Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Tanzani: Pyeton yo montre yo enterese nan charyo piblikasyon ki nan vil Dar es Salaam yo.

KÈK PWEN ENTERESAN NAN ANE KI SOT PASE A

Nou preche moun nou pa jwenn fasil yo

Nou preche moun nou pa jwenn fasil yo

TOUTPANDAN travay prediksyon kay an kay la kontinye rete prensipal fason Temwen Jewova yo ap gaye verite ki nan Bib la, yo jwenn anpil bon rezilta nan fason yo sèvi ak bèl tab ak charyo piblikasyon yo lè y ap preche bon nouvèl Wayòm Bondye a (Mat. 24:14). Pwoklamatè Wayòm yo itilize stann, tab, ak kyòs pou yo rive preche kote ki gen anpil moun. Mete sou sa, toupatou nan monn nan, kongregasyon yo te resevwa anviwon 250 000 charyo. Ki rezilta sa bay?

Nan vil Dar es Salaam, nan Tanzani, gen prèske 700 moun ki te mande yon etid Labib depi lè pwogram espesyal pou bay temwayaj piblik nan gwo vil yo te kòmanse an 2014. Gen anpil moun ki enterese nan laverite k ap asiste reyinyon yo e k ap pwoche pi pre Bondye. Nan ennan, moun ki soti nan plizyè peyi ann Afrik ak lòt peyi te pran plis pase 250 000 piblikasyon nan charyo yo.

Sou zile Salomon, kote mwens pase 2 000 pwoklamatè ap preche yon gwo tèritwa ki gen plis pase 300 zile, temwayaj piblik nan gwo vil yo vin tounen yon mwayen enpòtan pou n gaye semans verite a. Nan Honiara, kapital la, frè yo te distribye plis pase 104 000 peryodik ak plis pase 23 600 bwochi. Se moun ki soti nan zile ak vilaj izole ki pa gen okenn Temwen ladan yo ki pran pifò nan yo. Nan sèlman yon aprèmidi, frè yo te bay 400 liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? e gen 60 moun ki te mande pou yo vin etidye Labib ak yo lakay yo.

Yon jou maten, byen bonè, Michael ak Linda, de pyonye pèmanan, te enstale yon stann piblikasyon bò yon plaj sou zile Margarita, nan peyi Venezyela. Gen yon mesye ki rele Aníbal ki te pwoche bò stann nan epi l te aksepte liv Sa Labib anseye a. Li te di yo se sou plaj sa a menm papa l te mouri sa gen setan, e depi lè sa a, manman l ap soufri ak depresyon. Semèn ki vin annapre a, Aníbal te retounen e l te di Michael ak Linda se anivèsè lanmò papa l. Li te rale telefòn li, li rele manman l epi l mande Michael pou l di manman l kèk mo ankourajan, e Michael te fè sa. Depi lè sa a, manman an te rele Michael ak Linda plizyè fwa e yo te pale sou kèk vèsè rekonfòtan avè l. Men sa manman Aníbal te ekri nan yon SMS: “Jodi a, m santi m pi byen paske nou ban m rekonfò e n ede m vin gen plis lafwa.”

