Al gade sa k anndan l

Ki sa Bib la di sou pònografi? Èske sèks sou Entènèt se yon bagay ki mal?

Ki sa Bib la di sou pònografi? Èske sèks sou Entènèt se yon bagay ki mal?

Repons Bib la bay

 Bib la pa pale dirèkteman de pònografi, sèks sou Entènèt ak lòt bagay menm jan an. Sepandan, Bib la montre aklè ki jan Bondye wè aksyon ki ankouraje moun fè sèks san yo pa marye e ki fè yo mal wè sèks. Ann egzamine vèsè ki vin apre yo.

  •   “Fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak imoralite seksyèl, salte, dezi seksyèl san kontwòl.” (Kolosyen 3:5). Lè moun gade pònografi, olye sa fè move dezi nou yo mouri, se reveye li reveye yo pi rèd. Pònografi fè moun nan vin pa pwòp nan je Bondye.

  •   “Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske li vin anvi l, li deja fè adiltè avè l nan kè l.” (Matye 5:28). Lè yon moun gade imaj k ap montre sèn seksyèl ki imoral, sa fè move panse vin nan tèt li e sa fè l fè move aksyon.

  •   “Depi se imoralite seksyèl, salte sou kèlkeswa fòm nan, oswa avaris, nou pa dwe menm pale de yo nan mitan nou.” (Efezyen 5:3). Nou pa menm dwe pran plezi pale de imoralite seksyèl, alewè pou n ta ap gade l oubyen li bagay ki ankouraje sa.

  •   “Zèv lachè yo parèt aklè: se imoralite seksyèl, konduit ki pa pwòp, [...] ak lòt bagay menm jan an. Kanta pou bagay sa yo, m ap avèti nou, jan m te deja avèti nou an, moun k ap pratike bagay sa yo pap benefisye Wayòm Bondye a.” (Galat 5:19-21). Bondye konsidere moun k ap gade pònografi oubyen k ap fè konvèsasyon ki gen rapò ak sèks e k ap pataje mesaj ki rapò ak sa sou Entènèt oswa pa telefòn kòm moun ki pa pwòp e ki sal nan domèn moral. Si nou ta lage kò nou nan vye bagay sa yo, sa ka fè n pèdi favè Bondye nèt.