Al gade sa k anndan l

Gradyasyon 135èm klas Lekòl Galaad

Gradyasyon 135èm klas Lekòl Galaad

Nan jou ki te 14 septanm 2013 la, te gen anviwon 10 500 moun ki te reyini pou yo asiste gradyasyon 135èm klas Lekòl Galaad la nan sant ansèyman Temwen Jewova yo nan Patèsonn ki nan Nouyòk. Lekòl sa a bay yon seri Temwen Jewova ki gen eksperyans fòmasyon pou yo ka vin pi efikas toujou nan asiyasyon yo.

Se Guy Pierce, yon manm Kolèj santral Temwen Jewova yo, ki te prezide pwogram nan, e li te baze pawòl entwodiksyon l yo sou Matye 28:19, 20 ki di: “Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. [...] Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.”

Frè Pierce te fè remake pawòl sa yo Jezi te di yo kontinye pouse moun reyaji menm rive nan epòk nou an. Lè n ap fè disip, se anseye n ap anseye moun yo pou yo obeyi tout bagay Jezi te ban nou lòd pou nou fè yo. Nòmalman, sa gen ladan l obeyi lòd pou nou preche “bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan”. (Matye 24:14.) Nan sans sa a, chak moun ki vin yon nouvo disip se moun k ap preche e k ap anseye konsènan Wayòm nan. Ki rezilta travay sa a kontinye bay? Frè Pierce di: “Toutpandan popilasyon [mondyal la] ap ogmante, moun ki pami pèp Bondye a ap vin pi plis tou.”

“Yo bay plis pase sa yo ka bay.” Thomas Cheiky, yon manm Komite filyal peyi Etazini, te pale sou tèm sa a ki baze sou 2 Korentyen 8:1-4. Malgre moun ki te nan kongregasyon nan vil Masedwàn yo nan premye syèk la te pòv anpil, yo te kontinye mande pou yo fè frè nan vil Jerizalèm ki te nan bezwen yo don. Menm jan ak kretyen Masedwàn yo, elèv Lekòl Galaad yo te montre yo renmen bay e yo te montre espri sakrifis.

Sepandan, nou kapab gen konfyans kretyen nan Masedwàn yo te pridan, sa vle di yo pa t tèlman bay opwen pou yo pa ta ka byen pran swen fanmi yo oswa pou yo pa ta jwenn ofrann pou yo soutni adorasyon y ap bay Bondye a. Frè Cheiky te bay elèv yo konsèy pou yo imite kretyen Masedwàn yo lè yo montre yo gen ekilib nan fason y ap bay.

“Lekòl la fini.” Samuel Herd, yon manm Kolèj santral la, montre rezon ki fè elèv yo ta dwe sonje eksperyans yo te fè nan Lekòl Galaad la. Menm jan lè yon moun tande yon bèl ti mizik nan maten, mizik la rete nan lespri l pandan tout jounen an, se konsa tou bèl souvni Lekòl Galaad la kapab ede elèv yo andire menmsi gen anpil tan ki pase depi lè yo te fin asiste lekòl la.

Frè Herd fè elèv yo sonje memwa Bondye pa gen limit. Malgre gen plizyè milya zetwal ki egziste nan linivè a, li bay yo chak non pa yo, e li pap janm bliye youn nan zetwal sa yo (Sòm 147:4). Nou pa bezwen mande si l ap sonje efò elèv yo te fè pou yo te ka resevwa fòmasyon sa a nan Lekòl Galaad la! Yo te anpile “trezò nan syèl la”, e pa gen moun ki ka retire bèl panse sa yo Jewova gen nan memwa l konsènan elèv yo. — Matye 6:20.

