Lik 24​:​1-53

  • Jezi resisite (1-12)

  • Sou wout ki mennen Emayis la (13-35)

  • Jezi parèt devan disip yo (36-49)

  • Jezi monte nan syèl (50-53)

24  Premye jou nan semèn nan, yo vin byen bonè nan tonm nan*, yo pote pwodui santi bon yo te prepare yo+.  Men, yo jwenn wòch la woule sot nan bouch tonm nan*+,  e lè yo antre, yo pa jwenn kò Seyè Jezi+.  Pandan yo te ret ap gade san yo pa t konprann sa k te pase a, gen de mesye ki gen rad yo ap klere ki vin kanpe toupre yo.  Kòm medam yo te vin pè e yo te ret tèt bese, mesye yo di yo: “Poukisa n ap chèche sila a ki vivan an pami mò yo+?  Li pa isit la, paske Bondye leve l. Sonje sa l te di nou lè l te Galile.  Li te di nou yo gen pou yo livre Pitit lòm nan nan men pechè yo e yo gen pou yo kloure l sou yon poto pou l mouri, men, sou twazyèm jou a l ap leve+.”  Konsa, yo vin sonje pawòl li te di yo+,  e yo kite tonm nan* y al rakonte 11 apot yo ak tout lòt disip yo tout bagay sa yo+. 10  Se te Mari, moun Magdala, ak Jàn ak Mari, manman Jak, ansanm ak kèk lòt medam ki te avèk yo ki t al di apot yo bagay sa yo. 11  Men, sa medam yo t ap di yo a pa t sanble gen sans pou yo e yo pa t kwè. 12  Men, Pyè leve, li kouri al nan tonm nan*, e lè l panche pou l gade, se twal len yo sèlman li wè. Donk, li ale toutpandan l ap reflechi sou sa k te pase a. 13  Nan menm jou sa a, te gen de nan disip yo ki t ap vwayaje al nan yon bouk ki rele Emayis, ki nan yon distans anviwon 11 kilomèt* ak Jerizalèm. 14  Yo t ap pale sou tout bagay ki te rive yo. 15  Twouve, pandan yo t ap pale, Jezi pwoche e li kòmanse mache avèk yo. 16  Men, yo pa t wè si se li menm+. 17  Li di yo: “Sou ki sa n ap pale pandan n ap mache a?” Yo kanpe e figi yo te byen tris. 18  Gen youn nan yo ki rele Kleyopas ki reponn li: “Èske w se yon etranje k ap viv poukont ou Jerizalèm ki fè w pa konnen* sa k te pase nan vil sa a nan jou sa yo?” 19  Li mande yo: “Ki sa k te pase?” Yo di l: “Bagay ki gen rapò ak Jezi, moun Nazarèt la+, li menm ki te yon pwofèt ki pisan nan aksyon l ak nan pawòl li devan Bondye e devan tout pèp la+. 20  Ebyen, prèt an chèf nou yo ak chèf nou yo te livre l pou yo kondane l amò+ e yo te kloure l sou yon poto. 21  Men, nou te gen espwa se mesye sa a ki t apral delivre Izrayèl+. Wi, mete sou tout bagay sa yo, nou sou twazyèm jou depi bagay sa yo rive. 22  Epitou, gen kèk medam pami nou ki fè nou sezi tou, paske yo t al nan tonm nan* byen bonè+, 23  yo pa t jwenn kò l, epi yo vin di nou yo wè zanj ki parèt ki di li vivan. 24  Epi, gen kèk nan moun ki avèk nou yo ki t al nan tonm nan* tou+, e yo jwenn bagay yo jan medam yo te di a, men yo pa wè l.” 25  Lè sa a, li di yo: “O! Gad ki jan nou manke konprann e nou mal pou kwè tout bagay pwofèt yo te di yo! 26  Èske Kris la pa t gen pou l te pase anba bagay sa yo+ pou l te ka jwenn glwa+?” 27  E li te entèprete tout bagay ki te gen rapò avè l nan tout Ekriti yo pou yo, kòmanse depi sou liv Moyiz yo ak tout pawòl pwofèt yo te ekri yo+. 