Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE W DWE PRIYE?

Poukisa moun priye?

Poukisa moun priye?

Èske w priye regilyèman? Gen anpil moun ki fè sa, e menm moun ki pa kwè nan Bondye konn priye tou. Men, poukisa moun priye? Dapre yon ankèt yo te fè nan peyi Lafrans, mwatye nan sitwayen fransè yo priye oubyen pafwa yo medite “senpleman paske sa fè yo santi yo byen”. Menm jan ak anpil lòt Ewopeyen, yo pa priye paske yo vle adore Bondye. Okontrè, y ap chèche jwenn “kalm lapriyè ka bay la”. Yon lòt bò, gen kèk moun ki kwè nan Bondye ki priye l sèlman lè yo nan bezwen, yo atann pou yo jwenn sa yo mande l yo imedyatman. — Izayi 26:16.

E ou menm? Èske w panse lapriyè se jis yon mwayen pou ede w libere panse w? Si w kwè nan Bondye, èske w wè efè priyè w yo genyen nan lavi w? Oubyen, èske w gen enpresyon priyè w yo rete san repons? Bib la ka ede w wè lapriyè kòm yon bon mwayen pou w vin pwòch ak Bondye olye w konsidere lapriyè kòm yon terapi k ap fè w santi w byen.