Lik 12​:​1-59

  • Ledven Farizyen yo (1-3)

  • Pito nou pè Bondye pase nou pè lèzòm (4-7)

  • Moun ki deklare li konnen Kris (8-12)

  • Egzanp yon mesye rich ki sòt (13-21)

  • Sispann bay tèt nou pwoblèm (22-34)

    • Ti twoupo a (32)

  • Ret je klè (35-40)

  • Entandan fidèl la ak yon entandan ki pa fidèl (41-48)

  • Se pa lapè Jezi vin mete, men se divizyon (49-53)

  • Nou bezwen egzamine tan n ap viv la (54-56)

  • Rezoud pwoblèm nou gen ak lòt moun (57-59)

12  Pandan tan sa a, te gen plizyè milye moun ki te rasanble, e youn te menm kòmanse ap pile lòt. Lè sa a, li kòmanse pale ak disip li yo anvan, li di: “Veye kò nou ak ledven Farizyen yo, ki se ipokrizi+.  Men, pa gen anyen ki byen kache ki pap vin parèt aklè e pa gen anyen ki sekrè moun pap vin konnen+.  Se poutèt sa, tout sa nou di nan fènwa, n ap tande l nan limyè. E sa n ap di nan zòrèy anndan chanm nou, y ap preche tout moun li an piblik.  Anplis de sa, zanmi m yo+, m ap di nou sa: Pa pè moun ki ka touye kò a e ki pa ka fè anyen apre sa+.  Mwen pral montre nou kiyès pou nou pè: Pè Sila a ki ka touye yon moun, e apre sa, ki gen pouvwa pou l jete l nan Jeyèn* nan+. Wi, m ap di nou sa: Se Moun sa a pou nou pè+.  Èske yo pa vann senk tikit pou de pyès monnen ki prèske pa gen valè*? Epoutan, Bondye pa bliye* menm youn ladan yo+.  Men, nou menm, ata branch cheve nan tèt nou li konte+. Se sa k fè nou pa bezwen pè, nou gen plis valè pase anpil tikit+.  “Epi, m ap di nou sa: Tout moun ki deklare devan lèzòm li konnen m+, mwen menm, Pitit lòm nan, m ap deklare devan zanj Bondye yo mwen konnen l tou+.  Men, nenpòt moun ki nye m devan lèzòm, mwen menm tou, m ap nye l devan zanj Bondye yo+. 10  E nenpòt moun ki di yon pawòl kont Pitit lòm nan, y ap padone l. Men, nenpòt moun ki blasfeme kont lespri sen, yo pap padone l+. 11  Lè yo mennen nou devan gwo foul moun ki rasanble*, devan fonksyonè nan gouvènman yo ak devan moun ki gen otorite yo, pa bay tèt nou pwoblèm sou jan pou nou pale oswa sou sa nou pral di pou nou defann tèt nou+. 12  Paske, nan moman sa a menm, lespri sen ap fè nou konnen sa pou nou di+.” 13  Lè sa a, gen yon moun nan foul la ki di l: “Anseyan, di frè m nan pou l ban m pa m nan eritaj mwen gen avè l la.” 14  Li reponn li: “Zanmi, kiyès ki mete m jij nou oswa kiyès ki mete m kòm abit nou?” 15  Apre sa, li di moun yo: “Rete je ouvè, epi evite tout kalite tanta*+. Paske, menm lè yon moun ap viv nan abondans, lavi l pa depann de bagay li posede yo+.” 16  Epi, li ba yo yon egzanp, li di yo: “Te gen yon mesye rich ki te gen tè ki te bay bon rannman. 