Al gade sa k anndan l

Jezi

Kiyès Jezi ye?

Èske Jezi te jis yon bon moun?

Sa k fè Jezi moun Nazarèt la se moun ki te gen plis enfliyans pase tout lòt moun ki te egziste?

Èske Jezi se Bondye Toupisan an?

Ki sa Jezi te di sou pozisyon l parapò ak Bondye?

Poukisa yo rele Jezi Pitit Bondye?

Si Bondye pa t fè Jezi menm jan lèzòm fè pitit, ki jan yo fè di Jezi se Pitit Bondye? Poukisa yo rele Jezi Pitit Bondye?

Èske pwofesi ki gen rapò ak Mesi a bay prèv se Jezi ki Mesi a?

Èske pwofesi anrapò ak Mesi a te ka akonpli sou plizyè moun?

Kiyès ki antikris la?

Èske l gen pou vini oswa èske l deja la?

Kiyès ki Pawòl Bondye a oswa ki sa l ye?

Fason yo sèvi ak ekspresyon sa a nan Bib la montre l gen plis pase yon sèl siyifikasyon.

Kiyès ki Mikayèl akanj lan?

Li gen yon lòt non tou, yon non petèt ou konnen.

Lavi Jezi sou tè a

Ki lè Jezi te fèt?

Chèche konnen poukisa yo fete Nwèl 25 desanm.

Kiyès “twa nèg save yo” te ye? Èske yo te suiv yon “etwal” pou yo rive Betleyèm?

An reyalite, plizyè ekspresyon yo itilize nan tradisyon fèt nwèl la pa parèt okenn kote nan Bib la.

Èske biblis yo kwè Jezi te egziste?

Gade si wi ou non yo kwè Jezi te egziste toutbon.

Èske sa Bib la di sou lavi Jezi yo egzak?

Egzamine kèk bagay nan istwa Evanjil yo ak nan maniskri ki pi ansyen yo.

Ki aparans Jezi te genyen?

Labib ban nou yon ide sou aparans jeneral Jezi.

Èske Jezi te marye? Èske Jezi te gen frè ak sè?

Etandone Bib la pa di egzakteman si Jezi te marye oubyen si l pa t marye, kòman nou fè konnen si l te marye ak si l pa t marye?

Ki lè yo te ekri istwa sou Jezi yo?

Ki kantite tan ki te pase ant lè Jezi mouri ak lè yo te ekri Evanjil yo?

Lanmò Jezi ak rezirèksyon l

Poukisa Jezi te mouri?

Anpil moun abitye tande Jezi te mouri pou n ka sove. Men, ki jan egzakteman nou jwenn byenfè lefètke l te mouri?

Èske Jezi te mouri sou yon kwa?

Anpil moun konsidere kwa kòm senbòl ki pi kouran pou reprezante kretyen yo. Èske nou ta dwe sèvi avè l nan adorasyon nou?

Èske se ak moso twal ki nan vil Tiren an yo te antere Jezi?

Gen twa bagay enpòtan konsènan moso twal la ki ede n jwenn repons lan.

Èske Jezi te resisite antanke yon moun oswa antanke yon espri?

Labib di Jezi te “jwenn lavi antanke espri”, donk ki jan disip li yo te fè wè l epi manyen l apre l fin resisite?

Wòl Jezi jwe nan objektif Bondye

Ki jan Jezi sove nou?

Poukisa nou bezwen Jezi sipliye pou nou? Èske depi nou annik kwè nan Jezi n ap sove?

Èske annik kwè nan Jezi sifi pou yon moun sove?

Bib la esplike gen moun ki kwè nan Jezi epoutan yo pap sove. Ki sa k fè sa?

Nan ki sans sakrifis Jezi a se yon “ranson pou anpil moun”?

Nan ki sans ranson an se pri yo peye pou rachte n anba peche?

Poukisa nou dwe priye nan non Jezi?

Priye nan non Jezi, se yon fason pou n onore Bondye e se yon fason pou n demontre respè pou Jezi tou.

Sa sa vle di Jezi ap vini?

Èske l ap tounen yon fason pou moun wè l ak je yo?