Al gade sa k anndan l

LABIB CHANJE LAVI MOUN

“Lari a te vin tounen kay mwen”

“Lari a te vin tounen kay mwen”
  • Ane li fèt: 1955

  • Peyi kote li soti: Espay

  • Anvan: Li te konn bwè e l te konn pran dwòg, li te vyolan

VI MWEN T AP MENNEN

 Gen kèk moun ki pran anpil tan anvan yo pran leson nan move eksperyans yo fè. Se konsa m te ye. Mwen fèt e mwen grandi Baselòn, dezyèm pi gwo vil nan peyi Espay. Fanmi m t ap viv nan yon zòn yo rele Somowostwo, ki pran yon gwo pati nan plaj ki nan vil la. Somowostwo gen repitasyon yon zòn ki gen anpil krim ak kote yo vann dwòg.

 Paran m te gen nèf pitit e se mwen ki pi gran. Kòm nou te pòv anpil, lè m te gen dizan, papa m te voye m travay nan yon klèb tenis nan zòn nan kòm moun k ap ranmase boul pou jwè yo. Mwen te konn travay dizèdtan chak jou, sa ki te fè mwen pa t ka ale lekòl menm jan ak pifò timoun nan laj mwen. Lè m te vin gen 14 an, mwen te kòmanse travay kòm machinis nan yon chòp fewónri.

An 1975, mwen te antre nan Lejyon etranje espayòl la nan nò Afrik e mwen te pote inifòm li te bay la.

 An 1975, yo te rele m pou m fè sèvis militè e nan epòk sa a se te yon bagay obligatwa ann Espay. Mwen te vle fè yon bagay ki gen danje ladan l, se sa k fè mwen te mande pou m fè pati Lejyon etranje espayòl la nan Melila, yon tèritwa espayòl ki nan nò Afrik. Pandan epòk sa a, mwen te tonbe nan dwòg ak nan bwè alkòl.

 Lè m te kite Lejyon an, mwen te tounen Baselòn e mwen te fòme yon gang. Nou te konn vòlè tout sa ki tonbe anba men nou. Nou te konn vann sa nou vòlè yo pou n te ka jwenn kòb pou n achte dwòg paske nou te vin esklav dwòg la. Mwen te kòmanse pran LSD (se yon kalite dwòg) ak anfetamin (se yon medikaman yo konn bay moun pou ede sèvo yo rete eveye), mwen te lage kò m nan sèks, alkòl ak jwèt aza. Move vi m t ap mennen an te fè m vin pi vyolan. M te toujou gen yon kouto sou mwen, yon rach oswa yon manchèt, e mwen pa t janm pè sèvi avè yo si m te santi sa nesesè.

 Gen yon lè, gang mwen an te vòlè yon machin e lapolis te kouri dèyè nou. Ou pa ta di yon sèn nan yon fim. Nou te woule machin nou te vòlè a pandan anviwon 30 kilomèt (20 mil) lè lapolis te kòmanse tire sou nou. Finalman, moun ki t ap kondui machin nan frape machin nan yon kote, e nou tout kouri kite zòn nan. Lè papa m vin aprann sa, jan nou ka konprann sa, li mete m deyò nan kay la.

 Pandan senk ane ki te vin annapre yo, lari a te vin tounen lakay mwen. Mwen te konn dòmi sou galri, nan kamyon, sou ban nan plas piblik ak nan simityè. Pandan yon tan, mwen te menm viv nan yon gwòt. Lavi m pa t gen okenn sans, e mwen te santi kit mwen vivan, kit mwen mouri, sa pa t gen enpòtans. Mwen sonje mwen te konn fann bra m lè m te anba dwòg. Mwen gen mak yo sou mwen jis kounye a.

FASON LABIB CHANJE LAVI M

 Lè m te vin gen 28 an, manman m te vin chèche m e li te mande m tounen nan kay la. Mwen te dakò e m te pwomèt li m ap ranje lavi m, men sa te pran yon ti tan anvan m kenbe pwomès sa a.

 Yon aprèmidi, gen de Temwen Jewova ki te vin frape pòt nou. Pandan m t ap koute yo, mwen tande papa m ki rele byen fò detan l anndan an, li di m pou m fèmen pòt la nan figi yo. Kòm mwen pa t janm renmen moun ban m lòd, mwen te chwazi pa okipe l. Yo te ofri m twa ti liv, e mwen te byen kontan aksepte yo. Mwen te mande yo ki kote yo fè reyinyon, e kèk jou annapre, mwen te ale nan Sal Wayòm nan.

