman, espwa yo te genyen an te sitou baze sou verite sa a: Jezi li menm te mouri e li te leve sot nan lanmò. Apot yo te wè Jezi apre li te fin resisite e te gen “plis pase 500 frè anmenmtan” ki te wè l tou (1 Korentyen 15:6). Mete sou sa, jan kat Evanjil yo montre sa, anpil moun te sètifye Jezi te resisite e moun yo te dakò ak sa. — Matye 27:62–28:20; Mak 16:1-8; Lik 24:1-53; Jan 20:1–21:25.

Dezyèmman, apot yo te fè konnen Jezi te resisite twa moun pou pi piti. Li te resisite youn Nayin, yon lòt Kapènawòm e finalman li te resisite yon lòt moun Betani (Lik 7:11-17; 8:49-56; Jan 11:1-44). Nou te pale de rezirèksyon Jezi te fè Betani an nan kòmansman peryodik sa a, li gen rapò sitou ak yon fanmi. Kounye a, ann egzamine sa k te pase a pi an detay.

“MWEN SE REZIRÈKSYON AN”

“Frè w la ap leve.” Se Jezi ki te di Mat pawòl sa yo. Laza, frè Mat la, te gen kat jou depi l mouri. Okòmansman, Mat pa t konprann sa Jezi te vle di. Men sa li te reponn Jezi: “Mwen konnen l ap leve.” Men, li te panse se yon rezirèksyon ki pral fèt alavni. Imajine jan Mat te sezi lè l fin tande Jezi di “mwen se rezirèksyon an e mwen se lavi a” epi li wè Jezi leve Laza! — Jan 11:23-25.

Ki kote Laza te ye pandan kat jou sa yo? Laza pa t di anyen ki ta lese konprann li t ap viv yon lòt kote pandan kat jou sa yo. Ni Laza pa t gen yon nanm ki pa ka mouri k al viv nan syèl la. Lè Jezi te resisite Laza, li pa t fè Laza tounen viv sou tè a pou l ta kite bèl lavi li t ap mennen nan syèl la bò kote Bondye. Kidonk, ki kote Laza te ye pandan kat jou sa yo? Anfèt, li t ap dòmi nan tonm. — Eklezyas 9:5, 10.

Sonje, Jezi te konpare lanmò ak somèy e yo ka reveye yon moun nan somèy sa a grasa rezirèksyon. Men sa nou li nan istwa a: “‘Laza, zanmi  nou an, ap dòmi, men, mwen pral lòtbò a pou m reveye l.’ Lè sa a, disip yo di l: ‘Seyè, si se dòmi l ap dòmi, l ap refè.’ Poutan, Jezi t ap pale de lanmò Laza. Men, yo te panse li t ap pale de repo moun pran lè y ap dòmi. Se lè sa a Jezi di yo aklè: ‘Laza mouri.’” (Jan 11:11-14). Lè Jezi te resisite Laza, li te reba l lavi, li te pèmèt li viv ak fanmi l ankò. Ala yon bèl kado Jezi te bay fanmi sa a!

Rezirèksyon Jezi te fè lè l te sou tè a ban nou yon apèsi sou sa l pral fè alavni antanke Wa nan Wayòm Bondye a *. Pandan li nan syèl la, li pral dirije tè a, li pral resisite moun k ap dòmi nan lanmò nan tonm yo, yon tonm senbolik kote pifò moun ki mouri yo ye. Se poutèt sa Jezi te di: “Mwen se rezirèksyon an.” Reflechi sou lajwa nou pral genyen lè nou pral wè moun pa nou yo ankò! Epi reflechi sou lajwa moun ki pral resisite yo pral genyen tou! — Lik 8:56.

Reflechi sou lajwa ou pral genyen lè w pral wè moun pa w yo ankò!

NOU BEZWEN GEN LAFWA POU N KA VIV POU TOUTAN

Jezi te di Mat: “Yon moun ki demontre lafwa nan mwen, menmsi l mouri, l ap vin gen lavi ankò. E tout moun k ap viv e ki demontre lafwa nan mwen pap janm mouri ditou.” (Jan 11:25, 26). Moun Jezi pral resisite pandan rèy mil an an ap gen espwa pou yo viv pou toutan depi yo kontinye mete lafwa nan Jezi.

“Yon moun ki demontre lafwa nan mwen, menmsi l mouri, l ap vin gen lavi ankò.” — Jan 11:25.

Apre Jezi te fin di bèl pawòl sa yo konsènan rezirèksyon an, li te poze Mat yon kesyon touchan. Li mande l: “‘Èske w kwè sa?’ Mat di l: ‘Wi, Seyè. Mwen kwè se ou ki Kris la, Pitit Bondye a.’” (Jan 11:26, 27). E ou menm? Èske w ta renmen demontre yon lafwa tankou lafwa Mat te genyen nan rezirèksyon an? Yon premye bagay ou ka fè se chèche konnen ki objektif Bondye gen pou lèzòm (Jan 17:3; 1 Timote 2:4). Yon konesans konsa ap fè w vin gen lafwa. Nou ankouraje w pou w mande Temwen Jewova yo pou yo montre w sa Bib la anseye sou sijè sa a. Y ap byen kontan pale avè w sou bèl esperans rezirèksyon an.

^ § 2 Gade atik ki gen tit: “Lanmò pa mete fen nan tout bagay!” Li nan paj 6 peryodik sa a.

^ § 9 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou pwomès Bib la fè konsènan rezirèksyon ki pral fèt alavni an, gade chapit 7 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.