Etandone Bondye sonje travay elèv yo te fè e li sonje lanmou yo gen pou li, elèv yo gen bonjan rezon pou yo ancheri souvni Lekòl Galaad la. Men sa frè Herd te di: “Lè yon seri bèl souvni konsènan lekòl sa a fè w pase yon bèl jounen, pa bliye remèsye Jewova, Sila a ki fè w gen yon kè kontan konsa. Pa janm sispann panse ak bèl souvni sa yo. Donk, w ap toujou jwenn byenfè si w kontinye reflechi sou sa w te aprann nan Lekòl la.”

“Chèche jwenn fòs nan pisans Jewova a ki san parèy.” Sam Roberson, youn nan enstriktè Galaad la, te ankouraje elèv yo pou yo met konfyans yo nan pisans Jewova olye yo chèche fè fas ak difikilte yo ak pwòp fòs pa yo. Efezyen 3:20 di Bondye “ka vrèman fè pi plis lontan pase tout sa nou mande oubyen tout sa nou imajine”. Pisans Bondye a sitèlman depase sa nou ka konprann, menm ekspresyon ‘pi plis lontan pase tout sa nou ka imajine’ a twò piti pou dekri l, paske vèsè a di Bondye ka fè “plis” pase sa.

Jewova ofri chak kretyen pisans li a ki san parèy. Li tankou “yon moun ki gen yon fòs estrawòdinè” oswa li tankou “yon sòlda vanyan ki fè moun pè anpil” lè gen gwo difikilte (Jeremi 20:11; God’s Word Bible). Frè Roberson fè elèv yo sonje Jewova kapab ede yo fè fas ak nenpòt pwoblèm oswa difikilte yo rankontre.

Kenbe diyite w nan sèvis Wayòm nan.” William Samuelson ki se yon enstriktè nan Lekòl Galaad la esplike, lefètke elèv yo ap fè sèvis Wayòm nan, sa onore yo de fason. Yon bò, yo merite pou yo onore yo akoz travay yo fè anvan klas la e pandan klas la. Yon lòt bò, lefètke yo reprezante pi gwo gouvènman ki egziste nan linivè a, ki se Wayòm Bondye a, sa fè yo kontinye jwenn onè ak respè.

Ki jan elèv yo kapab kenbe diyite yo? Frè Samuelson te ankouraje yo pou yo onore Jewova e pou yo montre respè pou lòt moun, menm jan Jezi te montre respè pou moun ki te bò kote l yo menm lè li te konn korije yo oswa li te konn konseye yo. Ki rezilta sa ap bay? Menm jan ak apot Pòl, elèv yo ap vin pi diy, y ap bay sèvis yo a anpil valè olye se tèt yo yo bay valè. — Women 11:13.

“Pouvwa cheval yo genyen an se nan bouch yo [...] li ye.” Michael Burnett ki se yon lòt enstriktè Galaad montre kòman lè nou itilize sa nou aprann nan reyinyon yo pou n pale avèk otorite lè n ap preche, se aji nou aji ann amoni ak akonplisman pwofesi ki nan Revelasyon 9:19 la. Apre sa, li te mande kèk elèv pou yo fè demonstrasyon pou yo montre eksperyans yo te fè pandan yo te nan predikasyon toutpandan yo t ap pran fòmasyon nan Lekòl Galaad la. Pa egzanp, pou yon elèv te atire atansyon yon mesye k ap travay nan yon stasyon gaz, li te sèvi ak kesyon sa a: “Ki lè tan ki fikse pou nasyon yo kòmanse e ki lè l ap fini?” (Lik 21:24). Lè l te retounen vizite mesye a, li te sèvi ak Dànyèl chapit 4 ansanm ak apendis ki nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a pou l te ede mesye a jwenn repons kesyon an.

