Al gade sa k anndan l

Èske Temwen Jewova yo pase men nan Labib pou fè Bib la kore sa y ap anseye yo?

Èske Temwen Jewova yo pase men nan Labib pou fè Bib la kore sa y ap anseye yo?

 Non, nou pa fè sa. Okontrè, lè nou rann nou kont sa nou kwè yo pa mache egzakteman ak sa Labib di, nou chanje kwayans nou.

 Byen lontan anvan nou te kòmanse fè Tradiksyon monn nouvo a nan ane 1950, nou te etidye Labib. Nou te itilize kèlkeswa tradiksyon Labib ki te disponib la, e nou te baze kwayans nou yo sou sa Labib anseye. Ann egzamine kèk nan bagay Temwen Jewova yo te toujou kwè. E gade pou w wè si wi ou non sa yo kwè yo mache ak sa Labib anseye toutbonvre.

  1.   Men sa nou kwè: Bondye pa fè pati yon trinite. Men sa yon atik nan Toudegad Siyon an (anglè) jiyè 1882 fè konnen: ‘Lektè nou yo konnen nou kwè nan Jewova ak Jezi, e nou kwè nan lespri sen an. Nou rejte san pousan ansèyman ki pa baze sou Labib ki fè konnen Jewova ak Jezi ak lespri sen an se twa Dye an yon sèl pèsonn, oswa jan kèk moun fè konn sa, se yon Dye an twa pèsonn.’

      Men sa Bib la di: “Jewova Bondye nou an se yon sèl Jewova.” (Detewonòm 6:4, The Holy Bible, se Robert Young ki fè l). “Pou nou menm, se yon sèl Bondye ki genyen: Se Papa a. Se li ki fè tout bagay, e se pou li nou ye. E, se yon sèl Senyè ki genyen: Se Jezi Kris. Se grasa li tout bagay fèt, e se grasa li nou fèt.” (1 Korentyen 8:6, Bib Kreyòl La). Men sa Jezi li menm te di: “Papa a gen plis pouvwa pase mwen.” — Jan 14:28, Bib la.

  2.   Men sa nou kwè: Pa gen yon dife lanfè pou moun al soufri pou toutan. Gen yon atik ki te parèt nan Toudegad Siyon an (anglè) jen 1882 ki te gen tit: “Sa yon moun jwenn pou peche l se lanmò.” Tit sa a te soti nan Women 6:23 nan tradiksyon Labib ki rele King James Version nan. Men sa atik la te fè konnen: “Se pa ti klè e se pa ti senp fraz sa a te senp! Sa yon ti jan dwòl pou anpil moun di yo aksepte Labib kòm Pawòl Bondye e anmenmtan yo pa sispann kontredi bèl pawòl ki nan vèsè sa a. E yo mache ap fè konnen, Labib anseye sa yon moun jwenn lè l peche se soufrans pou toutan, e yo kwè nan sa.”

      Men sa Bib la di: “Moun ki fè peche a, se li menm k’ap mouri.” (Ezekyèl 18:4, 20, Bib la). Dènye pinisyon moun ki opoze ak Bondye yo pral jwenn “se disparèt y’ap disparèt yo pou tout tan”, se pa soufri yo pral soufri pou toutan. — 2 Tesalonisyen 1:9, Bib la.

  3.   Men sa nou kwè: Gouvènman Bondye a se yon gouvènman ki egziste toutbon, se pa yon santiman nou gen nan kè nou. Men sa yon atik nan Toudegad Siyon an (anglè) desanm 1881 fè konnen konsènan Wayòm Bondye a: ‘Natirèlman, lefètke yo mete gouvènman sa a sou pye, sa pral vle di yo pral dechouke tout lòt gouvènman ki sou tè a.’

      Men sa Bib la di: “Nan reny dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l’ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p’ap janm pase yon lòt li. Men, l’ap kraze tout lòt pèp yo, l’ap detwi yo. Li menm l’ap kanpe la pou tout tan.” — Danyèl 2:44, Bib la.

Èske Temwen Jewova yo konte sou Tradiksyon monn nouvo a pou soutni kwayans yo?

 Non. Nou kontinye sèvi ak anpil tradiksyon Labib nan travay predikasyon n ap fè a. Anfèt, se vre nan pwogram nou genyen pou nou etidye Labib gratis ak moun yo nou konn ba yo Tradiksyon monn nouvo a, men, nou pa gen okenn pwoblèm pou nou etidye Labib ak yon moun ki vle itilize lòt tradiksyon Labib.