Al gade sa k anndan l

Poukisa Temwen Jewova yo pa mele nan zafè politik?

Poukisa Temwen Jewova yo pa mele nan zafè politik?

 Temwen Jewova yo pa mele nan zafè politik akoz kwayans yo, e sa yo kwè yo chita sou sa Labib anseye. Nou pa soutni yon pati politik, ni nou pa vote pou yon pati politik pran pouvwa a. Nou pa vote pou yon kandida e nou pa chèche gen yon plas nan gouvènman an. Nou pa patisipe nan leve kanpe yo fè kont yon gouvènman. Nou kwè Labib ban nou bonjan rezon pou nou aji konsa:

  •   Nou suiv egzanp Jezi. Jezi te refize aksepte yon pòs politik (Jan 6:15). Li te anseye disip li yo pou yo “pa fè pati monn nan”, e li te montre aklè disip li yo pa dwe mele nan zafè politik. — Jan 17:14, 16; 18:36; Mak 12:13-17.

  •   Nou fidèl anvè Wayòm Bondye a. Men sa Jezi te di konsènan Wayòm sa a: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan sou tout tè a.” (Matye 24:14). Antanke moun ki reprezante Wayòm nan e ki jwenn lòd pou fè konnen Wayòm nan gen pou vini, nou pa mele nan zafè politik kèlkeswa peyi a, san wete peyi n ap viv ladan l lan. — 2 Korentyen 5:20; Efezyen 6:20.

  •   Lefètke nou pa mele nan zafè politik, nou lib pou nou pale konsènan bon nouvèl Wayòm Bondye a ak tout moun, kèlkeswa pwennvi yo genyen sou zafè politik. Nou fè anpil efò pou pawòl nou ak fason nou mennen lavi nou montre nou se moun ki konte sou Wayòm Bondye a pou rezoud tout pwoblèm moun ap fè fas jodi a. — Sòm 56:11.

  •   Etandone nou pa mele nan zafè politik, sa fè nou ini ak tout frè ak sè nou yo k ap viv toupatou sou tè a (Kolosyen 3:14; 1 Pyè 2:17). Sepandan, lòt relijyon yo mele nan zafè politik, sa ki fè gen divizyon nan mitan fidèl li yo. — 1 Korentyen 1:10.

 Nou respekte gouvènman yo. Se vre nou pa mele nan zafè politik, men nou respekte otorite ki nan peyi n ap viv la. Sa mache ak lòd sa a Labib bay: “Se pou tout moun soumèt devan otorite yo.” (Women 13:1). Nou obeyi lwa peyi n ap viv ladan l lan, nou peye taks, e nou suiv lòd gouvènman an bay nan efò l ap fè pou l pran swen sitwayen l yo. Nou pa aji anba anba pou nou jete gouvènman peyi n ap viv lan. Nou suiv konsèy Labib bay pou nou priye “pou wa e pou tout moun ki nan gwo pozisyon”, sitou lè y ap pran desizyon ki ka gen efè sou libète nou genyen pou nou adore Bondye. — 1 Timote 2:1, 2.

 Anplis de sa, nou respekte dwa lòt moun genyen pou yo chwazi mele nan zafè politik. Pa egzanp, nou pa anpeche eleksyon fèt, e nou pa dekouraje moun ki chwazi al vote.

 Èske se premye fwa nou vin ak zafè netralite a? Non. Apot yo te rekonèt otorite gouvènman yo genyen, e kretyen ki t ap viv nan premye syèk la te wè bagay yo menm jan an tou. Men sa liv Bon entansyon pa sifi a (anglè) di: “Se vre premye kretyen yo te konnen yo dwe respekte otorite, men yo pa t kwè yo dwe mele nan zafè politik.” Nan menm sans lan, gen yon lòt liv ki rele Sou chemen sivilizasyon an (anglè) ki fè konnen kretyen ki t ap viv nan premye syèk la “pa t janm aksepte pòs politik”.

 Lefètke nou pa mele nan zafè politik, èske sa vle di nou se yon menas pou peyi n ap viv la? Non. Kèlkeswa peyi n ap viv la, nou se sitwayen ki renmen moun e ki viv anpè ak moun. Donk, pa gen okenn rezon pou otorite yo pè nou. Fè yon ti reflechi sou yon rapò “l’Académie américaine des sciences”, nan peyi Ikrèn, te fè soti nan ane 2001. Nan rapò sa a, yo te pale sou mele nou pa mele nan zafè politik, men sa l te di: “Jodi a, gen kèk moun ki pa vle wè Temwen Jewova yo paske yo pa mele nan zafè politik. Se pou rezon sa a menm yo te jwenn pèsekisyon nan men Nazi yo e nan men gouvènman kominis yo nan tan lontan.” Sepandan, menm lè gouvènman Inyon sovyetik la t ap toupizi Temwen yo, Temwen yo te montre yo se “sitwayen ki pa pase lwa peyi yo anba pye. Yo te bay tout yo menm nan travay tè yo te ba yo travay yo, e yo te travay di nan faktori yo t ap travay yo. Yo pa t yon menas pou kominis yo ditou.” Menm jan an tou jodi a, sa Temwen Jewova yo kwè ak fason yo aji pa reprezante “yon danje pou okenn gouvènman”, jan rapò a te fè konn sa.