“Kè yo te vin fèm.” Adrian Fernandez ki se yon manm Komite filyal nan peyi Etazini te fè entèvyou ak de nan koup ki t ap gradye yo. Frè Helge Schumi te fè konnen etandone Bib la montre gen kèk sèvitè Bondye ki te resevwa privilèj espesyal ki te vin gen ògèy annapre, Lekòl Galaad toujou bay elèv yo konsèy pou yo toujou gen imilite (2 Kwonik 26:16). Menm jan an tou, frè Peter Canning te fè yo sonje bèl konsèy yo te bay nan yon diskou Galaad konsènan aprann yon lòt lang, li te di: “Pinga nou gen ògèy e se pou n pa jennen pou n ri tèt nou.” Toule kat moun ki t apral gradye yo te di jan yo rekonesan pou fason fòmasyon yo te resevwa nan Lekòl la fòtifye yo pou travay yo pral gen pou yo fè pi devan, e sa fè kè yo vin fèm. — Ebre 13:9.

“Rejwi pito paske non nou ekri nan syèl la.” (Lik 10:20). Se frè Geoffrey Jackson, yon manm Kolèj santral la, ki te bay diskou prensipal nan pwogram nan. Kontrèman ak moun ki te asiste Lekòl Galaad nan ane ki te pase yo, pifò nan moun ki gradye jodi a pap resevwa yon nouvo asiyasyon oswa yo pa pral fè eksperyans estrawòdinè moun konn fè lè y ap preche nan yon tèritwa yo poko janm preche. Ki jan yo dwe reyaji?

Lè 70 disip yo te retounen apre Jezi te fin voye yo al fè kanpay predikasyon an, yo te kontan anpil paske yo te chase demon nan non Jezi (Lik 10:1, 17). Jezi te rekonèt rezilta sa yo bay anpil kè kontan, sepandan li te di yo: “Men, pa rejwi poutèt espri yo soumèt devan nou. Rejwi pito paske non nou ekri nan syèl la.” (Lik 10:20). Konsa, li te montre yo pap toujou fè bèl eksperyans sa yo chak jou. Yo pa t dwe konsantre sou rezilta yo jwenn, men pito sou fidelite yo anvè Jewova ak sou lefètke non yo “ekri nan syèl la”.

Men sa frè Jackson fè konnen: “Sa Jezi te di 70 disip yo aplikab pou nou tou.” Nou pa dwe kite se rezilta nou jwenn nan travay predikasyon an ki sèl rezon ki fè kè nou kontan oswa se sa ki pi enpòtan ki montre nou fidèl. Okontrè, nou gen kè kontan e nou pwouve fidelite nou lè nou kenbe yon relasyon sere ak Jewova e lè nou mete tout nou menm nan travay n ap fè nan sèvis n ap ba li a.

Menm Jezi te fè fas ak sitiyasyon ki te ka fè l dekouraje. Pa egzanp, apre li te fin fè yon mirak pou l bay plizyè milye moun manje, yo te kòmanse suiv li (Jan 6:10-14, 22-24). Sepandan, yon ti apre, anpil ladan yo te trebiche akoz yon ansèyman Jezi te bay, konsa foul ki te kontan vin disip Jezi yo te abandone l nan yon bat je (Jan 6:48-56, 60, 61, 66). Yon lòt bò, apot fidèl yo te detèmine pou yo rete ak Jezi. Konsa yo kite yon bèl egzanp paske yo pa t rete konsantre sou rezilta men pito sou fidelite yo ak sou relasyon yo gen ak Jewova. — Jan 6:67-69.

Konklizyon. Elèv yo te resevwa diplòm yo, apre sa gen youn nan elèv yo ki te li yon lèt pou montre jan tout klas la rekonesan. Pou frè Pierce fini pwogram nan li di, monn nan pa bay pèp Bondye, sa gen ladan l elèv yo ki sot gradye yo, okenn valè (Travay 4:13; 1 Korentyen 1:27-31). Sepandan, Jewova aksepte ofri nou ofri tèt nou ba li a e li ban nou lespri sen l. Jewova pa enpresyone pou konesans nou resevwa a. Frè Pierce te fè konnen: “Sa ki enpresyone Jewova se fidelite nou ak atachman nou gen pou li.”