Al gade sa k anndan l

Ki aparans Jezi te genyen?

Ki aparans Jezi te genyen?

Repons Bib la bay

 Pa gen moun ki konnen egzakteman ki aparans Jezi te genyen paske Bib la pa bay detay sou aparans li. Sa montre se pa aparans Jezi ki te pi enpòtan. Men, Bib la ban nou kèk ide sou aparans li an jeneral.

  •   Aparans: Jezi te yon juif, kidonk, li te kapab gen kèk bagay li te pran kot manman l ki te fè l sanble ak yon juif (Ebre 7:14). Nou pa kwè li te tèlman diferan ak lòt moun yo nan pwen pou l te atire atansyon moun. Yon lè, li te vwayaje an kachèt soti Galile rive Jerizalèm san moun pa t rekonèt li (Jan 7:10, 11). Sanble li pa t menm parèt diferan ak disip ki te pi pwòch li yo. Pa bliye, Jida Iskaryòt te oblije montre foul moun ki te vin arete Jezi yo kiyès Jezi te ye. — Matye 26:47-49.

  •   Longè cheve: Ta sanble Jezi pa t gen cheve long paske Bib la di “si yon gason gen cheve long, èske se pa yon dezonè sa ye pou li?” — 1 Korentyen 11:14.

  •   Bab: Jezi te gen bab. Li te suiv yon lwa juif ki te entèdi gason “koupe pwent bab” yo (Levitik 19:27; Galat 4:4). Epitou, Bib la pale konsènan bab Jezi nan yon pwofesi sou soufrans li. — Ezayi 50:6.

  •   Kò: Anpil bagay fè nou konprann Jezi te gen fòs. Lè l t ap fè travay predikasyon an, li te fè plizyè kilomèt ap vwayaje (Matye 9:35). Li te pirifye tanp juif la de fwa, lè sa a, li te chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo e li te mete bèf, mouton ak pijon deyò (Lik 19:45, 46; Jan 2:14, 15). Gen yon ansiklopedi ki di: “Tout istwa nou jwenn nan Evanjil yo montre n Jezi te gen fòs e li te an sante.” — Cyclopedia, volim IV, paj 884. Se McClintock ak Strong ki ekri l.

  •   Ekspresyon vizaj: Jezi te gen bon jan e l te gen konpasyon pou lòt moun. Sandout, ekspresyon vizaj li te montre sa (Matye 11:28, 29). Tout kalite moun te santi yo alèz pou yo vin bò kote l pou yo jwenn konsolasyon e pou yo jwenn èd (Lik 5:12, 13; 7:37, 38). Menm timoun te santi yo alèz avè l. — Matye 19:13-15; Mak 9:35-37.

Sa ki pa verite sou aparans Jezi

 Sa ki pa verite: Gen moun ki di Jezi se yon desandan afriken paske liv Revelasyon an konpare cheve l ak lenn e pye l ak “yon bwonz, tankou lè yo rafine l nan founèz dife”. — Revelasyon 1:14, 15, Bib Kreyòl La.

 Sa ki verite: Liv Revelasyon an sèvi “ak senbòl” pou l rakonte revelasyon an (Revelasyon 1:1). Sa vèsè yo di sou cheve Jezi ak pye Jezi se senbòl pou esplike kalite Jezi yo lè l fin resisite, se pa pou esplike aparans li te genyen lè l te sou tè a. Lè Revelasyon 1:14 di “cheve nan tèt li te blan tankou lenn blan, yo te blan tankou nèj”, se yon konparezon pou montre ki koulè cheve l te ye, se pa pou montre ki tip cheve l te genyen. Sa montre Jezi gen sajès paske l gen anpil laj (Revelasyon 3:14). Vèsè sa a pa vle di cheve Jezi te menm tip ak lenn mouton menm jan li klè li pa vle di li te gen menm fòm ak nèj.

 Pye Jezi te “tankou kuiv ki pirifye k ap briye nan yon founèz dife”. (Revelasyon 1:15.) Epitou, figi l “te tankou solèy la lè l byen klere”. (Revelasyon 1:16.) Etandone pa gen yon ras ki gen koulè po yo dekri la a, vizyon sa a pa ka reyèl, se yon senbòl ki montre Jezi lè l fin resisite kòm sila ki “abite nan yon limyè moun pa ka pwoche” a. — 1 Timote 6:16.

 Sa ki pa verite: Jezi te mèg e kò l te frèl.

 Sa ki verite: Jezi te aji yon fason ki montre l se yon gason vanyan. Pa egzanp, avèk kouraj, li te idantifye tèt li lè foul moun ki te gen baton nan men yo a te vin arete l (Jan 18:4-8). Jezi te oblije gen fòs tou pou l te travay antanke bòs chapant ki t ap sèvi ak zouti. — Mak 6:3.

 Nan ka sa a, poukisa Jezi te bezwen èd pou l pote poto soufrans li an? E sa k fè l te mouri anvan lòt mesye ki te sou poto bò kote l yo (Lik 23:26; Jan 19:31-33)? Jis anvan yo te touye l, li te vrèman vin fèb. Li te pase tout nuit lan san dòmi, e youn nan rezon yo se paske l te boulvèse anpil (Lik 22:42-44). Pandan nuit lan, Juif yo te maltrete l, e nan demen maten Women yo te fè l pase mizè (Matye 26:67, 68; Jan 19:1-3). Tout bagay sa yo te lakòz li mouri pi vit.

 Sa ki pa verite: Jezi te toujou byen serye, toujou tris.

 Sa ki verite: Jezi te byen imite kalite Jewova, Papa l ki nan syèl la, genyen, li menm Labib di ki se “Bondye ki gen kè kontan an”. (1 Timote 1:11; Jan 14:9.) Dayè, Jezi te anseye lòt moun fason pou yo gen kè kontan (Matye 5:3-9; Lik 11:28). Prèv sa yo fè nou wè Jezi te gen kè kontan, e byen souvan, sa te parèt sou vizaj li.