28  Alafen, yo rive toupre bouk kote yo t aprale a, e li menm, li fè kòmsi li t apral pi lwen. 29  Men, yo mande l pou l rete, yo di l: “Ret avèk nou, paske li prèske lannuit, solèy fin kouche.” Lè sa a, li antre e li rete avèk yo. 30  Epi, pandan l ap manje* avèk yo, li pran pen an, li priye sou li, li kase l e li lonje l ba yo+. 31  Lè sa a, je yo ouvè nèt e yo vin rekonèt li. Men, li disparèt devan yo+. 32  Epi, youn di lòt: “Èske nou pa t santi tankou se yon dife ki t ap boule nan kè nou pandan l t ap pale avèk nou sou wout la, lè li t ap byen esplike nou Ekriti yo?” 33  Menm moman an, yo leve, yo tounen Jerizalèm, e yo jwenn 11 apot yo ak lòt disip ki te reyini ansanm avèk yo 34  ki di yo: “Se toutbon Seyè a leve wi, e li te parèt devan Simon+!” 35  Lè sa a, yo menm tou, yo kòmanse rakonte yo sa k te pase sou wout la, e kòman yo te vin rekonèt li lè l t ap kase pen an+. 36  Pandan yo t ap pale de bagay sa yo, li parèt nan mitan yo, li di yo: “Lapè avèk nou+.” 37  Men, kòm yo te panse se yon espri ki parèt sou yo, yo panike e yo vin pè. 38  Se sa k fè li di yo: “Poukisa nou boulvèse e poukisa nou kòmanse gen dout nan kè nou? 39  Gade men m ak pye m. Se mwen menm. Manyen m pou nou wè, paske yon espri pa gen chè ak zo jan nou wè mwen genyen an.” 40  E pandan l ap di sa, li montre yo men l ak pye l. 41  Men, kòm yo potko ka kwè, tèlman yo te kontan e tèlman yo te sezi, li di yo: “Ki sa nou gen la a pou moun manje?” 42  Lè sa a, yo lonje yon moso pwason boukannen ba li. 43  Li pran l, li manje l devan yo. 44  Apre sa, li di yo: “Sonje lè m te avèk nou, mwen te di nou pawòl sa yo+ yon fason pou tout bagay ki ekri sou mwen nan Lwa Moyiz la, nan pawòl pwofèt yo te ekri yo ak nan Sòm yo ka akonpli+.” 45  Lè sa a, li ouvri lespri yo nèt pou yo konprann Ekriti yo+, 46  epi li di yo: “Men sa ki ekri: Kris la gen pou l soufri e li gen pou l leve sot nan lanmò sou twazyèm jou a+, 47  e se nan non l y ap gen pou yo preche yon mesaj repantans nan tout nasyon pou moun ka jwenn padon pou peche yo fè+, kòmanse depi Jerizalèm+. 48  Nou gen pou nou bay temwayaj sou bagay sa yo+. 49  Epi, tande! M ap voye sa Papa m te pwomèt la sou nou. Men, nou menm, rete nan vil la jiskaske nou vin ranpli ak pisans ki soti anwo a+.” 50  Apre sa, li sot deyò avèk yo, li mennen yo Betani e li leve men l li beni yo. 51  Pandan l ap beni yo, li kite yo e li monte nan syèl la+. 52  Yo pwostène devan l e yo tounen Jerizalèm ak anpil kè kontan+. 53  Epi, se toutan yo te nan tanp lan ap bay Bondye louwanj+.

Nòt anba paj

Oswa: “tonm ki fè sonje moun ki mouri a”.
Oswa: “tonm ki fè sonje moun ki mouri a”.
Oswa: “tonm ki fè sonje moun ki mouri a”.
Oswa: “tonm ki fè sonje moun ki mouri a”.
Lit.: “60 estad”. Yon estad egal 185 m. Gade Apendis B14.
Se kapab tou: “Èske w se sèl moun k ap vizite Jerizalèm ki pa konnen”.
Oswa: “tonm ki fè sonje moun ki mouri a”.
Oswa: “tonm ki fè sonje moun ki mouri a”.
Oswa: “pandan li bò tab la”.