Lik 11​:​1-54

  • Fason pou nou priye (1-13)

    • Modèl priyè a (2-4)

  • Se grasa lespri sen Jezi chase demon (14-23)

  • Lè movèzespri a retounen (24-26)

  • Vrè kè kontan an (27, 28)

  • Siy Jonas la (29-32)

  • Lanp kò a (33-36)

  • Malè pou chèf relijye ipokrit yo (37-54)

11  Twouve, li te yon kote li t ap priye. Lè l fini, gen youn nan disip li yo ki di l: “Seyè, montre nou ki jan pou nou priye, tankou Jan te montre disip li yo fè sa.”  Lè sa a, li di yo: “Lè n ap priye, men sa pou nou di: ‘Papa, se pou non w vin sen*+. Se pou Wayòm ou an vini+.  Chak jou, ban nou pen nou bezwen pou jounen an+.  Padone peche nou+, paske nou menm tou nou padone moun ki peche kont nou*+. Epi, pa kite nou tonbe anba tantasyon+.’”  Apre sa, li di yo: “Sipoze youn nan nou ta gen yon zanmi e li ta al kot zanmi sa a a minui pou l di l: ‘Zanmi m, prete m twa pen,  paske mwen gen yon zanmi ki sot nan vwayaj ki fèk rive lakay la e mwen pa gen anyen pou m ba li.’  Ann sipoze etan zanmi sa a ta anndan lakay li, li reponn: ‘Kite m trankil. Pòt la fèmen deja, e timoun mwen yo nan kabann avè m. Mwen pap ka leve ba w anyen la a.’  M ap di nou sa: Menmsi li pap leve pou l ba l yon bagay paske li se zanmi l, men l ap leve san mank pou l ba li nenpòt sa l bezwen an paske zanmi sa a kole nan kò l+.  Se sa k fè, m ap di nou sa: Kontinye mande+, y ap ban nou. Kontinye chèche, n ap jwenn. Kontinye frape, y ap ouvri pou nou+. 10  Paske tout moun ki mande ap resevwa+, tout moun ki chèche ap jwenn, e tout moun ki frape, y ap ouvri pou yo. 11  An reyalite, ki papa pami nou la a si pitit li ta mande l yon pwason, t ap lonje yon koulèv ba li olye l ba l yon pwason+? 12  Oubyen, si l ta mande l yon ze, ki t ap lonje yon eskòpyon ba li? 13  Kidonk, si nou menm, aktout nou se pechè*, nou konnen pou nou bay pitit nou sa k bon, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la ap bay moun lespri sen si yo mande l li+!” 14  Nan pita, li te chase yon demon ki te sou yon mesye e ki te fè l bèbè+. Apre demon an fin soti, mesye ki te bèbè a pale, epi foul moun yo te sezi+. 15  Men, gen kèk moun nan mitan yo ki di: “Se grasa Beyèlzeboub*, chèf demon yo, ki fè l ka chase demon+.” 16  Epi, gen lòt moun ki te kòmanse mande l pou l fè yo wè yon siy+ ki sot nan syèl la pou yo ka teste l. 17  Piske li te konnen sa k nan panse yo+, li di yo: “Yon wayòm kote moun ki ladan l yo ap goumen youn ak lòt ap kraze, e yon kay kote moun ki ladan l yo ap goumen youn ak lòt ap kraze. 18  Menm jan an tou, si Satan tou ap goumen ak pwòp tèt li, ki jan wayòm li an ap fè ret kanpe? Paske nou di se Beyèlzeboub ki ban m pouvwa pou m chase demon. 19  Si se grasa Beyèlzeboub mwen chase demon, grasa kiyès disip nou yo chase yo? Se sa k fè se yo menm ankò k ap jije nou. 20  Men, si se grasa lespri sen Bondye*+ mwen chase demon, Wayòm Bondye a rive sou nou toutbon+. 21  Lè yon gason vanyan ki byen ame ap veye kay li, tout byen l an sekirite. 22  Men, lè yon moun ki gen plis fòs pase l atake l e moun sa a venk li, l ap pran tout zam li te genyen li te met konfyans li nan yo a, epi l ap separe bagay li pran nan men l yo bay lòt moun. 23  Nenpòt moun ki pa avè m kont mwen, e nenpòt moun ki pap ede m rasanble moun, se gaye l ap gaye yo+. 24  “Lè yon movèzespri soti sou yon moun, li pase nan yon seri zòn ki sèch, l ap chèche yon kote pou l rete. Si l pa jwenn, l ap di: ‘M ap tounen lakay mwen kote m te soti a+.’ 25  Lè l rive, li jwenn kote a byen bale, byen dekore. 26  Lè sa a, l al chèche sèt lòt espri ki pi mechan pase l met avè l, e lè yo fin antre nan moun nan, yo abite la. E moun sa a vin nan yon eta ki pi mal pase jan l te ye anvan an.” 27  Twouve, pandan l ap di bagay sa yo, gen yon dam nan foul la ki di l byen fò: “Byennere fi ki te pote w nan vant li e ki te ba w tete a+!” 28  Men, Jezi di: “Now! Pito w di: Byennere moun ki tande pawòl Bondye e ki pratike l+!” 29  Pandan foul moun yo t ap rasanble, li kòmanse di yo: “Jenerasyon sa a se yon jenerasyon ki mechan. L ap chèche yon siy, men, sèl siy y ap ba li se siy Jonas la+. 