Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LABIB CHANJE LAVI MOUN

Mwen t ap mennen pwòp konba m kont enjistis ak vyolans

Mwen t ap mennen pwòp konba m kont enjistis ak vyolans
  • ANE LI FÈT: 1960

  • PEYI KOTE LI SOTI: LIBAN

  • ANVAN: YON EKSPÈ NAN KUNG FU

VI MWEN T AP MENNEN:

Mwen grandi nan yon vilaj ki rele Rmaysh ki toupre fwontyè ki separe peyi Liban ak peyi Izrayèl. Nan epòk sa a, te gen yon gè sivil. Mwen sonje jan min te konn ap eksploze epi jan moun ki inosan te konn pèdi manm nan kò yo. Lavi a te di anpil, epi krim ak vyolans te gaye toupatou.

Fanmi m te fè pati yon legliz ki rele Mawonit, youn nan legliz katolik ki ann oryan. Papa m te toujou okipe paske l t ap travay pou l pran swen fanmi nou ki gen 12 moun, men, manman m te veye pou rès fanmi an al legliz. Rive yon lè, m te kòmanse wè legliz la pa t ka ede moun ki fèb yo menm jan sosyete a an jeneral pa t ka fè sa.

Pandan m te adolesan, m te kòmanse enterese nan kung fu. Mwen te suiv yon antrènman ki strik e m te vin fò nan bay kout pwen ak kout pye, epi m te konn sèvi byen ak divès kalite zam yo itilize nan disiplin sa a. M te konn di tèt mwen: ‘M pa t ka fè lagè a sispann, men omwen, m te ka eseye stope moun ki vyolan yo.’ Depi m wè de moun ap goumen, san pèdi tan, m te kouri antre ladan l. M se yon moun ki gen san cho e m te konn fè kòlè pou ti krik ti krak. Moun ki t ap viv toupatou nan sid peyi Liban te pè m toutpandan mwen t ap mennen pwòp konba m kont enjistis ak vyolans.

An 1980, mwen te vin fè pati yon klèb kung fu ki nan Beirut. Bonm, obi ak wòkèt t ap tonbe chak jou nan vil sa a, men m te toujou ale nan antrènman. Tout vi m se te manje, dòmi epi viv menm jan ak Bruce Lee, yon aktè ki te alafwa Ameriken e Chinwa ki te chanpyon nan kung fu. M te imite fason l penyen, fason l mache ak fason l rele lè l ap pratike kung fu. M pa t janm konn ri.

FASON LABIB CHANJE LAVI M:

Objektif mwen se te vin yon pwofesyonèl nan kung fu nan peyi Lachin. Yon jou swa, pandan m t ap fè yon gwo antrènman pou m te ka al Lachin, m tande pòt kay la frape. Se yon zanmi m ki te vin wè m avèk de Temwen Jewova. M t ap antrene ak yon rad nwa epi swè t ap koule sou mwen. M te di yo: “M pa konn anyen nan Bib la.” Sèl bagay mwen te konnen sèke apati moman sa a lavi m t apral chanje.

Temwen yo te montre m nan Bib la rezon ki fè lèzòm pap janm reyisi elimine enjistis ak vyolans nèt. Yo te esplike m se Satan Ledyab ki vrè koz pwoblèm sa yo (Revelasyon 12:12). Lapè ak konfyans Temwen yo te genyen te enpresyone m. E sa te touche m anpil lè yo te aprann mwen Bondye gen yon non (Sòm 83:18). Mete sou sa, yo te montre m 1 Timote 4:8 ki di: “Fè egzèsis fizik itil pou yon tikras bagay. Men, atachman pou Bondye itil pou tout bagay, piske li gen pwomès ni pou lavi kounye a, ni pou lavi k ap vini an.” Pawòl sa yo te gen gwo efè sou lavi m.

Malerezman, m te pèdi kontak ak Temwen yo paske fanmi m te di yo pa tounen ankò. Malgre sa, m te pran desizyon pou m sispann pratike kung fu e pou m kòmanse etidye Labib. Frè m yo pa t renmen ide sa a, men mwen te detèmine pou m jwenn Temwen Jewova yo ankò e pou yo etidye Labib avè m.

Mwen te kontinye chèche Temwen yo, men mwen pa t ka jwenn yo. Annatandan, mwen te vin tris anpil lè papa m te mouri bridsoukou e lè te gen lòt trajedi ki te rive nan fanmi m. M te kòmanse travay nan yon konpayi ki fè konstriksyon, epi yon jou, yon kòlèg mwen ki rele Adel te kanpe m e li te mande m pou ki rezon mwen tris konsa. Li te kòmanse pale avè m konsènan espwa Bib la bay kote pral gen yon rezirèksyon. Pandan nèf mwa ki te vin apre yo, avèk pasyans, Temwen sa a ki gen lanmou e ki gen bonte te etidye Labib avè m.

Toutpandan etid la t ap kontinye, m te kòmanse wè mwen bezwen fè kèk gwo chanjman nan pèsonalite m. Sa pa t fasil pou mwen. M te toujou enève e m te renmen fè kòlè. Nan Bib la, mwen te aprann fason pou m metrize kòlè m e pou m pa aji sou emosyon. Pa egzanp, men konsèy Jezi bay nan Matye 5:44: “Kontinye renmen ènmi nou, e kontinye priye pou moun k ap pèsekite nou.” Nan Women 12:19 nou jwenn avètisman sa a: “Pa vanje tèt nou, [...] paske men sa ki ekri: ‘Vanjans se pou mwen. Se mwen k ap fè yo peye pou sa yo fè, se sa Jewova di.’” Tikras pa tikras, vèsè sa yo ak lòt ankò te ede m vin anpè ak tèt mwen.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Okòmansman, byenke fanmi m te opoze ak desizyon m te pran pou Temwen Jewova yo etidye Labib avè m, yo te vin gen respè pou Temwen yo. Anfèt, gen youn nan frè m yo ki vin adore Jewova menm jan avè m, e jiskaske manman m mouri, manman m te konn defann kwayans nou devan lòt moun.

Yon lòt benediksyon mwen jwenn se madanm mwen Anita, yon fi ki bèl e ki fidèl. Li se pi bon patnè m nan sèvis aplentan. Depi ane 2000, Anita avè m ap viv nan vil Eskilstuna nan peyi Lasyèd kote n ap ede moun ki pale arab etidye Labib.

Kè m toujou fè m mal pou moun k ap soufri akoz vyolans. Men, lefètke m konnen vrè rezon ki fè moun ap soufri, e m konnen talè konsa Bondye pral mete fen nan soufrans, sa fè kè m kontan toutbon e m santi m anpè. — Sòm 37:29.

Madanm mwen avè m gen anpil kè kontan nan travay predikasyon an. Nou renmen anseye moun sou Jewova.