Yo te òganize temwayaj piblik 127 kote nan 14 gwo vil Ozetazini. Pandan premye sèt mwa nan ane sèvis 2015 lan, frè ak sè yo te kòmanse 8 445 etid biblik! Epitou, fason sa a pou n bay temwayaj la vrèman itil pou ede anpil moun ki te nan laverite anvan sa pou yo retounen vin nan vrè adorasyon an. Pa egzanp, pandan yon mesye ki rele Terry te ret ap gade youn nan prezantwa piblikasyon nou yo nan Los Angeles, Kalifòni, de Temwen ki te bò tab la te mande l si l konn li piblikasyon nou yo deja. Li te fè konnen li se yon Temwen Jewova, men, li gen anviwon katran depi l inaktif. Temwen yo te li Ezekyèl 34:11 e yo te pale sou vèsè a avè l. Men sa Jewova di nan vèsè sa a: “Se mwen menm ki pral chèche mouton m yo e se mwen menm k ap pran swen yo.” Anplis de sa, yo te pale l de sit Entènèt nou an ak Tele JW a. Nan demen, Terry te voye yon imel bay frè a pou fè l konnen jis yon ti tan anvan l te wè tab pou bay temwayaj la, li t ap sipliye Bondye pou l padone l lefètke l te neglije reyinyon kongregasyon an. Anplis de sa, li te mande èd pou l vin pi pwòch Jewova. Men sa Terry te di: “Nou te salye m ak kè kontan. Nou te li vèsè ankourajan sa a pou mwen e n fè m jwenn enfòmasyon m te bezwen pou m retounen nan òganizasyon Jewova a. Se te repons priyè m nan.”

Nan Adisabeba, nan peyi Etyopi, yo òganize temwayaj piblik espesyal nan kat zòn. Nan twa mwa, frè yo te bay 37 275 piblikasyon e gen 629 moun ki te mande pou Temwen yo vin vizite yo. Gen anpil moun ki te aksepte liv Sa Labib anseye a, e pami yo, gen yon mesye aje ki te kòmanse li liv la menm kote a. Anvan sa, li te suiv yon seminè relijye e l te gen kèk kesyon konsènan Jezi ak Wayòm Bondye a. Se sa k fè, nan demen, li te retounen bò stann piblikasyon an pou l jwenn repons kesyon l yo. Jou apre a, li te aksepte yon etid Labib e nan fen semèn nan, li te asiste reyinyon pou premye fwa. Kounye a, li asiste reyinyon nou yo regilyèman e l ap fè bonjan pwogrè.

Etyopi: Piblikasyon nan lang amarik nan yon charyo nan vil Adisabeba.

Gen yon mesye ki Juif ki te pwoche bò yon stann piblikasyon nan peyi Meksik e l te mande de frè ki te bò stann nan si yo gen yon sijè ki pale sou lanmò. Frè yo te di l yo gentan fin bay peryodik ki pale sou lanmò a, men, yo te ofri l youn ki pale sou lavni. Mesye a te pran men frè ki t ap pale avè l la e l te di l: “Mwen pa enterese ak lavni. Tout sa m vle se touye tèt mwen.” Apre sa, li te kòmanse kriye. Frè yo te mande l poukisa l gen santiman sa a. Toutpandan souf li t ap monte desann, li te reponn: “Mwen fèk sot pèdi pitit gason m nan.” Frè yo te montre l chapit 7 liv Sa Labib anseye a. Yo te li de premye paragraf ki anba soutit “Lè yon moun pa nou mouri” a ansanm ak fen chapit la kote yo esplike espwa ki gen pou moun ki mouri yo. Mesye a te tèlman santi l touche, li te pran men frè ki t ap pale avè l la ankò epi l mande l: “Èske sa ap fèt toutbon?” Frè yo te reba l asirans Jewova ap reyalize pwomès sa a toutbon. Li te mande yo: “Ki sa m dwe fè pou m wè pitit gason m nan ankò?” Frè yo te fè aranjman pou yo vizite mesye a lakay li. Lè yo rive, mesye a te la e l pa t ka tann pou l kòmanse etidye Bib la.

Men sa yon siveyan sikonskripsyon ki te ede frè yo kòmanse ak pwogram temwayaj piblik espesyal la nan Nouyòk, te di: “Se pa ti beni Jewova beni pwogram sa a! Nonsèlman pwogram sa a se yon fason efikas pou n rive preche plizyè dizèn milye moun, men tou, li pèmèt nou antre an kontak ak anpil moun ki inaktif oswa ki eskominye, yon seri ‘mouton ki te pèdi’ men kounye a k ap jwenn èd pou yo retounen nan twoupo a.” — Ezekyèl 34:15, 16.