30  Paske, menm jan Jonas+ te vin yon siy pou moun Niniv yo, se konsa Pitit lòm nan ap vin yon siy pou jenerasyon sa a. 31  Rèn ki te soti nan sid la+ ap leve lè jijman an ansanm ak moun nan jenerasyon sa a e l ap kondane moun sa yo, paske li te soti nan dènye bout tè a pou l vin tande pawòl sajès Salomon t ap di yo. Men, gade! gen yon moun la a ki pi enpòtan pase Salomon+. 32  Moun Niniv yo ap leve lè jijman an ansanm ak jenerasyon sa a e y ap kondane l, paske lè Jonas te preche yo a, yo te repanti+. Men, gade! gen yon moun la a ki pi enpòtan pase Jonas. 33  Lè yon moun fin limen yon lanp, li pap mete l yon kote ki kache, ni anba yon pànye*. L ap mete l sou yon etajè pito+, pou moun k ap antre nan kay la ka wè limyè a. 34  Se je w ki lanp kò w. Si je w fikse sou yon sèl bagay*, tout kò w ap klere* tou. Men, si je w ap gade toupatou e li chaje ak tanta*, kò w ap nan fènwa tou+. 35  Donk, veye pou limyè ki nan ou a pa fènwa. 36  Kidonk, si tout kò w klere, san l pa gen okenn fènwa ditou, l ap klere menm jan ak yon lanp k ap ba w limyè.” 37  Lè Jezi fin di sa, gen yon Farizyen ki envite l manje avè l. Konsa, l al kay Farizyen an e li chita sou tab. 38  Men, Farizyen an sezi lè l wè li pa lave men* l anvan l manje+. 39  Lè sa a, Seyè a di l: “Nou menm Farizyen, nou tankou gode ak asyèt yo netwaye pa deyò, men, anndan nou, nou chaje ak tanta ansanm ak mechanste+. 40  Bann moun derezonab! Sila a ki fè deyò a se li ki fè anndan an tou, pa vre? 41  Sepandan, se pou kè nou pouse nou fè bon bagay pou moun ki pòv yo. Si nou fè sa, tout bagay yo ap vin pwòp pou nou. 42  Men, malè pou nou, Farizyen, paske n ap bay yon dizyèm nan mant, nan ri* ak nan tout kalite epis*+, men nou pase sou jistis ak lanmou pou Bondye! Se bagay sa yo nou te dwe fè, san nou pa bliye lòt bagay yo+. 43  Malè pou nou, Farizyen, paske nou renmen plas devan* nan sinagòg yo e nou renmen pou moun salye nou sou plas piblik* yo+! 44  Malè pou nou, paske nou tankou tonm sa yo* ki pa parèt aklè*+, konsa moun mache sou yo san yo pa konnen!” 45  Gen youn nan moun ki konn Lalwa byen yo ki reponn li: “Anseyan, lè w di bagay sa yo, ou manke nou dega tou.” 46  Lè sa a li di: “Malè pou nou tou, nou menm ki konn Lalwa byen, paske nou chaje moun yo ak chay ki twò lou pou yo pote, men nou menm, nou pa touche l menm ak yon dwèt nou+! 47  “Malè pou nou, paske nou bati tonm pou pwofèt yo, tandiske se zansèt nou yo ki te touye yo+! 48  Se sèten, nou byen konnen zak zansèt nou yo te fè, epoutan nou dakò avèk yo, paske, yo te touye pwofèt yo+, men nou menm, nou bati tonm pou yo. 49  Se poutèt sa, Bondye te di nan sajès li: ‘M ap voye pwofèt ak apot kote yo, y ap touye kèk ladan yo e y ap pèsekite kèk lòt. 50  Se sa k fè, se jenerasyon sa a k ap peye pou* san tout pwofèt ki te koule depi lè monn nan te fonde*+, 51  kòmanse sou san Abèl+ rive sou san Zakari yo te touye ant lotèl la ak tanp lan+.’ Wi, m ap di nou sa: Se jenerasyon sa a k ap peye pou yo*. 52  “Malè pou nou, nou menm ki konn Lalwa byen, paske nou retire kle k ap ouvri pòt konesans lan. Nou menm nou pa antre ladan l, e moun k ap antre yo, nou anpeche yo antre+!” 53  Lè l kite kote l te ye a, espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo kòmanse fè gwo presyon sou li e yo tonbe poze l yon bann kesyon sou yon pakèt lòt bagay. 54  Yo te pare ap tann li, yo t ap veye chak pawòl ki sot nan bouch li+.

Nòt anba paj

Oswa: “se pou tout moun rekonèt non w sakre; se pou tout moun respekte non w antanke yon non ki sen”.
Lit.: “padone moun ki dwe nou”.
Lit.: “aktout nou se mechan”.
Se yon non yo bay Satan.
Lit.: “grasa dwèt Bondye”.
Oswa: “ni anba pànye ki sèvi kòm mezi”.
Oswa: “Si je w wè klè”. Lit.: “Si je w senp”.
Oswa: “ap plen limyè”.
Lit.: “si je w pa bon; si je w mechan”.
Se pa t lave men paske men l sal, men se te lave men dapre tradisyon Juif yo te genyen.
Se yon plant yo te konn itilize pou fè remèd e pou bay manje gou.
Oswa: “ak nan tout lòt kalite plant”.
Oswa: “salye nou nan mache”.
Oswa: “nou renmen pi bon plas”.
Oswa: “nou tankou tonm sa yo ki fè sonje moun ki mouri yo”.
Oswa: “ki pa gen anyen make sou yo”.
Oswa: “se jenerasyon sa a y ap mande”.
Ekspresyon sa a gen rapò ak pitit Adan ak Èv yo.
Oswa: “Se jenerasyon sa a y ap mande yo”.