Al gade sa k anndan l

Èske yo chanje sa ki nan Bib la?

Èske yo chanje sa ki nan Bib la?

 Non. Lè n konpare ansyen maniskri yo nou wè ofon Bib la toujou di menm bagay la, malgre plizyè milye ane moun ap rekopye l sou bagay ki kapab deteryore byen vit.

Èske sa vle di yo pa t janm fè erè lè yo t ap kopye l

 Yo twouve plizyè milye ansyen maniskri. Gen nan yo ki gen kèk diferans, sa montre nou te gen erè ki te fèt lè yo t ap kopye l. Pifò nan diferans sa yo se bagay ki senp e yo pa chanje ide yo. Men, gen kèk diferans yo twouve ki enpòtan, e sanble se espre moun ki t ap kopye l la te fè pou l eseye chanje mesaj ki nan Bib la. Ann pran de egzanp:

  1.   Nan 1 Jan 5:7 gen kèk ansyen tradiksyon Labib ki gen pawòl sa yo ladan yol: “Nan syèl la, Papa a, Pawòl la ak Sentespri a: e twa sa yo fè youn.” Men, maniskri ki fyab yo konfime mo sa yo pa t nan tèks orijinal la. Yo te ajoute yo apre. a Kidonk, tradiksyon Labib modèn ki fyab yo pa mete yo.

  2.   Non pèsonèl Bondye parèt plizyè milye fwa nan ansyen maniskri Bib la. Men, anpil tradiksyon Labib ranplase l ak tit tankou “Seyè” oswa “Bondye”.

Kòman nou ka sèten pa gen lòt erè nou poko konnen?

 Kounye a, tèlman gen anpil maniskri yo dekouvri, li vin pi fasil pou biblis yo detekte erè yo b. Lè nou konpare dokiman sa yo, ki sa nou aprann sou jan Bib la egzak jodi a?

  •   Men sa yon espesyalis ki rele William H. Green di konsènan Liv ki te ekri ann ebre yo (byen souvan, yo rele yo “Ansyen Testaman”): “Nou ka di, avèk asirans, pa gen okenn lòt ansyen liv ki rive jwenn nou ak yon mesaj ki egzak konsa.”

  •   Gen yon biblis ki rele Frederick F. Bruce ki te ekri konsènan Liv ki te ekri an grèk yo, anpalan de pòsyon nan Bib la moun yo rele Nouvo Testaman an: “Prèv nou genyen ki kore Nouvo Testaman an pi plis lontan pase prèv ki kore sa anpil ekriven ekri, bagay pa gen moun ki t ap janm panse mande si yo egzak.”

  •   Frederic Kenyon, yon espesyalis nan egzamine maniskri Labib, di yon moun “ka pran tout Bib la nan men l e li ka di san okenn dout li kenbe vre Pawòl Bondye a, ki soti nan yon jenerasyon rive nan yon lòt pandan plizyè syèk san l pa pèdi sans li”.

Ki lòt rezon nou genyen pou n gen konfyans Bib la te rive jwenn nou yon fason egzak?

  •   Ni juif ni kretyen ki te kopye Bib la te kopye erè grav pèp Bondye te fè c (Nonb 20:12; 2 Samyèl 11:2-4; Galat 2:11-14). Menm jan an tou, yo te kopye vèsè ki kondane nasyon juif la ki te dezobeyi e yo te kopye vèsè ki montre doktrin lòm yo (Oze 4:2; Malachi 2:8, 9; Matye 23:8, 9; 1 Jan 5:21). Lefètke yo te kopye pati sa yo yon fason ki egzak, sa montre nou ka fè moun ki t ap kopye yo konfyans, e moun sa yo te gengwo respè pou Pawòl Bondye a ki sakre.

  •   Èske sa pa fè sans pou Bondye ki te enspire Bib la pwoteje l tou pou l rete egzak d (Ezayi 40:8; 1 Pyè 1:24, 25)? Paske objektif li se te pou l itil nonsèlman moun nan tan lontan, men tou, pou l itil moun nan epòk nou an (1 Korentyen 10:11). “Paske, tout bagay ki te ekri nan tan lontan, yo te ekri yo pou enstriksyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo.” — Women 15:4.

  •   Jezi ak disip li yo te konn site pawòl ki nan liv ki te nan Liv ki te ekri ann ebre yo, san yo pa t gen pou y ap mande tèt yo si tèks ansyen sa yo egzak. — Lik 4:16-21; Travay 17:1-3.

a Nou pa jwenn mo sa yo nan Kodèks Sinaiticus la, nan Kodèks Alexandrinus la, nan Vaticanus 1209 la, nan Vilgat laten orijinal la, nan vèsyon siryak la (vèsyon Filoksenyen ak Erakleyen an) ak nan Peshitta a.

b Pa egzanp, yo dekouvri plis pase 5 000 maniskri grèk pou sa yo rele Nouvo Testaman an, oswa liv ki te ekri an grèk yo.

c Bib la pa montre moun ki reprezantan Bondye yo se moun ki pa konn fè erè ditou. Li di bagay la jan l ye a, li fè konnen “pa gen moun ki pa peche”. — 1 Wa 8:46.

d Bib la fè konnen, menm lè Bondye pa t di mo pou mo sa pou moun yo ekri, li te gide panse ekriven yo. — 2 Timote 3:16, 17; 2 Pyè 1:21.