Pwovèb 31​:​1-31

  • Kiyès ki ka jwenn yon bon madanm? (10)

  • Li travay di (17)

  • Li pale ak bonte (26)

  • Pitit li ak mari l fè lwanj pou li (28)

  • Bote yon fi ka pa dire (30)

31  Men pawòl wa Lemwèl, yon mesaj enpòtan manman l te ba li pou ba l fòmasyon+:   Ki sa pou m di w, pitit gason m?Di m non, pitit gason m ki sot nan vant mwen an?Ki sa pou m di w, pitit gason m, ou menm mwen te fè ve pou ou a+?   Pinga w gaspiye fòs ou nan fi+!E pinga w al nan wout ki fè anpil wa peri a+!   O Lemwèl, men sa yon wa pa dwe fè:Yon wa pa dwe nan bwè diven,E chèf yo pa dwe di: “Kote bweson m nan+?”   Yon fason pou yo pa bwè e pou yo pa bliye sa lalwa di,Epi pou yo pa pase sou dwa moun ki pi ba yo.   Se moun ki pral mouri pou w bay bwason ki gen alkòl+,E se moun ki nan gwo lapenn* pou w bay diven+.   Se pou yo bwè pou yo ka bliye mizè yo!Se pou yo bliye pwoblèm yo nèt!   Pale pou moun ki pa ka pale yo.Defann dwa tout moun ki pral mouri yo+.   Pale pou yo, epi byen jije yo.Defann dwa* moun ki pi ba yo ak malere yo+. א [Alèf] 10  Kiyès ki ka jwenn yon bon madanm*+?Yon bon madanm gen plis valè pase koray*. ב [Bèt] 11  Mari l fè l konfyans ak tout kè l,E mari l pa manke anyen. ג [Gimèl] 12  Chak jou nan lavi l,Li fè byen pou mari l pou sa l fè pou li, li pa fè l sa ki mal. ד [Dalèt] 13  Li jwenn twal lenn ak twal len,Li renmen travay ak men l+. ה [He] 14  Li menm jan ak bato komèsan yo+,L al chèche manje l byen lwen pot lakay li. ו [Waw] 15  Epitou, li poko jou, li gentan levePou l bay moun lakay li manjeE pou l bay sèvant li yo manje+. ז [Zayin] 16  Li gen nan lide l pou l achte yon tè, li achte l.Grasa travay li*, li fè yon jaden rezen. ח [Hèt] 17  Li prepare l pou l travay di*+,Epi, li travay di ak men l. ט [Tèt] 18  Li wè komès li ap mache,Lanp li toujou ret limen lannuit. י [Yòd] 19  Li kenbe bwa yo konn woule fil la ak men lE li pran bobin fil la ak men l*+. כ [Kaf] 20  Li lonje men bay moun ki nan nesesite yo,E li donan ak moun ki malere yo+. ל [Lamèd] 21  Li pa enkyete pou moun lakay li lè gen gwo fredi,Paske tout moun lakay li gen rad pou yo chofe kò yo*. מ [Mèm] 22  Li fè dra pou l kouvri kabann li.Li fè rad li ak twal len ansanm ak twal lenn vyolèt. נ [Noun] 23  Tout moun konn mari l nan pòtay vil la+,Lè misye chita pami ansyen ki nan peyi a. ס [Samèk] 24  Li fè rad* ak twal len pou l vannE li fè senti pou l bay komèsan yo. ע [Ayin] 25  Li gen anpil kouraj e moun respekte l,Li pa bay tèt li pwoblèm pou sa k pral rive demen*. פ [Pe] 26  Lè l pale, pawòl li montre li gen sajès+,Lè l ap anseye, li pale ak bonte*. צ [Tsade] 27  Li veye sou sa k ap fèt lakay liE li pa parese menm+. ק [Kòf] 28  Pitit li yo kanpe e yo fè lwanj pou li,Mari l kanpe e li fè lwanj pou li tou. ר [Rèch] 29  Gen anpil bon fi*,Men, ou menm, ou pi bon pase yo tout. ש [Chin] 30  Yon fi ka bèl, men sa ka pa gen okenn valè, e bèl li bèl la ka pa dire+.Men, y ap fè lwanj pou fi ki gen lakrentif pou Jewova a+. ת [Taw] 31  Rekonpanse l pou sa l fè*+,E se pou yo fè lwanj pou li nan pòtay vil la pou travay li fè+.

Nòt anba paj

Oswa: “moun nanm yo anmè”.
Oswa: “Plede kòz”.
Oswa: “yon madanm ki kapab”.
Oswa: “Ak sa l rantre”. Lit.: “Ak sa l reyalize ak men l”.
Lit.: “Li mare senti l ak fòs”.
Yo te konn itilize bwa yo konn woule fil la ansanm ak bobin fil la pou yo fè twal.
Lit.: “rad ki double”.
Oswa: “souvètman”.
Oswa: “Li ri jou k ap vini an”.
Oswa: “Li bay enstriksyon ki demontre lanmou; Lwa lanmou ki fidèl la sou lang li”.
Oswa: “anpil fi ki kapab”.
Lit.: “Ba l nan sa li pwodui ak men l”.