Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske relijyon dwe mele nan politik?

Èske relijyon dwe mele nan politik?

 Toupatou nan monn nan, anpil moun ki di y ap suiv Jezi antre byen fon nan politik. Gen lòt ki sipòte yon kandida oubyen yon pati politik pou yo ka fè konnen kwayans yo ak prensip moral pa yo. Epi, byen souvan, politisyen yo sèvi ak pwoblèm moral ak lòt pwoblèm ki gen nan sosyete a pou yo atire moun ki nan relijyon vin pran pozisyon pou yo. Souvan gen chèf relijye ki konn al nan eleksyon pou yo pran pouvwa oubyen chèf relijye sa yo konn chèche fè mete yo nan pòs politik. Nan kèk peyi, gen relijyon ki di yo se kretyen ki konn nan yon pozisyon espesyal, yo rele yo relijyon nasyonal oubyen relijyon Leta.

 Ki sa w panse? Èske disip Jezi yo ta dwe mele nan politik? W ap jwenn repons lan lè w analize egzanp Jezi. Jezi te di: “Mwen ban nou egzanp, yon fason pou nou menm tou, nou fè menm jan mwen fè pou nou an.” ​(Jan 13:15). Ki egzanp Jezi kite pou nou sou fason l te konsidere politik?

Èske Jezi te mele nan politik?

 Non. Jezi pa t janm antre nan zafè politik monn nan.

 Jezi pa t chèche gen pouvwa politik. Lè Satan te ofri l “tout wayòm ki nan monn nan”, li pa t aksepte pran kontwòl gouvènman lèzòm yo (Matye 4:8-10) a. Nan yon lòt okazyon, moun yo te wè Jezi gen bèl kalite ki t ap fè l vin yon bon lidè. Donk, yo te vle pouse l antre nan politik. Men sa Bib la di: “Jezi te konnen yo t apral vin met men sou li pou yo fè l wa, li wete kò l, l al sou mòn nan ankò poukont li.” ​(Jan 6:15). Jezi pa t fè sa foul moun yo te vle l fè a. Olye de sa, li te refize mele nan zafè politik.

 Jezi pa t pran pozisyon nan pwoblèm politik yo. Pa egzanp, nan epòk Jezi a, Juif yo te wè se yon enjistis pou y ap peye gouvènman women an taks, yo te fache. Lè yo t ap eseye fè Jezi pran pozisyon sou kesyon sa a, li pa t antre nan diskisyon sou kesyon politik, kòmsi pou l ap montre peye taks la se yon bagay ki jis. Li te di yo: “Bay Seza sa k pou Seza, men bay Bondye sa k pou Bondye.” ​(Mak 12:13-17). Li pa t pran pozisyon pou okenn pati nan konfli sa a, toutpandan l te montre yo dwe peye taks otorite Women yo, ki te reprezante Seza, te mande a. Li te tou fè yo konprann yon moun pa oblije obeyi gouvènman yo nan tout sa yo mande. Yon moun pa oblije bay Leta sa l dwe Bondye a, sa gen ladan l atachman ak adorasyon. — Matye 4:10; 22:37, 38.

 Jezi te sipòte Wayòm Bondye, yon gouvènman ki nan syèl la (Lik 4:43). Li pa t antre nan politik paske l te konnen se pa gouvènman lèzòm yo, men se sèl Wayòm Bondye a ki pral fè tè a vin jan Bondye te vle l la (Matye 6:10). Li te konprann, se pa gouvènman lèzòm yo Wayòm Bondye a pral itilize, men li t ap vin ranplase yo. — Dànyèl 2:44.

Èske kretyen premye syèk yo te antre nan politik?

 Non. Disip Jezi yo te obeyi kòmandman l te bay pou yo “pa fè pati monn nan”. (Jan 15:19.) Yo te suiv egzanp li, yo pa t mele nan zafè politik monn nan (Jan 17:16; 18:36). Yo pa t antre nan fè politik, men, yo te fè travay Jezi te ba yo lòd pou yo fè a, anpalan de preche ak anseye Wayòm Bondye a. — Matye 28:18-20; Travay 10:42.

 Kretyen premye syèk yo te mete obeyisans yo dwe bay Bondye a nan premye plas nan lavi yo, men yo te konnen yo dwe respekte otorite yo (Travay 5:29; 1 Pyè 2:13, 17). Yo te obeyi lalwa e yo te konn peye taks (Women 13:1, 7). Menm lè yo pa t antre nan politik, yo te pwofite pwoteksyon lalwa ak tout sèvis gouvènman yo te bay. — Travay 25:10, 11; Filipyen 1:7.

Kretyen yo pa antre nan politik nan epòk nou an

 Bib la montre yon fason ki klè ni Jezi ni disip li yo pa t konn antre nan politik. Se pou rezon sa a Temwen Jewova toupatou nan monn nan rete lwen zafè politik paske yo se kretyen. Menm jan ak kretyen premye syèk yo, yo fè travay Jezi te ba yo lòd pou yo fè a, yo preche “bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan”. — Matye 24:14.

a Lè Jezi te refize a, li pa t di Satan pa gen dwa oswa otorite pou l fè l kalite òf sa a. Kèk tan annapre li te rele Satan “chèf monn nan”. — Jan 14:30.