17  Konsa, misye kòmanse ap reflechi, li di: ‘Ki sa m pral fè kounye a, paske mwen pa gen kote pou m met rekòt mwen yo?’ 18  Apre sa, li di: ‘Men sa m ap fè+: M ap kraze depo m yo, m ap bati depo ki pi gwo, epi m ap mete tout manje angren m yo ak tout sa m genyen yo ladan yo. 19  Apre sa, m ap di tèt mwen*: “Ou* gen anpil bon bagay la a nan depo pou anpil ane. Pran lèz kò w, manje, bwè, epi pran plezi w.”’ 20  Men, Bondye di li: ‘Egare! Aswè a menm y ap mande w vi w*. Bon, bagay ou sere yo, pou kiyès y ap ye+?’ 21  Se konsa sa ye pou moun k ap sere trezò pou tèt li, men ki pa rich nan je Bondye+.” 22  Apre sa, li di disip li yo: “Se poutèt sa, m ap di nou sa: Sispann bay tèt nou pwoblèm pou vi* nou pou n ap mande ki sa n ap manje, oubyen pou kò nou pou n ap mande ki sa n ap met sou nou+. 23  Paske lavi* gen plis valè pase manje e kò a gen plis valè pase rad. 24  Gade kaw yo byen. Yo pa ni simen ni rekòlte, e yo pa gen depo manje. Men, Bondye ba yo manje+. Èske nou pa gen plis valè pase zwazo+? 25  Kiyès nan nou, lefètke l ap bay tèt li pwoblèm, ki ka met yon yota* sou longè lavi l? 26  Kidonk, si nou pa ka fè yon ti bagay piti konsa, poukisa n ap enkyete nou pou lòt bagay yo+? 27  Suiv byen jan flè yo pouse. Yo pa ni travay di, ni koud rad. Poutan, m ap di nou sa: Menm Salomon, nan tout glwa li, pa t konn abiye tankou youn nan yo+. 28  Ebyen, si Bondye abiye plant ki nan savann, ki la jodi a e demen yo pral lage yo nan fou, alewè pou l pa ta abiye nou! Ki jan nou fè manke lafwa konsa? 29  Se poutèt sa, sispann enkyete nou pou n ap mande ki sa n ap manje e ki sa n ap bwè, epi sispann bay tèt nou pwoblèm+. 30  Paske, se dèyè tout bagay sa yo moun nan monn nan ap kouri ak tout fòs, men Papa nou konnen nou bezwen bagay sa yo+. 31  Okontrè, kontinye chèche Wayòm li an e l ap ajoute bagay sa yo pou nou+. 32  “Nou pa bezwen pè, nou menm ti twoupo a+, paske Papa nou twouve li bon pou li ban nou Wayòm nan+. 33  Vann bagay nou genyen yo, bay kado ki montre nou gen mizèrikòd*+. Chèche gen bous ki pap chire, sa vle di chèche gen yon trezò ki pap janm fini nan syèl la+, kote vòlè pa ka pwoche, kote mit pa ka wonyen. 34  Paske, kote trezò nou ye, se la kè n ap ye tou. 35  “Mare ren nou*+, epi se pou lanp nou ret limen+. 36  Se pou nou tankou esklav k ap tann mèt yo tounen+ sot marye+, konsa, lè l rive e li frape pòt la, yo ka ouvri pou li tousuit. 37  Byennere esklav sa yo, lè mèt yo vini, li jwenn yo ap veye! Anverite m ap di nou sa: Mèt la ap abiye, l ap fè yo chita bò tab la e l ap vin bò kote yo pou l sèvi yo. 38  Si li rive byen ta nan nuit lan* oubyen menm avanjou*, e li jwenn yo ap tann, yo byennere! 39  Gen yon bagay pou nou konnen: Si mèt kay la te konnen a ki lè vòlè a t ap vini, li pa t ap kite l kase kay li+. 40  Ebyen, nou menm tou, montre nou pare, paske se nan yon lè nou pa panse Pitit lòm nan ap vini+.” 41  Apre sa, Pyè di: “Seyè, èske se pou nou sèlman ou bay egzanp sa a oubyen pou tout moun?” 42  Seyè a di: “Kiyès ki vrèman entandan* fidèl ki prevwayan* mèt li met responsab gwoup sèvitè li yo* pou l toujou ba yo kantite pwovizyon yo bezwen nan bon moman+? 