 Premye bagay mwen te remake se fason tout moun te byen abiye. Men, cheve m te long, bab mwen pa t fèt e m te gen vye rad sou mwen. Li te klè plas mwen pa t la, se sa k fè mwen te rete deyò. Men, mwen te sezi wè Juan, youn nan ansyen manm gang nan, abiye ak yon kostim. Annapre, mwen te vin aprann li te vin Temwen Jewova ennan anvan sa. Wè m te wè l la te fè m gen kran pou m antre nan Sal la e mwen te asiste reyinyon an. Se konsa bagay yo te kòmanse chanje pou mwen.

 Lè yo te ofri m yon etid Labib, mwen te aksepte, e mwen rann mwen kont byen vit pou m fè Bondye plezi, mwen te bezwen chanje tanperaman vyolan mwen te genyen an ak lavi imoral mwen t ap mennen an. Li pa t fasil pou m fè chanjman sa yo. Mwen te vin aprann pou m fè Jewova plezi, mwen bezwen “transfòme tèt [mwen], lè [m] bay lespri [m] yon lòt direksyon”. (Women 12:2.) Mizèrikòd Bondye te touche m anpil. Malgre tout erè mwen te fè yo, mwen te santi li t ap ban m yon chans pou m chanje lavi m nèt. Sa m te aprann sou Jewova yo te ale dwat nan fon kè m. Li te vin klè pou mwen gen yon Kreyatè ki gen sousi pou mwen. — 1 Pyè 5:6, 7.

 Sa te pouse m pou m kòmanse fè chanjman. Pa egzanp, lè m te etidye kesyon tabak la nan etid la, mwen te di tèt mwen: ‘Si Jewova vle m pwòp e san tach nan tout domèn, ebyen, fò sigarèt sa yo pa la ankò.’ (2 Korentyen 7:1). E mwen te lage yo nan poubèl la.

 Mwen te bezwen sispann ni pran dwòg ni vann li. Sa te pran m plis tan e sa te mande plis efò. Pou m te ka rive fè sa, mwen te konnen mwen te dwe koupe kontak ak ansyen zanmi m yo. Enfliyans yo pa t ap ede m pwogrese nan domèn espirityèl. Men, rive yon lè, mwen te kòmanse konte plis sou Bondye e sou èd nouvo zanmi m yo nan kongregasyon an. Se te premye fwa nan vi m moun te demontre lanmou ak enterè konsa pou mwen. Tank mwa yo t ap pase, se tank mwen te vin kapab libere tèt mwen anba dwòg, e mwen te vin “abiye ak nouvo pèsonalite a”, sa ki te ede m jwenn favè Bondye (Efezyen 4:24). Nan mwa out 1985, mwen te batize antanke Temwen Jewova.

BYENFÈ MWEN JWENN

 Labib amelyore lavi m. Li libere m anba fason m t ap viv ki t ap detwi ni kò m ni diyite m. Anfèt, plis pase 30 nan moun ki te zanmi m yo mouri jèn anba sida oswa lòt kalite maladi ki gen rapò ak dwòg. Se pa ti rekonesans mwen genyen dèske mwen evite yon seri konsekans ki grav lefètke mwen aplike prensip ki nan Bib la.

 Kouto ak rach mwen te konn pote sou mwen lè m te jèn e mwen te vyolan an se bagay ki pase. Mwen pa t janm imajine yon jou se Bib mwen t ap pote e m t ap sèvi avè l pou m ede moun. Jodi a, madanm mwen avè m se Temwen Jewova ki nan sèvis aplentan.

 Paran m pa janm vin Temwen Jewova, men yo kontan wè byenfè mwen jwenn lefètke mwen etidye Labib. Anfèt, papa m menm defann Temwen yo devan tout kòlèg li yo. Pou li menm, li klè nouvo kwayans mwen yo te pote bon chanjman nan lavi m. Byen souvan, manman m konn di mwen te dwe etidye Labib pi bonè. Se pa ti dakò mwen dakò ak sa!

 Eksperyans mwen fè nan lavi a fè m wè jan sa ensanse pou moun chèche jwenn satisfaksyon nan dwòg ak lòt vis. Kounye a, mwen gen bonjan satisfaksyon lè m ap ede lòt moun konn ansèyman nou jwenn nan Pawòl Bondye a, yon seri ansèyman ki sove lavi m toutbon.