Pwovèb 21​:​1-31

  • Jewova dirije kè yon wa kote l vle (1)

  • Fè sa ki dwat pi bon pase sakrifis (3)

  • Tout bagay ap mache byen pou moun ki travay byen an (5)

  • Moun ki pa koute malere yo, yo pap koute l tou (13)

  • Pa gen okenn sajès lakay moun ki kont Jewova yo (30)

21  Kè yon wa tankou sous dlo nan men Jewova+.Li dirije l kote l vle+.   Tout sa moun ap fè parèt bon nan je yo+,Men, se Jewova ki egzamine sa k nan kè yo*+.   Lè yon moun fè sa ki dwat ak sa ki jis,Sa fè Jewova plis plezi pase yon sakrifis+.   Je mechan yo ki gen ògèy ak kè yo ki awoganSe lanp k ap klere chemen yo, e bagay sa yo se peche+.   Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li*+,Men, tout moun ki twò prese ap pòv kanmenm+.   Bagay ki gen anpil valè moun vin genyen nan bay mantiTankou yon bwouya k ap disparèt, e se yon pyèj k ap mennen nan lanmò*+.   Vyolans moun ki mechan yo ap fè ap elimine yo+,Paske yo refize fè sa ki dwat.   Wout moun ki koupab la kwochi,Men, moun ki inosan an aji yon fason ki dwat+.   Pito yon moun rete nan kwen yon do kayPase pou l ret nan menm kay ak yon madanm ki toujou sou kont*+. 10  Se sa ki mal mechan an* anvi+,Li pa gen okenn pitye pou pwochen l+. 11  Lè yo pini yon moun k ap pase moun nan rizib, moun ki pa gen eksperyans lan vin gen plis sajès.Lè yo ede moun ki gen sajès la gen bon konprann, li vin gen konesans*+. 12  Bondye ki gen jistis lakay li ap gade kay mechan yo,Li vide mechan yo atè pou yo mouri+. 13  Nenpòt moun ki bouche zòrèy li pou l pa tande rèl malere yo,Li menm tou, li gen pou l rele, men yo pap reponn li+. 14  Yon kado moun bay an sekrè bese kòlè+,E yon kado moun bay anba anba* kalme gwo kòlè. 15  Moun ki dwat la kontan aji yon fason ki jis+,Men, pou moun k ap pratike sa ki mal la, se yon bagay ki rèd k ap tann yo. 16  Moun ki kite chemen ki fè moun gen bon konprann nanPral repoze ansanm ak moun ki mouri yo+. 17  Moun ki renmen pase bon moman* ap vin pòv+.Moun ki renmen diven ak luil pap vin rich. 18  Mechan an se yon ranson pou moun ki dwat la,E y ap pran moun ki trèt yo nan plas moun ki dwat yo+. 19  Pito yon moun ret nan yon dezèPase pou l rete ak yon madanm ki toujou sou kont* e ki fache fasil+. 20  Se lakay moun ki gen sajès yo jwenn trezò ki gen anpil valè e se la yo jwenn luil+.Men, moun ki sòt la ap gaspiye* sa l genyen+. 21  Moun k ap chèche fè sa ki dwat e k ap chèche lanmou ki fidèlAp vin dwat, e y ap jwenn lavi ak glwa+. 22  Yon moun ki gen sajès kapab travèse miray* vil moun ki vanyanPou l kraze fò moun yo met konfyans ladan l lan+. 23  Moun ki veye bouch li ak lang liMet kò l* lwen pwoblèm+. 24  Yon moun ki grandizè ki pran dwa ki pa pou li e ki awoganSe yon moun ki pa reflechi e ki pa ret nan wòl li+. 25  Sa moun ki parese a anvi anpil la se sa k ap touye l,Paske li refize travay ak men l+. 26  Tout lajounen li anvi tout kalite bagay,Men, moun ki dwat la bay e li pa sere anyen+. 27  Sakrifis mechan yo bay degoutans+.Sa pi rèd toujou lè yo bay li ak move entansyon*. 28  Yon temwen k ap bay manti ap mouri+.Men, moun ki byen koute a ap bay bon temwayaj*. 29  Mechan an fè figi l byen di+,Men, se chemen moun ki dwat la ki pa gen danje*+. 30  Pa gen okenn sajès, ni bon jijman, ni konsèy lakay moun ki kont Jewova+. 31  Yo pare cheval pou jou lagè+,Men, se Jewova k ap fè yon moun chape+.

Nòt anba paj

Oswa: “ki egzamine rezon ki fè yon moun aji”.
Oswa: “e sa fè l jwenn avantaj”.
Se kapab tou: “yon bwouya k ap disparèt pou moun k ap chèche lanmò yo”.
Oswa: “toujou ap tingting li”.
Oswa: “Se sa ki mal nanm moun ki mechan an”.
Oswa: “li konn sa pou l fè”.
Lit.: “yon kado anba anba nan lestomak”.
Oswa: “renmen plezi”.
Oswa: “ki toujou ap tingting li”.
Lit.: “vale”.
Oswa: “kapab pot laviktwa sou”.
Oswa: “nanm li”.
Oswa: “ak konduit ki fè moun wont”.
Lit.: “ap pale nètale”.
Oswa: “se moun ki dwat la ki fè chemen l pa gen danje”.