Al gade sa k anndan l

Ki jan m ka pwoteje tèt mwen kont tizonnay oubyen asèlman seksyèl?

Ki jan m ka pwoteje tèt mwen kont tizonnay oubyen asèlman seksyèl?

Repons Bib la bay

 Ann egzamine kèk bon konsèy Bib la bay sou sa:

  1.   Ret konsantre nan travay ou. Demontre jantiyès ak respè pou kòlèg travay ou, men, evite kalite zanmitay ki ka fè yo panse sa pap deranje w si yo fè w avans seksyèl. — Matye 10:16; Kolosyen 4:6.

  2.   Abiye yon fason ki kòrèk. Lè yon moun abiye yon fason ki eksite dezi seksyèl lòt moun, sa ka fè yo panse l ap chèche afè. Bib la mande pou nou abiye “yon fason ki senp e avèk bonsans”. — 1 Timote 2:9.

  3.   Chwazi zanmi w avèk sajès. Si w ap pase tan ak byen renmen lè moun fè yo avans seksyèl, fè jès ki deplase avèk yo, ki dakò yo di yo nenpòt vye pawòl e ki menm renmen sa, li plis posib pou lòt moun fè w menm bagay la tou. — Pwovèb 13:20.

  4.   Pa patisipe nan blag betiz. Depi w wè moun bò kote w kòmanse ap di “gwo mo, pawòl san sans ak mo sal”, annik deplase. — Efezyen 5:4, Bib la.

  5.   Evite sitiyasyon ki ka lage w nan pwoblèm. Pa egzanp, fè atansyon ak envitasyon pou w rete apre ou fin travay san okenn rezon valab. — Pwovèb 22:3.

  6.   Se pou w fèm e se pou w dirèk. Si yon moun fè asèlman seksyèl sou ou, di l byen klè ou pa dakò ak sa l ap fè w la (1 Korentyen 14:9). Pa egzanp, ou ka di l: “Toutan w ap vin kole kò w sou mwen, m vrèman pa renmen lè w fè m sa, pa fè m sa ankò.” Epitou, ou ka ekri moun nan yon lèt pou w byen esplike l sa l konn ap fè w yo, efè yo gen sou ou e ki jan w ta pi renmen l trete w alavni. Esplike l byen klè se kwayans ou ak prensip moral w ap obsève yo ki fè se pozisyon sa a ou pran. — 1 Tesalonisyen 4:3-5.

  7.   Chèche èd. Si moun nan kontinye fè asèlman seksyèl sou ou, pale ak yon moun ou fè konfyans, yon zanmi w, yon manm fanmi w, yon kòlèg travay ou oswa yon moun ki abitye ede moun ki viktim asèlman seksyèl (Pwovèb 27:9.) Lapriyè ede anpil moun ki viktim jan de sitiyasyon sa yo. Menmsi w pa abitye priye, pinga w minimize enpòtans èd Jewova, “Bondye tout konsolasyon an”, kapab ba ou. — 2 Korentyen 1:3.

 Asèlman seksyèl lakòz plizyè milyon moun pè anviwònman travay yo, men, Bib la kapab ede yo.