Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ENDONEZI

Nou vivan paske n te obeyi!

Blasius da Gomes

Nou vivan paske n te obeyi!
  • NESANS: 1963

  • BATÈM: 1995

  • PWOFIL: Yon ansyen ki te demontre lanmou nan fason l pran swen twoupo a pandan yon konfli nan Ambon, yon zòn nan zile Maloukou yo.

JOU ki te 19 janvye 1999 la, gwo tansyon ki te gen ant Mizilman yo ak kretyen yo te lakòz vyolans eklate nan yon distans twa kilomèt parapò ak lakay mwen. Sitiyasyon an te malouk anpil *.

Apre m te fin met fanmi m an sekirite, m te telefone lòt pwoklamatè yo pou m pran nouvèl yo. M te ankouraje yo rete kalm epi evite zòn ki cho yo. Apre sa, ansyen yo te vizite frè ak sè yo pou ede yo pwoche pi pre Jewova epi ankouraje yo reyini an ti gwoup.

Biwo filyal la te ankouraje n fè tout pwoklamatè ki nan zòn ki cho yo demenaje e n te bay anpil fanmi enstriksyon sa a. Gen yon frè ki te refize kite zòn nan e yon foul ame te touye l. Men, tout moun ki te suiv enstriksyon biwo filyal la te sove.

^ § 1 Konfli sa a te ravaje pwovens Maloukou pandan plis pase dezan e plizyè dizèn milye moun te oblije kite kay yo.