Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Predikasyon nan Semerang, zile Java (ozanviwon 1937).

ENDONEZI

“Se la m vle kòmanse!”

“Se la m vle kòmanse!”

Alexander MacGillivray, sèvitè filyal Ostrali a, t ap reflechi anpil toutpandan l t ap fè wonn biwo l la. Pandan plizyè jou, li te gen yon pwoblèm k ap trakase lespri l e l te resi jwenn yon solisyon. Kounye a, li bezwen pale ak Frank Rice.

Frank, yon kòlpòtè (pyonye) zele ki gen 28 an, te gen kèk semèn depi l rive nan biwo filyal la. Li te aprann laverite lè l te adolesan e l te kòmanse sèvi kòm kòlpòtè tousuit apre sa. Li te pase plis pase dizan ap preche toupatou nan peyi Ostrali e l te konn itilize cheval, bisiklèt, motosiklèt ak machin ki tou yon ti kay kòm mwayen transpò. Apre Frank te fin pase yon ti tan nan Betèl la, kounye a, li te pare pou l kòmanse preche nan yon nouvo tèritwa.

Apre frè MacGillivray fin fè Frank antre nan biwo l la, li lonje dwèt li sou yon kat zile ki nan nò peyi Ostrali yo. Li di: “Frank, ki kote w ta renmen kòmanse travay predikasyon an nan zòn sa a? Pa menm gen yon sèl frè nan tout zile sa yo!”

Je Frank te ret konsantre sou yon gwoup zile nan oseyan Endyen an k ap briye tankou pèl, anpalan de End oryantal Neyèlandè yo (kounye a yo rele Endonezi) *. Gen plizyè milyon moun k ap viv sou zile sa yo ki potko tande bon nouvèl Wayòm Bondye a. Frank te lonje dwèt li sou kapital la ki te rele Batavya (kounye a, yo rele Jakata), epi l di: “Se la m vle kòmanse!”

Predikasyon nan Java

An 1931, Frank te rive nan Jakata, yon gwo vil sou zile Java ki gen anpil aktivite. Li te lwe yon chanm prèske nan kè vil la e l te plen l ak bwat piblikasyon biblik, yon bagay ki te fè dam ki lwe l chanm nan sezi.

Frank Rice ak Clem Deschamp nan Jakata.

Men sa Frank sonje: “Okòmansman, m pa t santi m nan po m e m te sonje peyi m. Moun yo te konn abiye ak mayo blan e yo te konn met kas alòske m te konn met yon seri rad ostralyen ki byen lou. M pa t konn okenn mo neyèlandè ni yon mo endonezyen. Apre m te fin priye Jewova pou m mande l direksyon, m te di tèt mwen dwe gen moun nan katye biznis yo ki pale anglè. Se la m te kòmanse preche e se pa ti bon rezilta m te jwenn nan tèritwa sa a!”

Etandone pifò moun nan Jakata te pale neyèlandè, Frank te etidye anpil pou l te ka pale lang nan e san pèdi tan li te kòmanse preche kay an kay. Li te deside aprann lang endonezyen an tou e tikras pa tikras li te vin konnen l. Men sa Frank fè konnen: “Pwoblèm nan sèke m pa t gen okenn piblikasyon nan lang endonezyen. Men, Jewova te dirije m kot yon endonezyen ki te pwofesè lekòl e ki te vin enterese nan laverite. Li te dakò tradui ti liv Ki kote mò yo ye? a. Nou te vin tradui plis ti liv toujou e byen vit, anpil moun ki pale endonezyen te vin enterese nan laverite.”

Nan mwa novanm 1931, gen de lòt pyonye, ki sot ann Ostrali, ki te rive Jakata: se te Clem Deschamp, ki te gen 25 an, ak Bill Hunter ki te gen 19 an. Clem ak Bill te vin ak yon machin ki tou yon ti kay e se youn nan premye machin konsa ki te rive ann Endonezi. Apre yo fin aprann kèk fraz neyèlandè, yo te fè yon kanpay predikasyon kote yo te preche nan tout gwo vil ki nan Java yo.

Anba adwat: Charles Harris te konn bay temwayaj grasa yon bisiklèt ak yon machin ki tou yon ti kay.

