Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Repons Bib la bay

Repons Bib la bay

Èske tout relijyon onore Bondye?

Lè w ap tande nouvèl k ap pase nan monn nan, pafwa, ou ka remake moun sèvi ak relijyon pou yo fè move bagay. Se pa tout relijyon ki fè vrè Dye a plezi (Matye 7:15). Anfèt, yo twonpe anpil moun. — Li 1 Jan 5:19.

Sepandan, Bondye wè gen moun ki sensè ki renmen sa ki bon ak sa ki verite (Jan 4:23). Bondye envite moun sa yo pou yo aprann verite ki nan Bib la, Pawòl li a. — Li 1 Timote 2:3-5.

Ki jan nou ka idantifye vrè relijyon an?

Jewova, vrè Dye a, ap rasanble moun ki soti nan divès relijyon lè l anseye yo laverite ak lè l aprann yo renmen youn lòt (Mika 4:2, 3). Konsa, ou ka idantifye moun k ap pratike vrè relijyon an nan fason youn trete lòt. — Li Jan 13:35.

Jewova, vrè Dye a, sèvi ak vrè adorasyon an pou l rasanble tout kalite moun. — Sòm 133:1.

Lafwa vrè adoratè yo genyen ak fason yo viv baze sou sa Bib la anseye (2 Timote 3:16). Mete sou sa, yo onore non Bondye (Sòm 83:18). Yo preche Wayòm Bondye a antanke sèl espwa limanite (Dànyèl 2:44). Yo imite Jezi lè yo kite ‘limyè yo briye’, yo fè byen ak pwochen yo (Matye 5:16). Konsa, ou ka idantifye vrè kretyen yo paske y al vizite moun yo lakay yo pou yo pataje bon nouvèl Wayòm Bondye a ak yo. — Li Matye 24:14; Travay 5:42; 20:20.