Al gade sa k anndan l

Èske Temwen Jewova yo kraze fanmi oubyen èske yo ede fanmi yo vin pi djanm?

Èske Temwen Jewova yo kraze fanmi oubyen èske yo ede fanmi yo vin pi djanm?

 Antanke Temwen Jewova, nou travay pou nou ede tout fanmi, kit se fanmi nou kit se lòt fanmi, pou yo vin pi djanm. Nou gen gwo respè pou Bondye antanke Moun ki kreye fanmi (Jenèz 2:21-24; Efezyen 3:14, 15). Bondye bay prensip nan Bib la ki ede anpil moun toupatou sou tè a pou yo fè maryaj yo vin pi djanm epi gen kè kontan nan maryaj yo.

Ki fason Temwen Jewova yo ede fanmi vin pi djanm?

 Nou fè tout sa n kapab pou nou suiv konsèy nou jwenn nan Bib la, piske konsèy sa yo ede nou vin yon pi bon mari, yon pi bon madanm ak yon pi bon paran (Pwovèb 31:10-31; Efezyen 5:22–6:4; 1 Timote 5:8). Menm lè tout moun nan fanmi an pa nan menm relijyon, yo ka toujou byen viv youn ak lòt si yo suiv sa Bib la di (1 Pyè 3:1, 2). Ann konsidere kèk pawòl kèk moun ki pa Temwen Jewova di konsènan mari oswa madanm yo ki vin Temwen Jewova:

  •   “Pandan sis premye ane maryaj nou, nou te toujou nan diskisyon e nou pa t gen kè kontan. Men, apre Ivete, madanm mwen, te vin yon Temwen Jewova, li te vin pi dou e li te vin gen plis pasyans. Chanjman li te fè yo te anpeche maryaj nou kraze.” — Clauir, ki soti nan peyi Brezil.

  •   “Mwen te fache anpil lè Chansa, mari m, te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo, paske m te panse Temwen yo kraze fanmi moun. Men, pi devan, mwen te vin wè Bib la ede nou nan maryaj nou.” — Agness, ki soti nan peyi Zanbi.

 Nan travay predikasyon nou fè a, nou montre moun yo kòman prensip ki nan Bib la ka ede yo:

Lè yon moun chanje relijyon, èske sa lakòz pwoblèm nan maryaj li?

 Nou kapab di sa konn rive. Pa egzanp, nan ane 1998, gen yon rapò yon konpayi (Sofres) te bay sou rechèch li te fè sou 20 maryaj kote youn nan konjwen yo se yon Temwen Jewova. Rapò a fè konnen, se sèlman youn nan maryaj sa yo ki te gen gwo pwoblèm akoz youn nan konjwen yo te vin yon Temwen Jewova.

 Jezi te fè konnen moun ki obeyi sa l di yo t ap gen pwoblèm nan fanmi yo pafwa (Matye 10:32-36). Gen yon istoryen ki rele Will Durant ki fè konnen nan epòk Anpi Women an, “yo te konn di Kretyen yo se moun ki kraze fanmi” a, e se menm bagay la yo di sou Temwen Jewova yo tou jodi a. Men, èske sa vle di Temwen yo lakòz moun gen pwoblèm nan fanmi yo vre?

Cour européenne des droits de l’homme.

 Cour européenne des droits de l’homme nan t ap pran desizyon sou akizasyon yo te lage sou do Temwen Jewova yo, kòmkwa Temwen yo se moun ki kraze fanmi, tribinal sa a te fè konnen souvan se moun nan fanmi an ki pa Temwen Jewova ki lakòz pwoblèm nan. Rezon an se paske moun ki pa Temwen an refize “aksepte relijyon manm fanmi yo a genyen epi li refize respekte dwa moun sa a genyen pou l chwazi relijyon l vle e viv selon sa l kwè a”. Men sa tribinal la te ajoute: “Nou jwenn sitiyasyon sa a nan tout fanmi kote moun yo pa nan menm relijyon, e se konsa sa ye tou nan fanmi kote youn nan moun yo se yon Temwen Jewova” b. Menm lè gen moun ki pa respekte Temwen Jewova yo akoz relijyon yo, Temwen yo fè efò pou yo suiv konsèy Bib la bay ki di: “Pa rann pèsonn mal pou mal. [...] Si posib, depi sa depann de nou, se pou nou anpè ak tout moun.” — Women 12:17, 18.

Poukisa Temwen Jewova yo kwè yo dwe marye sèlman ak moun ki nan menm relijyon ak yo?

 Nou suiv enstriksyon Bib la bay pou nou marye ‘sèlman ak moun ki nan Seyè a’, sa vle di pou n marye ak yon moun ki nan menm relijyon avè n (1 Korentyen 7:39). Lòd sa a soti nan Bib la e lè n obeyi lòd sa a, sa bay bon rezilta. Pa egzanp, gen yon atik ki te parèt an 2010 nan yon jounal ki te fè konnen lè “de moun marye e yo nan menm relijyon, e yo kwè nan menm bagay”, li pi fasil pou yo gen yon pi bon relasyon youn ak lòt c.

 Sepandan, Temwen Jewova yo pa ankouraje Temwen parèy yo pou yo separe ak mari yo oswa madanm yo si yo pa Temwen. Men sa Bib la di: “Si yon frè gen madanm li ki pa kwayan, e madanm nan dakò rete ak li, li pa dwe kite l. E si yon madanm gen mari l ki pa kwayan, e mari a dakò rete ak li, li pa dwe kite mari a.” (1 Korentyen 7:12, 13). Se lòd sa a Temwen Jewova yo ap suiv.

a Gade Caesar and Christ, paj 647.

b Gade jijman yo te pran nan ka Jehovah’s Witnesses of Moscow and Others v. Russia, paj 26-27, paragraf 111.

c Gade Journal of Marriage and Family, Volim 72, Nimewo 4, (out 2010), paj 963.