43  Esklav sa a byennere si lè mèt li vini, li jwenn se sa l ap fè! 44  Anverite m ap di nou sa: L ap mete l responsab tout byen l yo. 45  Men, si esklav sa a ta di nan kè l: ‘Mèt mwen ap fè reta’, epi li kòmanse ap bat sèvitè yo ak sèvant yo, li manje, li bwè, epi li vin sou+, 46  mèt esklav sa a ap vini yon jou li pa atann, nan yon lè li pa konnen, l ap ba l yon pinisyon ki rèd anpil e l ap mete l menm kote ak moun ki pa fidèl yo. 47  Donk, esklav sa a ki konprann sa mèt li vle, men ki pa pare oswa ki pa fè sa l mande a*, y ap ba l anpil baton+. 48  Men, yon esklav ki pa konprann e ki fè yon seri bagay ki merite baton, yo pap bat li anpil. Wi, yon moun yo bay anpil, y ap egzije l anpil. Yon moun yo te bay anpil responsablite, y ap egzije l plis pase sa yo abitye egzije a+. 49  “Mwen vin limen yon dife sou latè. E si l deja limen, sa m bezwen ankò? 50  Wi, mwen gen yon batèm pou m resevwa, e se pa ti boulvès m ap genyen pou jiskaske mwen fin resevwa l+! 51  Èske nou panse se lapè mwen vin met sou latè? Non! M ap di nou sa: Se pa lapè mwen vin mete, men se divizyon+. 52  Depi kounye a, senk moun k ap viv nan yon kay ap divize, twa kont de, de kont twa. 53  Papa ap kont pitit gason, pitit gason ap kont papa, manman ap kont pitit fi, pitit fi ap kont manman, bèlmè ap kont bèlfi, bèlfi ap kont bèlmè+.” 54  Apre sa, li di foul moun yo tou: “Lè nou wè yon nyaj parèt nan lwès, tousuit nou di: ‘Li pral fè yon gwo lapli ak gwo van’, e sa fèt vre. 55  E lè nou wè van ap soufle sot nan sid, nou di: ‘Li pral fè yon sèl chalè’, e se sa k pase vre. 56  Bann ipokrit! Nou konn egzamine jan tè a ak syèl la ye, men kòman fè nou pa konn ki jan pou n egzamine tan sa a n ap viv la a+? 57  Poukisa nou menm tou, nou pa egzamine pou nou wè ki sa ki jis? 58  Pa egzanp, lè w pral jije devan yon chèf ak yon advèsè, pandan w sou wout, bat pou w wè si w a rezoud pwoblèm nan avè l, pou l pa trennen w devan jij la, pou jij la pa remèt ou bay gad yo e pou gad yo pa lage w nan prizon+. 59  M ap di w sa: Ou pap sot la toutotan w pa fin peye tout kòb la*.”

Nòt anba paj

Lit.: “pou de asaryon”. Gade Apendis B14.
Oswa: “neglije”.
Oswa: “devan sinagòg yo”.
Oswa: “anbisyon”.
Oswa: “m ap di nanm mwen”.
Oswa: “Nanm mwen, ou”.
Oswa: “y ap mande w nanm ou”.
Oswa: “pou nanm”.
Oswa: “nanm nan”.
Lit.: “koude”. Gade Apendis B14.
Oswa: “bay moun ki pòv”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Sa vle di prepare nou pou nou aji.
Lit.: “menm nan twazyèm vèy la”. Soti minui pou rive vè twazè dimaten.
Lit.: “rive nan dezyèm vèy la”. Soti vè nevè diswa pou rive minui.
Oswa: “ki vrèman moun k ap jere yon kay ki”.
Oswa: “ki gen sajès”.
Oswa: “gwoup sèvitè ki nan kay li”.
Oswa: “ki pa aji ann akò ak volonte l”.
Lit.: “fin peye dènye lepton an”. Gade Apendis B14.