Charles Harris se yon lòt pyonye ostralyen zele ki te fè menm jan ak Clem ak Bill. Apati ane 1935, Charles te itilize yon machin ki tou yon ti kay ak yon bisiklèt pou l preche prèske nan tout Java e l te bay piblikasyon nan senk lang: Arab, chinwa, neyèlandè, anglè ak endonezyen. Gen kèk ane kote l te bay anviwon 17 000 piblikasyon.

Kantite piblikasyon Charles te plase yo te atire atansyon anpil moun. Gen yon fonksyonè nan Jakata ki te mande Clem Deschamp: “Konbyen moun k ap travay avè w nan Java delès?”

Frè Deschamp te reponn: “Yon sèl.”

Fonksyonè a te di: “M pa kwè w panse m ap kwè sa w di a! Ou dwe gen yon lame moun k ap travay lòtbò a e tout kantite piblikasyon nou distribye toupatou yo montre sa!”

Premye pyonye sa yo te kontinye travay yon fason pou yo rive preche plis moun posib. Men sa Bill Hunter fè konnen: “Nou te preche toupatou nan zile a sot nan yon bout al nan lòt bout la e se raman nou te pale ak yon moun de fwa.” Tout kote yo te pase, yo te simen yon pakèt kantite semans espirityèl ki te vin bay yon gwo rekòt pi devan. — Ekl. 11:6; 1 Kor. 3:6.

Moun nan Soumatra yo tande bon nouvèl la

Bò ane 1936 yo, pyonye ki te sou zile Java yo te pale sou fason yo ka rive gaye bon nouvèl la nan Soumatra, ki se sizyèm pi gwo zile nan monn nan. Zile sa a chaje ak pant mòn, li gen anpil gwo vil ak jaden ki chaje marekaj e l gen forè twopikal.

Piske pyonye yo te dakò voye Frank Rice sou zile a, yo te met ti kòb yo te genyen yo ansanm pou yo peye vwayaj la pou li. Yon ti tan annapre, Frank te debake nan vil Medan ki nan Soumatra dinò ak de valiz predikasyon, 40 bwat piblikasyon ak yon ti kòb nan pòch li. Frank te yon moun ki gen anpil lafwa. Li te kòmanse travay san pèdi tan e l te gen konfyans Jewova t ap fè l jwenn sa l bezwen pou l kontinye asiyasyon l. — Mat. 6:33.

Pandan dènye semèn Frank te fè ap preche nan vil Medan an, li te rankontre yon neyèlandè ki trè amikal e ki te envite l bwè yon ti kafe. Frank te di mesye a li bezwen yon machin pou l preche bon nouvèl la sou tout zile a. Mesye a te lonje dwèt li sou yon machin ki anpàn nan jaden l lan, epi l di: “Si w ka ranje l, m ap ba w li pou 100 floren *.”

Frank te reponn: “M pa gen 100 floren.”

Mesye te gade Frank dwat nan je epi l di l: “Èske w vle preche nan tout Soumatra toutbon?”

Frank te reponn: “Wi.”

Mesye a te di l: “Ebyen, ou mèt pran machin nan si w ka ranje l, e si w jwenn kòb la, w a peye m apre.”

Frank te kòmanse travay nan machin nan e sa pa t pran tan pou machin nan kòmanse mache byen. Men sa Frank te ekri annapre: “Ak yon machin ki chaje piblikasyon, yon tank foul gaz ansanm ak yon kè ranpli lafwa, m t al preche moun Soumatra yo.”

Henry Cockman ak Jean e Clem Deschamp nan Soumatra, an 1940.

Ennan annapre, Frank te retounen Jakata apre l fin preche sou tout zile a sot nan yon bout al nan lòt bout la. Detan l Jakata, li te vann machin nan pou 100 floren epi l voye lajan an pa lapòs bay neyèlandè a nan vil Medan.

Kèk semèn annapre, Frank te resevwa yon lèt ki soti Ostrali ki fè l konnen li gen yon nouvo asiyasyon antanke pyonye. San pèdi tan, li te ranje valiz li e l te pati al kòmanse travay predikasyon an nan Endochin (kounye a ki se Kanbòj, Lawos ak Vyetnam).

^ § 4 Anviwon 300 an anvan sa, Neyèlandè yo te debake sou zile sa yo e yo te tabli yon anpi kolonyal ki te baze sou komès epis la, yon komès ki te bay anpil lajan. Pandan tout istwa sa a, n ap sèvi ak jan yo rele zòn yo kounye a.

^ § 3 Li vo anviwon 1 100 dola (ameriken) jodi a.